26
Tankou lanèj nan sezon chalè a, tankou lapli nan sezon rekòlt,
se konsa respè Pwov 17:7 pa merite rive sou yon moun ensanse.
Tankou yon ti zwazo k ap sove ale, tankou yon ti iwondèl nan vòl li,
se konsa yon Nonb 23:8madichon san koz p ap poze.
Yon fwèt se pou chwal la, yon brid pou bourik la,
ak Pwov 10:13baton pou do a moun ensanse a.
Pwov 23:9Pa reponn yon moun ensanse selon foli li,
oswa ou va vin tankou li.
Mat 16:1-4Reponn yon moun ensanse selon foli li merite,
pou l pa vin saj nan pwòp zye li.
Li koupe pwòp pye li, e bwè vyolans,
ki voye yon mesaj pa men a moun ensanse a.
Tankou janm ki initil pou moun bwate a,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ensanse.
Tankou yon moun ki mare wòch anndan fistibal
se konsa sila ki bay respè a moun ensanse a.
Tankou yon pikan ki tonbe nan men yon moun k ap bwè gwòg,
se konsa yon pwovèb nan bouch a moun ki ensanse.
10 Tankou moun ak banza k ap blese tout moun,
se konsa sila ki anplwaye moun ensanse a,
ak sila ki anplwaye sila k ap pase pa aza a.
11 Tankou II Pi 2:22yon chen ki retounen nan vomi li,
se konsa yon moun ensanse kap repete foli li.
12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?
Pwov 29:20 Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
13  Pwov 22:13Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!
Yon lyon nan plas la!”
14 Tankou pòt la vire sou gon li,
se konsa Pwov 6:9parese a sou kabann li.
15  Pwov 19:24Parese a fouye men l nan plato a;
men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
16 Parese a Pwov 27:11pi saj nan pwòp zye li
pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
17 Tankou yon moun ki pran yon chen pa zòrèy,
se konsa sila k ap pase pa aza a,
pou l gaye nan goumen ki pa apatyen a li menm nan.
18 Tankou yon moun fou k ap jete És 50:11bwa dife, flèch ak lanmò,
19 se konsa nonm ki tronpe vwazen li an pou di:
Ef 5:4 “Èske se pa blag mwen t ap fè?”
20 Akoz mank bwa, dife a etenn;
lè ti koze sispann, Pwov 22:10 rayisman vin kalme.
21 Tankou chabon tou limen anvè sann cho, ak bwa anvè dife,
se konsa yon moun tchenpwèt Pwov 15:18 chofe pwoblèm pou limen konfli.
22  Pwov 18:8Pawòl a moun k ap chichote nan zòrèy moun nan,
vin tankou bèl ti mòso delika.
Yo desann rive jis nan pati pi fon kò a.
23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,
se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
24 Yon nonm malonèt, Sòm 41:6kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25 Lè l Sòm 28:3pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,
mechanste li va Luc 8:17 devwale devan asanble a.
27 Sila ki Est 7:10fouye fòs la va tonbe ladann,
e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,
e zèv a lang flatè a se dega.

26:1 Pwov 17:7

26:2 Nonb 23:8

26:3 Pwov 10:13

26:4 Pwov 23:9

26:5 Mat 16:1-4

26:11 II Pi 2:22

26:12 Pwov 29:20

26:13 Pwov 22:13

26:14 Pwov 6:9

26:15 Pwov 19:24

26:16 Pwov 27:11

26:18 És 50:11

26:19 Ef 5:4

26:20 Pwov 22:10

26:21 Pwov 15:18

26:22 Pwov 18:8

26:24 Sòm 41:6

26:25 Sòm 28:3

26:26 Luc 8:17

26:27 Est 7:10