16
Yon Sòm David
1 Pwoteje m O Bondye, paske ✡ Sòm 7:1mwen kache
nan Ou.
2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen;
Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.
3 Selon sen sou latè yo, se moun manyifik yo ye,
sou sila mwen pran tout plezi m yo.
4 Doulè a sila ki te fè echanj pou yon lòt dye yo
va vin ogmante;
Mwen p ap vin vide ofrann bwason san pa yo,
ni non yo ✡ Egz 23:13 p ap sòti sou lèv mwen.
5 SENYÈ a se ✡ Sòm 73:26pòsyon eritaj mwen
e tas mwen;
Se Ou menm ki bay soutyen a pati pa m nan.
6 ✡ Sòm 78:55Lizyè yo vin tonbe nan kote ki tèlman bèl
pou mwen;
Anverite, eritaj mwen bèl pou mwen
7 Mwen va beni SENYÈ a ki te ban m konsèy la;
Anverite, ✡ Sòm 77:6panse mwen toujou vin enstwi mwen
pandan lannwit.
8 ✡ Sòm 16:8-11Mwen te mete SENYÈ a
devan zye m tout tan;
Akoz Li se men dwat mwen,
mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, ✡ Sòm 4:7kè m kontan e
Glwa mwen fè rejwisans;
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
Ni Ou p ap ✡ Trav 13:35pèmèt Sila Ki Sen Ou an
vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt ✡ Sòm 139:24chemen lavi a;
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt;
Nan men dwat Ou, se plezi
ki dire jis pou tout tan.