6
Pou direktè koral la; avèk enstriman ak fil yo sou yon gita uit kòd.
Yon sòm David.
O SENYÈ, Sòm 38:1pa repwoche mwen nan kòlè Ou,
ni ba m chatiman nan fachez Ou.
Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen
chagren anpil.
Os 6:1Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,
epi Sòm 88:3nanm mwen fè gwo chagren.
Men Ou, O SENYÈ,—jiskilè?
Retounen, O SENYÈ, Sòm 17:13fè nanm mwen chape.
Sove mwen akoz lanmou dous Ou a.
Paske mò yo Ekl 9:10pa rele non Ou.
Nan andwa kote mò yo ye a,
se kilès k ap bay Ou remèsiman?
Mwen bouke ak plent ki sòti anndan m.
Chak nwit, kabann mwen vin naje ak dlo.
Sòm 42:3Dlo ki sòt nan zye m yo fin gate kabann nan.
Job 17:7Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
Mat 7:23Sòti sou mwen, nou tout ki fè mechanste yo,
paske SENYÈ a te tande gwo kri mwen.
SENYÈ a te tande demand priyè mwen.
SENYÈ a Sòm 66:19-20te resevwa lapriyè mwen.
10 Tout lènmi mwen yo va wont e deranje nèt.
Yo va vire fè bak Sòm 73:19sibitman.
Yo va vin wont anpil.

6:1 Sòm 38:1

6:2 Os 6:1

6:3 Sòm 88:3

6:4 Sòm 17:13

6:5 Ekl 9:10

6:6 Sòm 42:3

6:7 Job 17:7

6:8 Mat 7:23

6:9 Sòm 66:19-20

6:10 Sòm 73:19