4
Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David
1 Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye
ladwati mwen; Ou te fè m pran souf
nan gran twoub mwen an.
✡ Sòm 25:16Fè m gras e tande lapriyè mwen.
2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni
yon repwòch? Jiskilè ou va renmen sa
Ki san valè e ✡ Sòm 31:18tante twonpe moun?
Tan
3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm
Bondye a apa pou Li menm. SENYÈ a
✡ Sòm 6:8-9tande lè m fè apèl Li.
sou kabann ou e rete kalm
5 Ofri sakrifis ladwati yo e ✡ Sòm 37:3-5mete konfyans
SENYÈ a.
6 Anpil ap di: ✡ Job 7:7“Kilès ki kab montre nou yon bagay
ki bon?” Leve wo limyè a vizaj Ou devan nou,
SENYÈ!
7 Ou te mete ✡ És 9:3lajwa nan kè m plis pase lè gwo rekòlt
sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi, paske Ou sèl,
SENYÈ, fè m viv ansekirite.