4
Kisa ki sous kont ak konfli Tit 3:9pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè Wo 7:23lagè nan manm kò nou yo? Nou anvi e nou pa genyen, donk Jc 5:6nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. Nou mande e nou I Jn 3:22pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.
Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se Wo 8:7rayisman anvè Bondye? Mat 6:24Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.
Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: I Kor 6:19 “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”
Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: Pwov 3:34“Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”
Konsa I Pi 5:6soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Job 17:9Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. Pwov 14:13Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10  Job 5:11Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.
11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12 Gen És 33:22yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: Pwov 27:1“Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Job 7:7Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: Trav 18:21“Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. I Kor 5:6Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò Luc 12:47a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

4:1 Tit 3:9

4:1 Wo 7:23

4:2 Jc 5:6

4:3 I Jn 3:22

4:4 Wo 8:7

4:4 Mat 6:24

4:5 I Kor 6:19

4:6 Pwov 3:34

4:7 I Pi 5:6

4:8 Job 17:9

4:9 Pwov 14:13

4:10 Job 5:11

4:12 És 33:22

4:13 Pwov 27:1

4:14 Job 7:7

4:15 Trav 18:21

4:16 I Kor 5:6

4:17 Luc 12:47