WOMEN YO
1
Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot Trav 9:15mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, ke Li te pwomèt oparavan atravè Luc 1:70pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo, konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David Jn 1:14selon lachè, ki te deklare Mat 4:3Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an. Pa Li menm nou te resevwa gras e te rele kòm apot pou fè parèt Trav 6:7obeyisans lafwa a pami tout etranje yo pou koz Sen Non Li. Pami sila yo nou menm osi te Jd 1rele pa Jésus Kri. A tout sila yo ke Bondye renmen anpil nan Rome, ke Li te rele kòm Trav 9:13sen yo: gras anvè nou avèk lapè ki sòti nan Bondye, Papa nou, ak Senyè a Jésus Kri.
Premyèman I Kor 1:4mwen remèsye Bondye mwen an selon Jésus Kri pou nou tout, ke lafwa nou ap pwoklame toupatou nan lemond. Paske Bondye ke mwen Trav 24:14sèvi nan lespri mwen lè m preche levanjil Fis Li a, se temwen m ke m ap nonmen non nou san rete nan lapriyè mwen yo. 10 Toujou nan priyè mwen yo, m ap mande Bondye Trav 18:21nan volonte L, dènyèman, pou L kite m vin wè nou. 11 Paske Trav 19:21mwen anvi wè nou pou m kapab bannou kèk don Lespri a, pou nou kapab byen etabli. 12 Sa vle di, pou mwen menm kapab ankouraje ansanm avèk nou pandan mwen pami nou, nou chak pa lafwa a lòt, lafwa pa nou ak lafwa pa m tou.
13 Mwen pa vle nou pa okouran, frè m yo, ke souvan mwen konn fè plan pou vin wè nou (malgre sa pa t realize). Mwen ta renmen sa fèt pou m kapab rekòlte Jn 4:36kèk fwi pami nou tou, menm jan ak tout lòt nasyon etranje yo. 14  I Kor 9:16Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo. 15 Donk, Pou pati pa m, mwen gen gwo anvi pou Wo 5:20preche levanjil la a nou menm osi ki nan Rome.
16 Paske mwen Mc 8:38pa wont de levanjil la I Kor 1:18,24paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: Hab 2:4“Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.
18 Paske Wo 5:9lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske Trav 14:17sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa Job 12:7-9byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin II Wa 17:15egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan Jr 10:14pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te Det 4:16-18ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Wo 1:26,28Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon És 44:20bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
26 Pou rezon sila a Bondye te livre yo a I Tes 4:5pasyon k ap avili yo. Paske fanm pa yo te ranplase fonksyon lanati a pa sa ki pa nan nati a. 27 Epi menm jan mesye yo te abandone fonksyon natirèl fanm nan pou vin boule nan dezi anvè youn pou lòt; Lev 22:22gason avèk gason k ap fè zak malpwòp e k ap resevwa nan pwòp kò pa yo pinisyon yo merite pou erè yo a. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Wo 1:24Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste II Tim 3:2dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite II Tim 3:3san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo Wo 6:2merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

1:1 Trav 9:15

1:2 Luc 1:70

1:3 Jn 1:14

1:4 Mat 4:3

1:5 Trav 6:7

1:6 Jd 1

1:7 Trav 9:13

1:8 I Kor 1:4

1:9 Trav 24:14

1:10 Trav 18:21

1:11 Trav 19:21

1:13 Jn 4:36

1:14 I Kor 9:16

1:15 Wo 5:20

1:16 Mc 8:38

1:16 I Kor 1:18,24

1:17 Hab 2:4

1:18 Wo 5:9

1:19 Trav 14:17

1:20 Job 12:7-9

1:21 II Wa 17:15

1:22 Jr 10:14

1:23 Det 4:16-18

1:24 Wo 1:26,28

1:25 És 44:20

1:26 I Tes 4:5

1:27 Lev 22:22

1:28 Wo 1:24

1:30 II Tim 3:2

1:31 II Tim 3:3

1:32 Wo 6:2