4
Alò, finalman, frè m yo, nou mande e ankouraje nou nan Senyè a Jésus, ke menm jan nou te resevwa lenstriksyon nan men nou an, ak jan nou ta dwe Ef 4:1mache pou II Kor 5:9fè Bondye plezi a (menm jan ke vrèman n ap mache a), pou nou kapab fè plis pwogrè toujou. Paske nou konnen ki kòmandman nou te bannou yo pa otorite Senyè a Jésus.
Paske sa se volonte Bondye; pou nou vin sen nèt. Konsa, I Kor 6:18pa fè imoralite seksyèl, ke I Kwo 7:2,9chak nan nou kapab konnen jan pou posede pwòp veso li nan sanktifikasyon ak lonè, pa nan Wo 1:26pasyon lanvi lachè, tankou payen ki Gal 4:8pa konnen Bondye yo; epi pou pèsòn pa transgrese e I Kor 6:8vòlè frè l nan bagay sila, paske Wo 12:19Senyè a se vanjè a nan tout bagay sila yo, jis jan nou te osi di nou deja a, e te avèti nou byen serye a.
Paske Bondye pa t rele nou I Tes 2:3pou fè salte, men nan sanktifikasyon. Donk, sila ki rejte sa a, p ap rejte lòm, men Bondye ki Wo 5:5bannou Lespri Sen Li an.
Alò, jan pou Jn 13:34lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te I Jn 2:27enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman I Tes 1:7nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e Trav 18:3travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab Wo 13:13konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e Ef 4:28pou nou pa manke anyen.
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen Ef 2:12okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, Wo 14:9menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou I Kor 15:52nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska I Tes 2:19vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk Mat 24:31twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi I Kor 15:52nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

4:1 Ef 4:1

4:1 II Kor 5:9

4:3 I Kor 6:18

4:4 I Kwo 7:2,9

4:5 Wo 1:26

4:5 Gal 4:8

4:6 I Kor 6:8

4:6 Wo 12:19

4:7 I Tes 2:3

4:8 Wo 5:5

4:9 Jn 13:34

4:9 I Jn 2:27

4:10 I Tes 1:7

4:11 Trav 18:3

4:12 Wo 13:13

4:12 Ef 4:28

4:13 Ef 2:12

4:14 Wo 14:9

4:15 I Kor 15:52

4:15 I Tes 2:19

4:16 Mat 24:31

4:17 I Kor 15:52