69
Pou direktè koral la. Sou melodi “Lis Yo”. Yon Sòm David.
Sove mwen, O Bondye,
paske Job 22:11 dlo yo fin monte jis nan kou m!
Mwen desann fon nan labou.
Nanpwen plas pou pye m kenbe.
Mwen fin rive nan dlo fon yo,
e yon Jon 2:3 gwo inondasyon ap debòde sou mwen.
Mwen Sòm 6:6 fatige nèt ak kriye mwen an.
Gòj mwen sèk nèt.
Zye m varye pandan mwen
ap tann Bondye mwen an.
Sila ki Sòm 35:19 rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.
Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.
Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.
O Bondye, Ou konnen Sòm 38:5 foli mwen.
Koupabilite mwen pa kache devan Ou.
Pa kite sila k ap tann Ou yo vin II Sam 12:14 wont akoz mwen,
O Senyè BONDYE dèzame yo.
Pa kite yo vin dezonere akoz mwen menm, O Bondye Israël la.
Paske pou koz Ou, mwen te pote repwòch.
Dezonè fin kouvri figi mwen.
Mwen vin izole de frè m yo,
tankou yon etranje de fis a manman m yo.
Epi akoz zèl mwen gen pou lakay Ou, yo manje m nèt.
Sòm 119:139 Repwòch a sila ki te repwoche Ou yo te vin tonbe sou mwen.
10 Lè mwen te kriye Sòm 35:13 nan nanm mwen, e te fè jèn,
sa te vin yon repwòch pou mwen.
11 Lè m te fè Sòm 35:13 twal sak sèvi kon rad mwen,
mwen te vin yon vye pawòl,
yon rizib pou yo menm.
12 Sila ki Jen 19:1 chita nan pòtay yo pale afè mwen,
e moun sòt yo fè chan sou mwen.
13 Men pou mwen, priyè mwen se a Ou menm, O SENYÈ,
Sòm 32:6 nan yon lè ki bon,
nan grandè lanmou dous Ou a.
Reponn mwen avèk sali verite Ou a.
14 Delivre mwen sòti nan Sòm 69:2 labou a.
Pa kite mwen fonse nèt ladann.
Kite m delivre de sa yo ki rayi mwen yo, ak nan fon dlo yo.
15 Pa kite Sòm 124:4-5 inondasyon dlo yo vin anvayi mwen,
ni fon an vale m,
ni fòs la fèmen bouch li sou mwen.
16 Reponn mwen, O SENYÈ, paske lanmou dous Ou a bon;
Selon grandè a mizerikòd Ou, Sòm 25:16 vire kote mwen.
17  Sòm 27:9 Pa kache figi Ou de sèvitè Ou a,
paske mwen nan gwo pwoblèm.
Reponn mwen vit.
18 Rale nanm mwen pre. Rachte l!
Sòm 119:134 Rachte mwen akoz lènmi mwen yo!
19 Ou konnen Sòm 22:6 repwòch mwen, wont mwen, avèk dezonè mwen an.
Tout advèsè mwen yo devan Ou.
20 Repwòch fin kraze kè m.
Mwen vin ba nèt.
Mwen te chache pitye, men pa t genyen;
Job 16:2kondoleyans, men nanpwen.
21 Anplis, yo te ban mwen fyèl kon manje ak Mat 27:34-48vinèg pou swaf mwen.
22 Ke Wo 11:9-10 tab devan yo devni yon pèlen.
Lè yo nan tan lapè, kite li tounen yon pyèj.
23 Ke És 6:10 zye yo vin twouble pou yo pa kab wè.
Ke do yo koube nèt.
24  Sòm 79:6 Vide kòlè Ou sou yo.
Ke fachèz kòlè Ou ki brile ka vini sou yo.
25 Pou Mat 23:38 kan yo kapab dezole.
Pou pa gen moun ki rete ankò nan tant yo.
26 Paske yo te pèsekite sila ke Ou menm És 53:4 te blese a.
Yo pale sou doulè a sila ke Ou menm te blese yo.
27 Ogmante inikite sou inikite yo.
Ni És 26:10 pa kite yo antre nan ladwati Ou.
28 Ke yo kapab efase soti nan liv lavi a.
Pou yo pa vin anrejistre nan achiv ak moun ladwati yo.
29 Men mwen aflije e mwen nan doulè.
Ke delivrans Ou, O Bondye kapab plase mwen an sekirite an wo.
30 Mwen va louwe non Bondye avèk chan yo,
epi Sòm 34:3 leve Li wo avèk remèsiman.
31 Se sa k ap Sòm 50:13-14 fè kè SENYÈ kontan plis pase yon bèf,
ni pase yon jenn towo avèk kòn ak zago.
32 Enb yo te wè sa e yo kontan.
Nou menm ki chache Bondye, Sòm 22:26kite kè nou reprann fòs.
33 Paske Sòm 12:5 SENYÈ a tande malere yo,
e Li pa meprize moun pa L ki prizonye yo.
 
34 Kite syèl la avèk tè a louwe Li,
lanmè yo avèk És 55:12 tout sa ki fè mouvman ladann yo.
35 Paske Bondye va delivre Sion e bati vil Juda yo,
pou yo kab rete la e posede li.
36 Desandan a sèvitè Li yo va eritye li.
Sila ki renmen non Li yo Sòm 37:29 va rete ladann.

69:1 Job 22:11

69:2 Jon 2:3

69:3 Sòm 6:6

69:4 Sòm 35:19

69:5 Sòm 38:5

69:6 II Sam 12:14

69:9 Sòm 119:139

69:10 Sòm 35:13

69:11 Sòm 35:13

69:12 Jen 19:1

69:13 Sòm 32:6

69:14 Sòm 69:2

69:15 Sòm 124:4-5

69:16 Sòm 25:16

69:17 Sòm 27:9

69:18 Sòm 119:134

69:19 Sòm 22:6

69:20 Job 16:2

69:21 Mat 27:34-48

69:22 Wo 11:9-10

69:23 És 6:10

69:24 Sòm 79:6

69:25 Mat 23:38

69:26 És 53:4

69:27 És 26:10

69:30 Sòm 34:3

69:31 Sòm 50:13-14

69:32 Sòm 22:26

69:33 Sòm 12:5

69:34 És 55:12

69:36 Sòm 37:29