7
Alò, fis a Issacar yo se te kat: Thola, Pua, Jaschub avèk Schimron. Fis a Thola yo te Uzzi, Rephaja, Jeriel, Jachmaï, Jibsam ak Samuel, chèf lakay zansèt pa yo a. Fis a Thola yo te mesye gwo kouraj nan jenerasyon pa yo; II Sam 24:1-9fòs kantite yo nan jou a David yo te venn-de-mil-sis-san. Fis a Uzzi a te Jizrachja. Fis a Jizrachja yo: Micaël, Abdias, Joël, Jischija; tout nan senk sa yo se te moun I Kwo 5:24chèf yo te ye. Avèk yo pa jenerasyon pa yo selon lakay zansèt pa yo, te trann-si-mil sòlda nan lame pou fè lagè, paske yo te gen anpil madanm avèk fis. Fanmi pa yo pami tout fanmi a Issacar yo te mesye gwo kouraj, anrejistre selon zansèt pa yo; antou, katre-ven-mil sòlda.
I Kwo 8:1-40Fis a Benjamin yo se te twa: Béla, Béker avèk Jediaël. Fis Bela yo te senk: Etsbon, Uzzi, Uziel, Jerimoth avèk Iri. Yo te chèf lakay zansèt pa yo, mesye ak gwo kouraj e yo te venn-de-mil-trant-kat anrejistre pa zansèt pa yo. Fis a Béker yo: Zemira, Joasch, Éliézer, Eljoénaï, Omri, Jerémoth, Abija, Anathoth avèk Alameth; tout nan senk sa yo te fis a Béker. Yo te anrejistre pa zansèt pa yo selon jenerasyon pa yo, chèf lakay zansèt pa yo, ven-mil-de-san mesye ak gwo kouraj. 10 Fis a Jediaël la: Bilhan. Fis a Bilhan yo: Jeusch, Benjamin, Éhud, Kenaana, Zéthan, Tarsis ak Achischachar, 11 Tout sila yo te fis a Jediaël, selon chèf a lakay papa yo, di-sèt mil-de-sant mesye ak gwo kouraj ki te prè pou sòti fè lagè avèk lame a. 12 Schuppim avèk Huppim te fis a Ir yo; Huschim te fis a Acher a.
13 Fis a Nephthali yo: Jahtsiel, Guni, Jetser avèk Schallum, fis a Bilha yo.
14 Fis a Manassé yo: Asriel, fèt pa ti mennaj Siryen li an; li te fè Makir, papa a Galaad. 15 Makir te pran yon madanm pou Huppim ak Schuppim. Non a sè li a te Maaca. Non a dezyèm fis la te Tselophchad; epi Tselophchad te gen fi. 16 Maaca, madanm a Mamakir a te fè yon fis e te rele li Péresch; non a frè li a te Schéresch e fis pa li yo te Ulam avèk Rékem. 17 Fis a Ulam la te Bedan. Sila yo te fis a Galaad, fis a Makir a, fis a Manassé a. 18 Sè li, Hammoléketh te fè Ischhod, Abiézer ak Machla. 19 Fis a Schemida yo te Achjan, Sichem, Likchi ak Aniam.
20  Nonb 26:35-36Fis a Éphraïm yo: Schutélach; Béred, fis pa li; Thachath, fis pa li; Éleada, fis pa li; Thachath, fis pa li; 21 Zabad, fis li; Schutélach, fis li; Ézer avèk Élead ki mesye Gath ki te fèt nan peyi yo te touye, akoz yo te desann pou vòlè bèt yo. 22 Papa yo, Éphraïm te Jen 37:34kriye pandan anpil jou e fanmi li te vini rekonfòte l. 23 Epi li te vin antre nan madanm li, li te vin ansent, li te fè yon fis e li te bay li non Beria, akoz malè ki te rive lakay li a. 24 Fi li a se te Scheera, Jos 16:3-5ki te bati ni ba ni wo Beth-Horon, avèk Uzzen-Schééra. 25 Réphach, fis li a ak Rescheph; Thélach, fis li a; Thachan, fis li a; 26 Laedan, fis li a; Ammihud, fis li a; Élischama, fis li a; 27 Nun, fis li a; Josué, fis li a. 28 Teritwa pa yo avèk anplasman pa yo te Béthel avèk vil pa li yo ak nan lès Naaran; nan lwès, Guézer avèk vil pa li yo, Sichem avèk vil pa li yo, jis rive Gaza avèk vil pa li yo e Sichem avèk vil pa li yo jis rive nan Ayya avèk vil pa li yo, 29 epi tou, nan longè fwontyè a fis Manassé yo, Beth-Schean avèk vil pa li yo, Thaanac avèk vil pa li yo, Meguiddo avèk vil pa li yo, Dor avèk vil pa li yo. Nan sila yo, te viv Jij 1:22-29fis a Joseph yo, fis a Israël a.
30 Fis a Aser yo: Jimna, Jischiva, Jischvi ak Beria; avèk Sérach, sè yo. 31 Fis a Beria yo: Héber avèk Malkiel, ki te papa a Birzaith. 32 Héber te vin papa a Japhleth, Schomer avèk Hotham ak Schua, sè yo. 33 Fis a Japhleth yo: Pasac, Bimhal ak Aschvath. Sila yo se te fis a Japhleth yo. 34 Fis a Schamer yo: Achi, Rohega, Hubba ak Aram. 35 Fis a Hélem yo, frè li a: Tsophach, Jimna, Schélèsch ak Amal. 36 Fis a Tsophach yo: Suach, Harnépher, Schual, Béri, Jimra, 37 Betser, Hod, Schamma, Schilscha, Jithran ak Beéra. 38 Fis a Jéther yo: Jephunné, Pispa ak Ara. 39 Fis a Ulla yo: Arach, Hanniel ak Ritsja. 40 Tout sila yo te fis a Aser, chèf lakay zansèt pa yo, mesye byen chwazi, byen fò e plen ak kouraj, chèf an tèt sou chèf yo. Epi non pa yo anrejistre selon zansèt pa yo, pou sèvis lagè te venn-si-mil òm.

7:2 II Sam 24:1-9

7:3 I Kwo 5:24

7:6 I Kwo 8:1-40

7:20 Nonb 26:35-36

7:22 Jen 37:34

7:24 Jos 16:3-5

7:29 Jij 1:22-29