17
“Lespri m fin kase.
Jou m yo etenn;
tonbo a pare pou mwen.
Job 12:4Anverite mokè yo avè m,
e zye m fikse sou pwovokasyon yo.
 
“Depoze la koulye a, yon sekirite.
Kanpe kon garanti mwen, ak Ou menm.
Se kilès ki kab antann avè m?
Paske Ou te Job 12:20anpeche kè yo konprann;
pou sa, ou pa p egzalte yo.
Sila ki enfòme kont zanmi li yo pou piyaj la,
menm zye pitit li yo va vin gate.
 
“Men Li te fè m vin tounen yon Job 17:2vye pwovèb pou pèp la.
Konsa, yo vin Job 30:10krache sou figi m.
Anplis, zye m vin Job 16:16pa wè klè akoz doulè m,
e tout nanm mwen tankou lonbraj.
Moun ladwati va byen twouble ak sa,
e Job 22:19linosan an va leve li menm kont enkwayan yo.
Malgre, Pwov 4:18moun dwat la va kenbe chemen li
e Job 22:30sila ki gen men pwòp yo va vin pi fò e pi fò.
10 Men nou tout, retounen;
malgre mwen Job 12:12pa twouve yon nonm saj pami nou.
11  Job 7:6Jou pa m yo fin pase, plan mwen yo vin chire nèt,
menm dezi a kè mwen yo.
12 Yo fè lannwit mwen vin sanble lajounen.
Yo di ‘limyè a toupre’ lè tout se fènwa.
13 Si mwen chache Job 3:13Sejou mò yo kon lakay mwen,
si mwen fè kabann mwen nan tenèb la;
14 Si mwen kriye a fòs tonbo a:
‘Se ou ki papa m’; epi a Job 21:26vè a:
“Ou se manman m ak sè m’;
15 Alò, koulye a, se kibò Job 7:6espwa mwen ye?
Epi se kilès k ap okipe espwa m?
16 Èske espwa m va desann avèk mwen
nan Sejou Lanmò yo?
Èske se ansanm n ap Job 3:17desann nan pousyè a?”
 

17:2 Job 12:4

17:4 Job 12:20

17:6 Job 17:2

17:6 Job 30:10

17:7 Job 16:16

17:8 Job 22:19

17:9 Pwov 4:18

17:9 Job 22:30

17:10 Job 12:12

17:11 Job 7:6

17:13 Job 3:13

17:14 Job 21:26

17:15 Job 7:6

17:16 Job 3:17