5
Mat 5:48Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. Wo 14:15Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te Gal 2:20bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
Men ni Kol 3:5imoralite, salte, ak move lanvi pa menm dwe nonmen pami nou. Se konsa li dwe ye pami fidèl yo. Nou pa dwe gen pawòl malonèt, pawòl san sans, avèk vye blag, ki pa dign, men de preferans, bay remèsiman a Bondye.
Paske nou konnen sa byen klè, ke pa gen ni moun imoral, ni moun ki nan salte, ni moun ki gen lanvi nan kè yo, ni moun k ap sèvi zidòl, k ap gen yon eritaj nan wayòm Kris ak Bondye a.
Kol 2:8Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. Konsa, pa Ef 3:6vin yon pati ak yo. Paske avan sa nou Ef 2:2te tenèb, men koulye a nou se Limyè nan Senyè a. Mache tankou pitit a Limyè. Paske Gal 5:22fwi a Limyè a se nan tout bonte, ladwati, ak verite, 10  Wo 12:2ki fè prev de sa k ap fè Senyè a plezi. 11 Pa patisipe nan Wo 13:12zèv tenèb ki pa janm pote fwi yo, men de preferans I Tim 5:20ekspoze yo. 12 Paske se yon gwo wont pou nou menm pale de bagay ki fèt an sekrè pa yo menm. 13 Men tout bagay vin vizib Jn 3:20lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. 14 Pou rezon sa a Li di:
És 51:17“Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou.”
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou Ef 5:2mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16  Kol 4:5Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men Wo 12:2konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi Pwov 20:1pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19  Kol 3:16Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20  Wo 1:8Toujou bay remèsiman a I Kor 15:24Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm, 21  Gal 5:13avèk sumisyon youn lòt nan II Kor 5:11lakrent Kris la.
22  Ef 5:22—6:9; Kol 3:18—4:1Madanm, se pou nou soumèt a mari nou, tankou a Senyè a. 23 Paske I Kor 11:3mari a se tèt a madanm nan, jan Kris osi se tèt a legliz la. Se Li menm ki Sovè a kò a. 24 Men jan legliz la soumèt a Kris la, menm jan an madanm yo dwe soumèt yo a mari yo nan tout bagay.
25  Ef 5:28,33; Ef 5:2Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26  Tit 2:14pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin Ef 1:4sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi Ef 5:25renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se I Kor 6:15manm a kò Li. 31  Jen 2:24“Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe I Pi 3:2,5respekte mari li.

5:1 Mat 5:48

5:2 Wo 14:15

5:2 Gal 2:20

5:3 Kol 3:5

5:6 Kol 2:8

5:7 Ef 3:6

5:8 Ef 2:2

5:9 Gal 5:22

5:10 Wo 12:2

5:11 Wo 13:12

5:11 I Tim 5:20

5:13 Jn 3:20

5:14 És 51:17

5:15 Ef 5:2

5:16 Kol 4:5

5:17 Wo 12:2

5:18 Pwov 20:1

5:19 Kol 3:16

5:20 Wo 1:8

5:20 I Kor 15:24

5:21 Gal 5:13

5:21 II Kor 5:11

5:22 Ef 5:226:9; Kol 3:184:1

5:23 I Kor 11:3

5:25 Ef 5:28,33; Ef 5:2

5:26 Tit 2:14

5:27 Ef 1:4

5:28 Ef 5:25

5:30 I Kor 6:15

5:31 Jen 2:24

5:33 I Pi 3:2,5