8
Yon ti tan apre, Li te kòmanse ale de yon vil ak yon bouk a lòt, pou Mat 4:23pwoklame e preche wayòm syèl la. Douz yo te avèk Li. Anplis te gen avèk yo Mat 27:55kèk fanm ki te geri de move lespri yo ak maladi yo. Te gen Marie, ke yo te rele Magdala a, sou kilès sèt dyab yo te sòti a, avèk Jeanne, madanm Chouza a, Mat 14:1entandan Hérode la, ak anpil lòt ki t ap kontribye a soutyen ki sòti nan mwayen pèsonèl yo.
Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl: “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo. Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo. Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo. Lòt semanste tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.”
Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: Mat 11:5“Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
Mat 13:10-23Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
10 Epi Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nan És 6:9gade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
11  “Alò, parabòl la se sa: I Pi 1:23semans lan se pawòl Bondye a.
12  “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13  “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14  “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15  “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
16  “Alò, Mat 5:15pèsonn, lè l fin limen yon lanp pa kouvri li avèk yon veso, ni mete l anba yon kabann; men li mete li sou yon chandelye, pou sila yo ki antre kapab wè limyè a. 17  Mat 10:26Paske pa gen anyen kache ki p ap vin parèt, ni anyen an sekrè ki p ap revele pou vin nan limyè.
18  “Pou sa, okipe nou de jan nou tande; Mat 13:12paske nenpòt moun ki genyen, se plis k ap bay a li menm; e a sila ki pa genyen an, menm sa li sipoze li genyen an va rache soti nan men li.”
19  Mat 12:46-50Manman Li avèk frè L yo te vin kote L, e yo pa t kapab rive kote L akoz foul la. 20 Konsa yo te bay Li rapò a: “Manman Ou avèk frè Ou yo kanpe deyò a e vle wè Ou.”
21 Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo Luc 11:28ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.” 22  Mat 8:23-27Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou Luc 5:1lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: Luc 5:5“Mèt, Mèt, n ap peri!”
Epi lè L vin leve, Li te Luc 4:39reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?”
Yo te ranpli avèk lakrent, yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
26  Mat 8:28-34Yo te kouri a vwal jouk lè yo rive nan peyi a Jerazenyen yo ki anfas Galilée. 27 Lè Li te desann atè, Li te rankontre pa yon sèten mesye nan vil la ki te domine pa dyab; e ki pa t mete rad depi lontan, ki pa t viv nan kay, men nan tonbo.
28 Lè l wè Jésus, li te kriye fò e te tonbe devan Li. Li te di ak yon gwo vwa: Mat 8:29“Kisa m gen avè ou Jésus, Fis a Mc 5:7Pi Wo Bondye a? Mwen sipliye ou, pa toumante mwen.”
29 Paske Li te kòmande lespri enpi a pou sòti nan mesye a. Paske li te konn sezi li anpil fwa; e li te mare avèk chenn avèk fè nan pye li, e Li te kenbe anba gad. Li te konn pete tout kontrent sa yo pou dyab yo ta pouse l nan dezè a. 30 Jésus te mande li: Mat 26:53“Kòman yo rele ou?” E li te di: “Lejyon”, paske anpil dyab te gen tan antre nan li. 31 Yo t ap sipliye L pou pa voye yo Wo 10:7nan abim nan. 32 Alò te gen yon gwo bann kochon ki t ap manje la nan mòn nan, e dyab yo te sipliye Li pou kite yo antre nan kochon yo. Konsa, Li te bay yo pèmisyon. 33 Dyab yo te sòti nan mesye a, e te antre nan kochon yo, bann nan te kouri desann pant falèz la, tonbe Luc 5:11nan lak la, e te mouri nan dlo a. 34 Lè gadyen kochon yo te wè sa ki rive a, yo te kouri ale bay rapò a nan vil la avèk tout landwa andeyò yo.
35 Pèp la te sòti vin wè sa ki te rive a, e yo te vin kote Jésus. Yo te twouve nonm ki te konn gen dyab la. Li te chita Luc 10:39nan pye Jésus, byen abiye, e nan bon tèt li. Yo te vin pè.
36 Sila yo ki te wè sa, te eksplike yo kijan nonm nan ki te Mat 4:24posede pa dyab yo, te vin geri.
37 Tout pèp Jerazenyen yo an ak landwa andeyò yo te mande pou L ta kite yo paske yo te ranpli avèk yon gwo perèz, epi Li te antre nan kannòt la, e te pati.
38 Men mesye a ke dyab yo te kite a te Mc 5:18-20sipliye L pou L ta kapab ale avèk li, men Li te voye li ale e te di: 39  “Retounen lakay ou pou eksplike yo ki gwo bagay ke Bondye te fè pou ou.”
Donk li te ale, e te pwoklame toupatou nan tout vil la ki gwo bagay Bondye te fè pou li.
40  Mat 9:1Lè Jésus te retounen, foul la te resevwa L byen, paske yo tout t ap tann Li.
41  Mat 9:18-26Konsa, te vini yon nonm ki te rele Jaïrus ki te yon ofisye sinagòg la. Li te tonbe nan pye a Jésus e te kòmanse sipliye Li pou te vini lakay li; 42 paske li te gen yon sèl fi, anviwon laj a douz lane, e li te mouri.
Men pandan Li t ap ale, foul la t ap peze Li.
43 Epi yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun, 44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.
45 Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?”
E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: Luc 5:5“Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”
46 Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lè Luc 5:17pouvwa a te kite M nan.”
47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri imedyatman.
48 Jésus te di li: “Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; Mc 5:34ale anpè.”
49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakay Luc 8:41ofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”
50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: Mc 5:36“Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”
51 Lè Li te rive nan kay la, Li pa t kite okenn lòt moun antre avè L, sof ke Pierre avèk Jean ak Jacques, epi manman ak papa pitit la.
52 Alò yo tout t ap kriye, e t ap Luc 23:27lamante pou li; men Li te di: “Sispann kriye, paske li pa mouri, men Jn 11:13l ap dòmi.”
53 Yo te kòmanse ap ri sou Li, paske yo te konnen ke li te mouri.
54 Men Li menm te pran li pa lamen, Li te rele e te di: “Pitit, leve!”
55 Konsa, lespri lavi li te retounen, e li te leve imedyatman; epi li te bay lòd pou yo bay li yon bagay pou l manje.
56 Paran li yo te etone, men Li te Mat 8:4enstwi yo pou pa pale pèsonn sa ki te rive a.

8:1 Mat 4:23

8:2 Mat 27:55

8:3 Mat 14:1

8:8 Mat 11:5

8:9 Mat 13:10-23

8:10 És 6:9

8:11 I Pi 1:23

8:16 Mat 5:15

8:17 Mat 10:26

8:18 Mat 13:12

8:19 Mat 12:46-50

8:21 Luc 11:28

8:22 Mat 8:23-27

8:23 Luc 5:1

8:24 Luc 5:5

8:24 Luc 4:39

8:26 Mat 8:28-34

8:28 Mat 8:29

8:28 Mc 5:7

8:30 Mat 26:53

8:31 Wo 10:7

8:33 Luc 5:11

8:35 Luc 10:39

8:36 Mat 4:24

8:38 Mc 5:18-20

8:40 Mat 9:1

8:41 Mat 9:18-26

8:45 Luc 5:5

8:46 Luc 5:17

8:48 Mc 5:34

8:49 Luc 8:41

8:50 Mc 5:36

8:52 Luc 23:27

8:52 Jn 11:13

8:56 Mat 8:4