3
Wo 2:20Pa kite anpil nan nou ansenye, frè m yo, paske nou konnen ke konsa, nou va resevwa yon jijman ki pi sevè.
Paske nou tout tonbe nan plizyè sans. Mat 12:34-37Si yon moun pa tonbe nan sa li di, li menm se yon moun pafè, li kapab kontwole tout kò a menm jan an.
Koulye a Sòm 32:9si nou mete mò nan bouch a cheval yo pou yo kab obeyi nou, nou dirije tout kò yo tou.
Gade menm bato yo; malgre yo trè gran e pouse pa gwo van, yo toujou dirije pa yon gouvènè tou piti nenpòt kote volonte a pilòt la pito. Menm jan an tou, lang lan se yon pati tou piti nan kò a, e malgre sa, li Sòm 12:3vante gwo bagay.
Pwov 26:20Gade kijan yon gwo forè vin pran dife pa yon flanm ki tou piti! Konsa Sòm 120:2,3lang lan se yon dife, yon vrè mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
Paske tout kalite bèt ak zwazo, reptil ak kreyati lanmè yo, donte e vin donte pa ras lòm nan. Men pèsòn pa kapab donte lang lan. Li se yon mechanste ki endontab e plen ak Sòm 140:3pwazon mòtèl.
Avèk li, nou beni Senyè nou an ak Papa a, e avèk li, nou madichonnen moun Jen 1:26ki fèt ak limaj Bondye. 10 Nan menm bouch la, sòti ni benediksyon ni madichon. Frè m yo, bagay sa yo pa dwe konsa.
11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12  Mat 7:16Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa I Pi 2:12bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen Wo 2:8jalouzi, fachez ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti Jc 1:17anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote Wo 2:8jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san Wo 12:9ipokrizi. 18 Konsa, Pwov 11:18grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.

3:1 Wo 2:20

3:2 Mat 12:34-37

3:3 Sòm 32:9

3:5 Sòm 12:3

3:5 Pwov 26:20

3:6 Sòm 120:2,3

3:8 Sòm 140:3

3:9 Jen 1:26

3:12 Mat 7:16

3:13 I Pi 2:12

3:14 Wo 2:8

3:15 Jc 1:17

3:16 Wo 2:8

3:17 Wo 12:9

3:18 Pwov 11:18