6
Frè m yo, menm si yon moun vin kenbe nan nenpòt transgresyon, nou menm ki I Kor 2:15posede Lespri Bondye a, restore li avèk yon lespri dousè. Epi nou chak veye sou tèt nou pou nou pa osi vin tante. Wo 15:1Pote fado youn pou lòt, e konsa lalwa Kris la akonpli. Paske Trav 5:36si yon moun panse ke li menm se yon bagay lè vrèman li pa anyen, li twonpe pwòp tèt li. Men chak moun dwe I Kor 11:28egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. Paske Pwov 9:12chak moun va pote pwòp chaj pa l.
I Kor 9:11,14Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
Pa twonpe tèt nou; Job 13:9Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men Wo 8:11sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. Annou pa I Kor 15:58dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò Pwov 3:27pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.
11 Gade ak kalite gwo lèt m ap ekri nou I Kor 16:21avèk pwòp men mwen. 12 Sila ki vle Mat 23:27parèt bèl nan lachè yo eseye fòse nou sikonsi; senpleman pou yo menm pa ta pèsekite pou koz lakwa a Kris. 13 Paske sila ki sikonsi yo pa menm Wo 2:25kenbe Lalwa pou tèt yo, men yo desire fè nou sikonsi pou yo kapab vante tèt yo nan lachè pa nou. 14 Men ke sa pa janm fèt pou m ta vante tèt mwen, eksepte nan lakwa a Senyè nou an, Jésus Kris. Atravè Li menm mond lan fin krisifye pou mwen, e Wo 6:2,6mwen menm pou mond lan. 15 Paske nan Kris Jésus, Wo 2:26,28sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf. 16 Epi pou sila ki va mache pa prensip sila a, lapè ak gras sou yo, e sou Wo 9:6Israël Bondye a.
17 Depi koulye a, pa kite pèsòn koze pwoblèm pou mwen, paske mwen pote sou kò m És 44:5mak a Jésus yo.
18  Wo 16:20Ke gras a Senyè nou an Jésus Kris kapab rete II Tim 4:22avèk Lespri nou, frè m yo. Amen.

6:1 I Kor 2:15

6:2 Wo 15:1

6:3 Trav 5:36

6:4 I Kor 11:28

6:5 Pwov 9:12

6:6 I Kor 9:11,14

6:7 Job 13:9

6:8 Wo 8:11

6:9 I Kor 15:58

6:10 Pwov 3:27

6:11 I Kor 16:21

6:12 Mat 23:27

6:13 Wo 2:25

6:14 Wo 6:2,6

6:15 Wo 2:26,28

6:16 Wo 9:6

6:17 És 44:5

6:18 Wo 16:20

6:18 II Tim 4:22