PREMYE LÈT PIERRE
1
Pierre, yon apot Jésus Kri, a sila ki rete a I Pi 2:11letranje yo, ki gaye nan Pont, Galatie, Cappadoce, Asie ak Bithynie, sila Mat 24:22ki chwazi davans yo, selon konesans Wo 8:29davans a Bondye, Papa a, pa travay Lespri Sen an, II Tes 2:13pou nou ta kapab obeyi Jésus Kri e vin aspèje avèk san Li: Ke lagras ak lapè kapab pou nou nan pi gran mezi.
Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki Tit 3:5selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa I Kor 15:20rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a pou jwenn yon Trav 20:32eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou ki Jn 10:28pwoteje pa pwisans Bondye a Ef 2:8pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. Wo 5:2Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a I Pi 5:10pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, Wo 2:7pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. Epi Jn 20:29malgre nou poko wè Li, nou Ef 3:19renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa ki fè Wo 6:22kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
10  Mat 13:17Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè II Pi 1:21Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Trav 2:2Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
13 Konsa Ef 6:14prepare panse nou pou nou kab aji; I Tes 5:6,8 rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan Wo 12:2pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an II Kwo 7:1se pou nou vin sen, osi Jc 3:13nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: Wo 12:2“Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”
17 Si nou Sòm 89:26adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t És 52:3rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan Ef 4:17mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk Trav 20:28san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te Trav 2:23deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm Wo 4:24kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin Jc 4:8pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te Jn 3:3ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
24 Paske:
És 40:6“Tout chè tankou zèb,
e tout laglwa li tankou flè zèb la.
Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”
E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

1:1 I Pi 2:11

1:1 Mat 24:22

1:2 Wo 8:29

1:2 II Tes 2:13

1:3 Tit 3:5

1:3 I Kor 15:20

1:4 Trav 20:32

1:5 Jn 10:28

1:5 Ef 2:8

1:6 Wo 5:2

1:6 I Pi 5:10

1:7 Wo 2:7

1:8 Jn 20:29

1:8 Ef 3:19

1:9 Wo 6:22

1:10 Mat 13:17

1:11 II Pi 1:21

1:12 Trav 2:2

1:13 Ef 6:14

1:13 I Tes 5:6,8

1:14 Wo 12:2

1:15 II Kwo 7:1

1:15 Jc 3:13

1:16 Wo 12:2

1:17 Sòm 89:26

1:18 És 52:3

1:18 Ef 4:17

1:19 Trav 20:28

1:20 Trav 2:23

1:21 Wo 4:24

1:22 Jc 4:8

1:23 Jn 3:3

1:24 És 40:6