19
Epi Job te reponn:
Pou konbyen de tan, nou va toumante m,
e kraze mwen avèk pawòl yo?
Dis fwa sa yo nou te ensilte m;
nou pa menm wont fè m tò.
Menm si m fè erè, erè sa repoze anndan m.
Si anverite nou vin Sòm 35:26ògeye kont mwen,
e fè m wè prèv a gwo wont mwen,
alò, konnen byen ke Job 16:11Bondye te fè m tò,
e te fèmen Lam 1:13pèlen Li an antoure mwen.
 
“Gade byen, Job 30:20-24mwen kriye: ‘Vyolans!’ Men nanpwen repons.
Mwen rele sekou! Men nanpwen jistis.
Li te Job 3:23bare chemen mwen pou m pa kab pase,
e Li te mete fènwa sou pa m yo.
Li te retire lonè sou mwen e
te retire kouwòn nan sou tèt mwen.
10 Li Job 12:14kraze desann mwen tout kote e mwen fin disparèt;
Li te dechouke espwa m kon yon pyebwa.
11 Anplis, Li te Job 16:9limen lakòlè Li kont mwen
e te Job 13:24 konsidere m kon lènmi Li.
12 Lame Li a vin rasanble pou
Job 30:12bati chemen pa yo kont mwen.
Yo fè kan kap antoure tant mwen an.
 
13 “Li te retire frè m yo byen lwen mwen
e sila mwen te konnen yo vin separe de mwen nèt.
14 Fanmi mwen yo vin fè fayit
e pi pwòch Job 19:19zami m yo te bliye m.
15 Sila ki rete lakay mwen yo ak sèvant mwen yo
konsidere m kon yon etranje.
Mwen se yon etranje menm nan zye yo.
16 Mwen rele sèvitè mwen an, men li pa reponn;
mwen oblije sipliye l ak bouch mwen.
17 Menm souf mwen fè bay ofans a madanm mwen,
e mwen vin abominab a pwòp frè m.
18 Timoun yo meprize mwen.
Mwen leve e yo pale kont mwen.
19 Tout Sòm 38:11asosye m yo etone ak krent devan m.
Sila ke m byen renmen yo te vire kont mwen.
20  Sòm 102:5Zo m yo kole sou po m ak chè m;
se sèl pa po dan m ke m chape lanmò.
 
21 “Gen pitye pou mwen, gen pitye,
O nou menm ki zanmi mwen yo,
paske Job 1:11men Bondye vin frape mwen.
22 Poukisa n ap Job 13:24-25pèsekite mwen menm tankou Bondye
e pa satisfè ak chè mwen.
23 O ke pawòl mwen yo te ekri!
O ke yo te És 30:8enskri nan yon liv!
24 Ke avèk pwent plim ak plon,
yo te grave sou wòch la jis pou tout tan!
25 Men pou mwen, mwen konnen ke És 43:14Redanmtè mwen an vivan.
Epi apre tout sa a, li va vin kanpe sou latè.
26 Menm lè po m fin detwi,
malgre chè m fin sòti,
mwen va I Kor 13:12wè Bondye nan chè a;
27 ke mwen, mwen menm va wè,
ke zye m va wè, e se pa kon yon etranje.
 
“Kè m Sòm 73:26vin fèb anndan m.
28 Si nou di: ‘Men kijan nou va pèsekite li!’
pwiska rasin ka sa a se nan mwen,’
29 fè lakrent Job 15:22nepe a pou kont nou,
paske lakòlè Bondye mennen pinisyon nepe a.
Fòk nou kab konnen, gen jijman.”

19:5 Sòm 35:26

19:6 Job 16:11

19:6 Lam 1:13

19:7 Job 30:20-24

19:8 Job 3:23

19:10 Job 12:14

19:11 Job 16:9

19:11 Job 13:24

19:12 Job 30:12

19:14 Job 19:19

19:19 Sòm 38:11

19:20 Sòm 102:5

19:21 Job 1:11

19:22 Job 13:24-25

19:23 És 30:8

19:25 És 43:14

19:26 I Kor 13:12

19:27 Sòm 73:26

19:29 Job 15:22