15
Koulye a, mwen fè konnen a nou menm, frè m yo, levanjil Wo 5:2ke mwen te preche a nou an, ke osi nou te resevwa a ladann osi nou kanpe. Pa li menm osi nou ap sove, Wo 11:22si nou kenbe fèm a pawòl ke m te preche a nou an, amwenske nou te kwè anven.
Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te Gal 1:4mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a Sòm 16:8selon Ekriti yo. Epi ke Luc 24:34Li te parèt a Céphas, e answit, a Luc 24:36douz yo. Apre sa, Li te parèt a plis ke senk san frè yon sèl kou, pifò nan yo rete la jiska prezan, malgre kèk nan yo Trav 7:60gen tan mouri. Answit Li te parèt a Jacques, e answit Luc 24:33,36tout apot yo. Epi an dènye, tankou youn pitit ki pa t fèt nan pwòp moman an, Trav 9:3-8Li te parèt a mwen menm tou.
Paske mwen se I Tim 1:15pi piti a pami apot yo, e ki pa menm dign pou rele apot, paske mwen te konn Trav 8:3pèsekite legliz Bondye a.
10 Men, pa Wo 12:3gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te II Kor 11:23travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.
11 Alò, kit se te pa mwen, kit se te pa yo, konsa nou te preche, epi konsa nou tout te kwè.
12 Alò, si Kris la preche, ke Li te leve nan lanmò, kijan kèk pami nou ap di ke Trav 17:32pa gen rezirèksyon mò yo? 13 Si pa gen rezirèksyon pou mò yo, menm Kris la pa t leve. 14 Epi I Tes 4:14si Kris la pa t leve, answit nou ap preche anven, e lafwa nou osi anven. 15 Anplis ke sa, nou menm vin twouve nou kòm fo temwen a Bondye, paske nou te temwaye kont Bondye, ke Li te Trav 2:24leve Kris la, ke Li pa t leve vrèman, si anfèt mò yo pa leve. 16 Paske si mò yo pa leve, menm Kris la pa t leve.
17 Epi si Kris la pa t leve, lafwa nou vin san valè, e Wo 4:25nou toujou nan peche nou yo.
18 Answit sila ki I Kor 15:6mouri nan Kris yo peri.
19 Konsa, si nou te mete espwa nou nan Kris sèlman nan vi sa a, nou pami moun ki pi pitwayab I Kor 4:9ke tout moun.
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon I Kor 15:23premye fwi de sila I Tes 4:16ki mouri yo. 21 Paske si se pa Wo 5:12yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske Wo 5:14-18tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa I Tes 4:16sila ki nan Kris yo lè L vini. 24 Answit va vini lafen, lè Li livre Dan 2:44wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25 Paske fòk li renye Sòm 110:1jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va II Tim 1:10aboli a se lanmò.
27 Paske Sòm 8:6“Li te fè tout bagay soumèt anba pye Li.” Men lè Li di: “Tout bagay soumèt”, li byen klè ke Li menm ki te fè tout bagay soumèt a Li menm nan, pa ladann.
28 Lè tout bagay soumèt a Li menm, answit Fis la, Li menm, osi va vin soumèt a Sila ki te soumèt tout bagay a Li menm nan, pou I Kor 12:6Bondye kapab tout nan tout bagay.
29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo? 30 Poukisa nou menm tou, nou II Kor 11:26an danje a chak moman? 31 Mwen dakò fè nou konnen, frè m yo, pa fyète ke m gen nan nou, ak nan Jésus Kri Senyè nou an, Wo 8:36mwen mouri chak jou.
32 Si se te pou yon motif moun ke m te goumen avèk bèt sovaj chak jou an Éphèse yo, ki pwofi sa t ap ban mwen? Si mò yo pa leve És 22:13“Annou manje ak bwè, paske demen n ap mouri.” 33  I Kor 6:9Pa twonpe tèt nou: “Move zanmi gate bon prensip.” 34 Vin reflechi byen serye jan nou ta dwe fè a, e sispann fè peche; paske kèk nan nou Mat 22:29pa menm gen konesans a Bondye. Mwen pale sa pou fè nou wont.
35 Men yon moun va di: “Kijan Jn 12:24mò yo leve a?” Epi “avèk ki kalite kò yo ap vini?”
36 Moun sòt! Sa ke nou simen pa kapab vin gen lavi amwenske li mouri; 37 Epi sa ke nou simen an, nou pa simen kò a li menm, men yon senp ti grenn, petèt yon ble oubyen yon lòt bagay.
38 Men Bondye bay li yon kò jis jan ke Li te dezire a, e a Gal 1:11chak grenn semans yo yon kò pou kont li. 39 Tout chè pa menm kalite chè. Gen yon chè pou lòm, e yon lòt chè pou bèt, yon lòt chè pou zwazo, e yon lòt pou pwason. 40 Gen osi kò selès ak kò tèrès, men laglwa selès la se youn, e laglwa tèrès la se yon lòt. 41 Gen yon glwa nan solèy la, yon lòt glwa nan lalin lan, e yon lòt nan zetwal yo; paske chak zetwal apa nan glwa li.
42 Menm jan an tou pou rezirèksyon a mò yo. Li simen kòm Wo 8:21yon kò perisab, men li leve kòm yon kò enperisab.
43 Li simen nan dezonè, li leve nan Fil 3:21laglwa. Li simen nan feblès, li leve nan pouvwa.
44 Li simen kòm yon I Kor 2:14kò natirèl; li leve kòm yon kò espirityèl. Si gen yon kò natirèl, anplis gen yon kò espirityèl.
45 Menm jan an osi sa ekri: “Premye Jen 2:7lòm nan, Adam, te devni yon nanm vivan.” Dènye Adam an, Jésus Kris, yon lespri ki bay lavi. 46 Sepandan, sa ki gen lespri a pa vini avan, men sa ki natirèl la, answit sa ki gen lespri a. 47 Premye lòm nan Jn 3:31sòti nan latè. Li se moun tèrès. Dezyèm lòm nan sòti nan syèl la. 48 Jan tè a ye a, se konsa sila ki tèrès yo ye tou; e Fil 3:20menm jan selès la ye a, konsa selès yo ye tou. 49 Jis jan ke nou Jen 5:3pote imaj a tèrès la, konsa osi nou Wo 8:29va pote imaj a selès la. 50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab I Kor 6:9eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 Gade byen, m ap di nou yon I Kor 13:2mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va II Kor 5:2,4chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e I Tes 4:15,17nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e II Kor 5:4mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: És 25:8“Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55  Os 13:14“O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e Wo 3:20pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou Wo 8:37viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk I Kor 16:10bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

