28
Lè yo tout te fin rive sof Trav 27:39nou te vin twouve ke Trav 27:26lil la te rele Malte. Trav 28:4Natif peyi yo te byen resevwa nou ak yon dousè ekstrawòdinè. Akoz lapli a ki te vin fèmen sou nou, avèk anpil fredi, yo te limen yon dife e te resevwa nou tout.
Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l.
Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: Luc 13:2,4“San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.” Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen. Men yo t ap atann ke li vin anfle e sibitman tonbe mouri. Men apre yo te tann pandan anpil tan e pa t wè anyen rive li, yo te reflechi yon lòt jan e te Trav 14:11kòmanse di ke li te yon dye.
Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou.
Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te Mat 9:18poze men l sou li e te geri li.
Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri. 10 Anplis, yo te onore nou avèk anpil mak respè, e lè nou t ap pran vwal, yo te founi nou tout sa nou te bezwen.
11 Nan fen twa mwa yo nou te pran vwal sou yon Trav 27:6bato Alexandryen ki osi te pase sezon livè a nan lil la. Li te gen Frè Jimo yo kon òneman devan an kòm tèt bato a.
12 Apre nou te antre o pò nan Syracuse, nou te rete la pandan twa jou.
13 Soti la, nou te pran vwal pou antoure rive nan Reggio. Yon jou pita, yon van sid te parèt, e nan dezyèm jou a nou te rive Pouzzles. 14 La nou te twouve kèk frè ki te envite nou rete avèk yo pandan sèt jou, e konsa nou te rive Rome.
15 Epi Trav 1:15frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.
16 Lè nou te antre Rome, Paul te Trav 24:23jwenn pèmisyon pou rete pou kont li, avèk sòlda ki t ap veye l la.
17 Apre twa jou Paul te rele ansanm moun ki te pi enpòtan pami mesye Jwif yo. Lè yo te vin ansanm, li te kòmanse ap di yo: “Frè yo Trav 25:8malgre mwen pa t fè anyen kont pèp nou an, oubyen Trav 6:14koutim zansèt nou yo, konsa, mwen te livre kòm prizonye soti Jérusalem nan men Women yo. 18 Epi lè yo menm te egzamine mwen, yo te dakò pou lage m paske yo Trav 23:29pa t twouve baz pou mete m a lanmò. 19 Men lè Jwif yo te vin pa dakò, mwen te oblije fè apèl a César, pa akoz ke m te gen okenn akizasyon kont nasyon mwen an. 20 Pou rezon sa a, donk mwen te mande wè nou pou pale avèk nou, paske mwen ap pote chenn sa a pou Trav 24:5lespwa Israël la.”
21 Yo te di li: “Nou pa t ni resevwa lèt sòti Judée konsènan ou, ni pa t gen okenn nan Trav 3:17frè yo ki te vin isit la pou rapòte oswa pale anyen mal de ou menm. 22 Men nou dezire tande de ou menm sa ke ou panse. Paske konsènan Trav 24:14sèkt sa a, se byen koni pami nou menm ke yo pale kont li toupatou.”
23 Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan Trav 1:3temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè. 24  Trav 14:14Kèk te vin kwè akoz bagay ki te pale yo, men lòt yo te refize kwè. 25 Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo, 26 Lè l te di:
És 6:9‘Ale nan pèp sa epi di:
“Nou va toujou tande,
men nou p ap konprann.
Nou va toujou gade,
men nou p ap wè anyen.
27 Paske kè a moun sa yo vin di.
Zòrèy pa yo, yo manke tande.
E yo fèmen zye yo;
otreman pou yo ta wè avèk zye yo,
tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo,
e retounen, pou Mwen ta geri yo.’
28 “Konsa, Kite l byen konnen a nou menm, ke Sòm 98:3delivrans sila gen tan voye osi a pèp etranje yo. Yo menm va koute.” 29 Lè li te fin pale pawòl sa yo, Jwif yo te pati, e yo t ap diskite pami yo menm.
30 Konsa, Paul te rete la pandan dezan nan pwòp chanm li ke li te lwe a. Li te trè kontan resevwa tout sila ki te vin wè li yo. 31 Li t ap Mat 4:23preche wayòm Bondye a, e t ap enstwi konsènan Senyè a Jésus Kri, avèk tout libète, san anpèchman.

28:1 Trav 27:39

28:1 Trav 27:26

28:2 Trav 28:4

28:4 Luc 13:2,4

28:6 Trav 14:11

28:8 Mat 9:18

28:11 Trav 27:6

28:15 Trav 1:15

28:16 Trav 24:23

28:17 Trav 25:8

28:17 Trav 6:14

28:18 Trav 23:29

28:20 Trav 24:5

28:21 Trav 3:17

28:22 Trav 24:14

28:23 Trav 1:3

28:24 Trav 14:14

28:26 És 6:9

28:28 Sòm 98:3

28:31 Mat 4:23