LAMANTASYON YO
1
A la sèl,
vil ki te konn És 22:2plen moun nan chita sèl!
Li vin tankou yon vèv
ki te konn byen pwisan pami nasyon yo!
Sila ki te konn yon fanm
byen gran pami nasyon yo!
Li menm ki te yon prensès pami pwovens yo,
Koulye a, se travo fòse li oblije fè!
 
Li kriye byen anmè nan nwit lan.
Dlo zye li kouri desann figi l.
Pami tout sila ki te renmen l yo,
nanpwen moun ki pou bay li rekonfò.
Tout zanmi li yo fè l trèt;
yo te tounen lènmi l.
 
Jr 13:19Juda antre an egzil anba gwo opresyon;
anba esklavaj byen di.
Li demere pami nasyon yo;
pou repo, nanpwen.
Tout sila k ap pesekite l yo,
fin sezi li nan mitan gwo twoub li.
 
Jl 1:8-13Chemen Sion yo ap fè dèy;
pèsòn pa rive nan fèt li yo.
Tout pòtay li yo vin dezole.
Prèt li yo ap plenn nan gòj,
vyèj li yo vin aflije,
e li menm, li vin anmè.
 
Advèsè li yo te vin mèt li.
Lènmi li yo ap byen reyisi;
paske SENYÈ a te Sòm 90:7-8koze doulè l,
akoz gwo kantite transgresyon li yo.
Pitit li yo se prizonye devan advèsè yo.
 
Tout Jr 13:18majeste fin kite fi a Sion an.
Prens li yo vin tankou sèf ki pa t jwenn patiraj.
Yo sove ale san rezistans
devan mèt lachas la.
 
Jérusalem sonje tout bagay presye li yo Jr 37:7-10nan jou afliksyon li.
Tout bèl bagay ki te la depi nan jou ansyen yo;
lè pèp li a te tonbe nan men a advèsè a,
e pat gen okenn ki pou ede l.
Advèsè yo te wè l.
Yo te giyonnen l akoz tristes li.
 
Jérusalem te És 59:2-13fè gwo peche.
Konsa, li te vin yon bagay ki pa pwòp.
Tout sila ki te konn louwe l yo,
meprize l akoz yo te wè li toutouni.
Menm li menm plenn nan gòj, e vire an ayè.
 
Depi nan jip li, salte a te la.
Li pa t konsidere davni li.
Akoz sa li te vin tonbe yon fason etonan.
Napwan moun pou konsole l.
“Gade, O SENYÈ, afliksyon mwen an;
paske ènmi an vante tèt.
Li vin ògeye!”
 
10 Advèsè a te lonje men l sou tout bagay
presye fi a te genyen;
li te wè ènmi yo antre nan sanktyè li a;
sila ke Ou menm te kòmande pou yo
Det 23:3pa antre nan asanble Ou a.
 
11 Tout pèp li a plenn nan gòj.
Yap Jr 38:9chache pen.
Tout sa ak valè deja vèse bay pou manje,
pou kenbe nanm yo vivan an.
“Gade, O SENYÈ, paske mwen vin meprize.”
 
12 Èske sa pa anyen pou nou tout ki pase nan wout sa a?
Gade pou wè si genyen yon doulè ki tankou doulè mwen an,
doulè ki te pase vin nan men m nan,
avèk sila Jr 30:23-24SENYÈ a te aflije m nan jou a gran kòlè Li a.
 
13 Soti anwo, Li te voye dife antre nan Job 30:30zo m,
e lap dominen yo.
Li te ouvri yon pèlen pou pye m;
Li te fè m vire fè bak.
Li te fè m vin dezole, fèb tout lajounen.
 
14 Jouk transgresyon mwen yo vin mare;
ak men Li yo koude nèt ansanm.
Yo te rive jis nan kou m;
Li te fè fòs mwen vin kraze disparèt.
Senyè a te Jr 32:3-5livre m nan men a sila yo;
kont yo, mwen pa ka kanpe.
 
15 Senyè a te rejte tout mesye pwisan ki nan mitan m yo.
Li te rele yon asanble solanèl kont mwen pou kraze Jr 6:11jennonm mwen yo.
Senyè a te foule, konsi se nan yon pèz rezen, fi vyèj a Juda a.
 
16 Pou bagay sa yo, mwen ap kriye.
Zye m koule ak dlo.
Konsolatè kap refreshi nanm mwen lwen m,
Nanpwen Sòm 69:20okenn ki ta ka konsole mwen,
okenn ki ta ka restore nanm mwen.
Pitit mwen yo vin dezole akoz ènmi an te vin genyen.
 
17 Sion lonje men l ouvri nèt.
Nanpwen ki pou konsole l.
SENYÈ a te bay lòd konsènan Jacob,
ke sila ki antoure l yo ta lènmi avè l.
Lam 1:8Jérusalem te devni yon bagay pa pwòp pami yo.
 
18 SENYÈ a jis;
paske mwen te I Sam 12:14-15fè rebèl kont lòd Li.
Tande koulye a, tout pèp yo
e gade byen doulè m nan.
Vyèj mwen yo ak jennonm mwen yo
te antre an kaptivite.
 
19 Mwen te rele vè renmen mwen yo,
men yo te fè m desi.
Jr 14:15Prèt mwen yo ak ansyen mwen yo te peri nan vil la
pandan yo t ap chache manje
pou restore fòs yo pou kont yo.
 
20 Gade, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
És 16:11Lespri m twouble anpil;
kè m boulvèse anndan m,
paske mwen te fè rebèl anpil.
Nan lari, se nepe k ap touye;
nan kay, se tankou lanmò.
 
21 Yo te tande ke m ap plenyen nan gòj;
men nanpwen ki pou konsole m.
Tout lènmi mwen yo tande afè gwo malè m nan.
Yo Sòm 35:15kontan Ou te fè sa.
O ke Ou ta mennen jou ke Ou te pwoklame a,
pou yo ka vin tankou mwen.
 
22 Kite tout mechanste yo vini devan Ou.
Konsa, Né 4:4aji avèk yo kon Ou te aji avè m nan,
pou tout transgresyon mwen yo.
Paske plent k ap sòti anndan m yo anpil
e kè m vin fèb nèt.

1:1 És 22:2

1:3 Jr 13:19

1:4 Jl 1:8-13

1:5 Sòm 90:7-8

1:6 Jr 13:18

1:7 Jr 37:7-10

1:8 És 59:2-13

1:10 Det 23:3

1:11 Jr 38:9

1:12 Jr 30:23-24

1:13 Job 30:30

1:14 Jr 32:3-5

1:15 Jr 6:11

1:16 Sòm 69:20

1:17 Lam 1:8

1:18 I Sam 12:14-15

1:19 Jr 14:15

1:20 És 16:11

1:21 Sòm 35:15

1:22 Né 4:4