5
Vini koulye a Luc 6:24nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. És 50:9Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan Jc 5:7,8dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a! Veye Lev 19:13salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi Egz 2:23kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.
Nou te viv nan richès sou tè a e mennen yon vi nan gran plezi. Nou te angrese kè nou nan yon jou labatwa. Nou te kondane e Jc 4:2mete a lanmò nonm jis la; li pa t reziste kont nou.
Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan Jn 21:22jiskaske Senyè a vini. Gal 6:9Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. Luc 21:19Nou menm tou, se pou nou pasyan. I Tes 3:13Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Kol 4:5Jij la kanpe Mat 24:33jis devan pòt la.
10 Frè m yo, pran Mat 5:12pwofèt yo ki pale nan non Senyè a kòm egzanp de soufrans ak pasyans. 11 Nou konte sa ki te andire yo kòm Mat 5:10beni. Nou te konn tande de sa Job te andire a, e nou te wè jan sa te sòti e jan Senyè a te aji. Konsa nou konnen Egz 34:6Senyè a plen konpasyon ak mizerikòd.
12 Men, anplis de tout bagay, frè m yo Mat 5:34-37pa sèmante ni pa syèl la, ni pa tè a, ni pa okenn lòt sèman. Men ke wi ou rete wi e non ou rete non, pou nou pa tonbe anba jijman.
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Sòm 50:15Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj. 14 Èske gen moun pami nou ki malad? Alò, fòk li rele ansyen legliz yo. Kite yo priye sou li, e Mc 6:13onksyone li ak lwil nan non Senyè a. 15 Konsa, Jc 1:6priyè la ki ofri nan lafwa a va restore sila ki malad, e Senyè a va Jn 6:39fè l leve. Si li te fè peche, yo va padone. 16 Konsa Mat 3:6konfese peche nou yo a youn lòt e priye pou youn lòt, pou nou kapab Eb 12:13geri.
Lapriyè efikas a yon nonm ki jis kapab akonpli anpil bagay. 17 Élie se te Trav 14:15yon nonm avèk yon nati tankou pa nou an, e I Wa 17:1li te priye fò pou li pa t fè lapli, e li pa t fè lapli sou tè a pandan twazan si mwa. 18 Answit, li te I Wa 18:42priye ankò, epi I Wa 18:45syèl la te vide lapli, e tè a te pwodwi fwi li.
19 Frè m yo Mat 18:15si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, 20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va Wo 11:14sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.

5:1 Luc 6:24

5:2 És 50:9

5:3 Jc 5:7,8

5:4 Lev 19:13

5:4 Egz 2:23

5:6 Jc 4:2

5:7 Jn 21:22

5:7 Gal 6:9

5:8 Luc 21:19

5:8 I Tes 3:13

5:9 Kol 4:5

5:9 Mat 24:33

5:10 Mat 5:12

5:11 Mat 5:10

5:11 Egz 34:6

5:12 Mat 5:34-37

5:13 Sòm 50:15

5:14 Mc 6:13

5:15 Jc 1:6

5:15 Jn 6:39

5:16 Mat 3:6

5:16 Eb 12:13

5:17 Trav 14:15

5:17 I Wa 17:1

5:18 I Wa 18:42

5:18 I Wa 18:45

5:19 Mat 18:15

5:20 Wo 11:14