2
Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou II Sam 12:5-7jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. Men èske ou sipoze sa Luc 12:14o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? Oubyen èske ou panse ke Wo 9:23richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? Men akoz de tèt ak kè di nou, Det 32:34nou ap ranmase vanjans Bondye Sòm 110:5pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. Li menm Sòm 62:12va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. Sila yo ki Luc 8:15pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste Wo 1:16premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.
10 Men Wo 2:7laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye Det 10:17pa gen patipri. 12 Paske tout moun ki fè peche Trav 2:23san Lalwa a va peri osi san Lalwa a, e tout moun ki fè peche anba Lalwa a va jije pa Lalwa a. 13 Paske se pa Mat 7:21,24sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye. 14 Paske lè pèp etranje yo ki pa gen Lalwa a, fè pa Trav 10:35ensten sa ke Lalwa a mande, sila yo, san menm gen lalwa a, vini yon lwa pou kont yo. 15 Konsa yo demontre ke Wo 2:14,27zèv Lalwa yo se byen ekri nan kè yo. Se pwòp konsyans yo ki bay temwayaj, epi panse yo, pafwa ap bay kondanasyon e pafwa ap defann yo. 16 Nan jou sa a selon levanjil mwen an, Trav 10:42Bondye ap jije tout sekrè a lèzòm selon Jésus Kri.
17 Men si nou pote tit “Jwif”, Mi 3:11depann de Lalwa, e vante tèt nou nan Bondye, 18 konnen volonte Li, e Fil 1:10vin dakò avèk tout bagay ki nesesè, paske se nou menm ki enstwi selon Lalwa a, 19 si nou rete byen si ke nou menm se gid avèg yo, yon limyè pou sila ki nan tenèb yo, 20 yon korektè pou ensanse yo, yon pwofesè pou sila ki poko gen matirite yo, akoz ke nou gen Lalwa a kòm Wo 3:31vrè baz konesans ak verite a; 21 konsa, nou menm Mat 23:3ki enstwi lòt yo, èske nou pa enstwi pwòp tèt nou? Nou menm ki preche ke yon moun pa dwe vòlè, èske nou vòlè? 22 Nou menm ki di ke yon moun pa dwe fè adiltè, èske nou fè adiltè? Nou menm ki rayi zidòl yo, èske nou konn vòlè tanp yo? 23 Nou menm ki Mi 3:11vante tèt nou nan Lalwa a, malgre nou vyole Lalwa a, èske nou dezonore Bondye? 24 Paske jan sa ekri a: És 52:5“Non Bondye a blasfeme pa etranje yo akoz de nou”. 25 Paske anverite, sikonsizyon gen valè si nou ap pratike Lalwa a, men si nou se yon transgresè Lalwa a, Jr 4:4sikonsizyon sa a gen tan vini ensikonsizyon. 26  I Kwo 7:19Donk, si yon nonm ki pa fizikman sikonsi Wo 8:4swiv tout règleman Lalwa yo, èske ensikonsizyon li an pa konsidere kòm sikonsizyon? 27 Epi li menm ki pa sikonsi fizikman, si li gade lalwa a, èske li p ap Mat 12:41jije nou, ki malgre nou gen chak lèt lalwa a ak sikonsizyon, se vyolatè lalwa a? 28 Paske Jn 8:39sa ki fè yon moun Jwif se pa sa ki parèt deyò a. Ni vrè sikonizyon an se pa sa ki fèt nan chè eksteryè a. 29 Men yon vrè Jwif se sila ki sikonsi pa anndan. Det 30:6Sikonsizyon an se sa ki fèt nan kè, pa Lespri Sen an, men pa selon lèt lalwa a. Jn 5:44Lwanj pa li pa sòti nan lòm, men nan Bondye.

2:1 II Sam 12:5-7

2:3 Luc 12:14

2:4 Wo 9:23

2:5 Det 32:34

2:5 Sòm 110:5

2:6 Sòm 62:12

2:7 Luc 8:15

2:9 Wo 1:16

2:10 Wo 2:7

2:11 Det 10:17

2:12 Trav 2:23

2:13 Mat 7:21,24

2:14 Trav 10:35

2:15 Wo 2:14,27

2:16 Trav 10:42

2:17 Mi 3:11

2:18 Fil 1:10

2:20 Wo 3:31

2:21 Mat 23:3

2:23 Mi 3:11

2:24 És 52:5

2:25 Jr 4:4

2:26 I Kwo 7:19

2:26 Wo 8:4

2:27 Mat 12:41

2:28 Jn 8:39

2:29 Det 30:6

2:29 Jn 5:44