18
Epi Bildad, Shuach la te reponn:
“Pou jiskilè ou va chase pawòl?
Montre bon sans ou pou nou kab pale.
Poukisa nou Sòm 73:22gade tankou bèt,
tankou sòt nan zye ou?
O ou menm ki chire pwòp kò ou menm nan kòlè ou,
èske se pou lakoz ou menm ke tè a ta abandone,
oswa wòch la deplase nan plas li?
 
“Anverite, Job 21:17limyè a mechan an va etenn,
e flanm dife li pap bay limyè.
Limyè nan tant li an vin Job 12:25fènwa,
e lanp li etenn sou li.
Gran pa dyanm li yo vin kout,
e Job 15:6pwòp manèv li a vin desann li.
Paske li És 24:17-18tonbe nan pèlen an akoz pwòp pye li
e li mache sou file a.
Yon pèlen pran l pa talon,
e yon filè vin fèmen sou li.
10 Yon pyèj kache pou li nan tè a,
e yon zatrap sou chemen li.
11 Patou Job 15:21laperèz fè l sezi e kouri dèyè l
nan chak pa ke li fè.
12 Fòs li vin És 8:21epwize e gwo dega parèt akote li.
13 Kò li devore pa maladi;
premye ne lanmò a Za 14:12devore manm kò li yo.
14 Li Job 8:22fin chire soti nan sekirite tant li an
e yo pran l pou l parèt devan wa laperèz la.
15 Anyen pa rete nan tant li ki pou li;
Sòm 11:6souf gaye toupatou sou abitasyon li.
16  Mat 4:1Rasin li vin sèch anba li,
e Job 15:30-32 branch li fin koupe pa anwo.
17  Sòm 34:16 Memwa li fin disparèt sou tè a
men li pa gen non nan okenn lòt peyi.
18 Li bourade pouse lwen limyè a pou rive Job 5:14nan tenèb,
e chase jis deyò mond kote moun rete a.
19 Li pa gen ni Job 27:14-15desandan ni posterite pami pèp li a,
ni okenn moun ki rete kote li te demere.
20 Sila nan lwès yo vin revòlte de Jr 50:27desten li
e sila nan lès yo vin sezi ak laperèz.
21 Anverite, se konsa Job 21:28abitasyon a mechan yo ye a.
Sa se plas a sila ki pa konnen Bondye a.”

18:3 Sòm 73:22

18:5 Job 21:17

18:6 Job 12:25

18:7 Job 15:6

18:8 És 24:17-18

18:11 Job 15:21

18:12 És 8:21

18:13 Za 14:12

18:14 Job 8:22

18:15 Sòm 11:6

18:16 Mat 4:1

18:16 Job 15:30-32

18:17 Sòm 34:16

18:18 Job 5:14

18:19 Job 27:14-15

18:20 Jr 50:27

18:21 Job 21:28