15:1 Wo 5:2

15:2 Wo 11:22

15:3 Gal 1:4

15:4 Sòm 16:8

15:5 Luc 24:34

15:5 Luc 24:36

15:6 Trav 7:60

15:7 Luc 24:33,36

15:8 Trav 9:3-8

15:9 I Tim 1:15

15:9 Trav 8:3

15:10 Wo 12:3

15:10 II Kor 11:23

15:12 Trav 17:32

15:14 I Tes 4:14

15:15 Trav 2:24

15:17 Wo 4:25

15:18 I Kor 15:6

15:19 I Kor 4:9

15:20 I Kor 15:23

15:20 I Tes 4:16

15:21 Wo 5:12

15:22 Wo 5:14-18

15:23 I Tes 4:16

15:24 Dan 2:44

15:25 Sòm 110:1

15:26 II Tim 1:10

15:27 Sòm 8:6

15:28 I Kor 12:6

15:30 II Kor 11:26

15:31 Wo 8:36

15:32 És 22:13

15:33 I Kor 6:9

15:34 Mat 22:29

15:35 Jn 12:24

15:38 Gal 1:11

15:42 Wo 8:21

15:43 Fil 3:21

15:44 I Kor 2:14

15:45 Jen 2:7

15:47 Jn 3:31

15:48 Fil 3:20

15:49 Jen 5:3

15:49 Wo 8:29

15:50 I Kor 6:9

15:51 I Kor 13:2

15:51 II Kor 5:2,4

15:52 I Tes 4:15,17

15:53 II Kor 5:4

15:54 És 25:8

15:55 Os 13:14

15:56 Wo 3:20

15:57 Wo 8:37

15:58 I Kor 16:10