11
I Kor 4:16Se pou nou vin imitatè a mwen menm, menm jan ke mwen osi se imitatè a Kris la.
Alò mwen fè nou konpliman akoz ke nou I Tes 1:6sonje mwen nan tout bagay, e nou kenbe fèm a tout sa ke m enstwi nou yo, jis jan ke m te livre yo bannou an. Men mwen vle nou konprann ke Kris se Ef 5:23tèt a tout gason, gason se tèt a fanm nan, e Bondye se tèt a Kris la. Tout gason ki gen yon bagay sou tèt li pandan l ap priye oubyen Trav 13:1pwofetize, dezonore tèt li. Men chak fanm ki kite tèt li dekouvri pandan l ap priye oubyen pwofetize, dezonore tèt li. Paske li vin menm jan avèk yon fanm ki Det 21:12pase razwa nan tèt li. Paske si yon fanm pa kouvri tèt li, kite li koupe cheve l tou. Men si se yon dezonè pou yon fanm koupe cheve li, oswa pase razwa nan tèt li, kite li kouvri tèt li. Paske yon gason pa ta dwe kouvri tèt li akoz ke li se Jen 1:26imaj ak glwa a Bondye, men fanm nan se glwa a gason. Paske Jen 2:21-23gason pa soti nan fanm, men fanm soti nan gason. Paske, gason pa t kreye pou koz a fanm nan, men Jen 2:18fanm nan pou koz a gason an. 10 Konsa, fanm nan dwe gen yon siyal otorite sou tèt li akoz zanj yo.
11 Sepandan, nan Senyè a, ni fanm nan pa endepandan de gason an, ni gason an pa endepandan de fanm nan. 12 Paske menm jan ke fanm nan sòti nan gason an, osi gason an gen nesans li atravè fanm nan; men tout bagay sòti Wo 11:36nan Bondye. 13  Luc 12:57Jije nou menm: èske li bon pou yon fanm priye Bondye avèk tèt li dekouvri? 14 Èske menm lanati li menm pa enstwi nou ke si yon nonm gen cheve long, se yon dezonè pou li, 15 men si yon fanm gen cheve long, se yon glwa pou li? Paske cheve li te donnen kon yon kouvèti pou li. 16 Men si yon moun ta vle diskite kont sa, ni nou menm, ni I Kor 7:17legliz Bondye yo I Kor 4:5pa pou gen okenn lòt pratik.
17 Men lè mwen bay nou komman sila a, I Kor 11:2,22mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal. 18 Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke I Kor 1:10gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite. 19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou. 20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e Jd 12yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize I Kor 10:32legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
23 Paske mwen te resevwa soti nan Senyè a sa ke m te livre bannou an, ke I Kor 11:23-25Senyè a Jésus, nan nwit ke Li te trayi a, te pran pen an. 24 Lè L te fin bay remèsiman, li te kase li e te di: “Pran, manje. Sa se kò Mwen ki kase pou nou. Fè sa nan memwa a Mwen menm.” 25 Menm jan an, apre soupe a li te pran tas la osi e te di: “Tas sa a se Luc 22:20akò tounèf nan san Mwen an. Tout tan ke nou bwè li, fè sa nan memwa a Mwen menm.” 26 Paske tout tan ke nou manje pen sa a, e bwè tas sa a, nou pwoklame lanmò Senyè a Jn 21:22jiskaske Li vini.
27 Konsa, nenpòt moun ki manje pen an oubyen bwè tas Senyè a nan yon fason ki pa dign, va Eb 10:29koupab de kò ak san Senyè a. 28 Men yon moun dwe Mat 26:22egzamine tèt li, e konsa kite li manje pen an e bwè tas la. 29 Paske sila ki manje e ki bwè nan yon jan ke li pa merite, manje e bwè jijman sou tèt li si li pa byen jije kò Senyè a. Trav 7:60 30 Pou rezon sa a, anpil pami nou fèb, malad, e kèk Trav 7:60 mouri. 31 Men si nou te byen jije pwòp tèt nou, nou pa t ap vin jije. 32 Men lè nou vin jije, nou II Sam 7:14 korije pa Senyè a pou nou pa vin kondane ansanm avèk mond lan. 33 Konsa, frè m yo, lè nou reyini ansanm pou nou manje, se pou nou tann youn lòt. 34 Si yon moun I Kor 11:21grangou, ke li manje I Kor 11:22lakay li, pou nou pa reyini ansanm pou jijman. Rès bagay yo mwen va regle yo lè m vini.

11:1 I Kor 4:16

11:2 I Tes 1:6

11:3 Ef 5:23

11:4 Trav 13:1

11:5 Det 21:12

11:7 Jen 1:26

11:8 Jen 2:21-23

11:9 Jen 2:18

11:12 Wo 11:36

11:13 Luc 12:57

11:16 I Kor 7:17

11:16 I Kor 4:5

11:17 I Kor 11:2,22

11:18 I Kor 1:10

11:21 Jd 12

11:22 I Kor 10:32

11:23 I Kor 11:23-25

11:25 Luc 22:20

11:26 Jn 21:22

11:27 Eb 10:29

11:28 Mat 26:22

11:29 Trav 7:60

11:30 Trav 7:60

11:32 II Sam 7:14

11:34 I Kor 11:21

11:34 I Kor 11:22