32
Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon
Sòm 85:2A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,
pou peche li ki kouvri a!
A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,
e nan lespri a sila Jn 1:47 ki pa gen manti a.
Lè m te Sòm 39:2-3kenbe silans selon peche mwen,
kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.
Paske lajounen kon lannwit,
I Sam 5:6men Ou te lou sou mwen.
Fòs mwen te epwize vin bese
tankou gwo chalè nan gran sezon ete.
Tan
Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,
e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.
Mwen te di: I Jn 1:9“Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,
epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.
Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm,
Sòm 69:13nan yon lè ke Ou toujou disponib.
Anverite, nan gran flèv dlo yo,
yo p ap kab rive kote Li ankò.
Ou se kote ke m konn kache a.
Ou Sòm 121:7 pwoteje mwen kont gwo twoub.
Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.
Mwen va Sòm 25:8enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
Pa fè Pwov 26:3tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
10 Anpil se Wo 2:9tristès a mechan yo,
men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
se lanmou dous ki va antoure li.
11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout Sòm 7:10ki dwat nan kè nou yo.

32:1 Sòm 85:2

32:2 Jn 1:47

32:3 Sòm 39:2-3

32:4 I Sam 5:6

32:5 I Jn 1:9

32:6 Sòm 69:13

32:7 Sòm 121:7

32:8 Sòm 25:8

32:9 Pwov 26:3

32:10 Wo 2:9

32:11 Sòm 7:10