5
Alò, fis a Ruben yo, premye ne an Israël la (paske se te premye ne li te ye, men akoz Jen 35:22li te konwonpi kabann papa li, dwa nesans li te bay a fis a Joseph yo, fis Israël la; epi pou sa, li pa anwole nan istwa desandan yo selon dwa nesans lan. Sepandan Juda te reyisi depase frè li yo e Mi 5:2soti nan li, chèf la te parèt, malgre dwa nesans lan te pou Joseph), fis a Ruben yo, premye ne an Israël la: Hénoc, Pallu, Hetsron ak Carmi. Fis a Joël yo: Schemaeja, fis pa li a, Gog, fis pa li a; Schimeï, fis pa li a; Michée, fis pa li a; Reaja, fis pa li a; Baal, fis pa li a. Beéra, fis pa li a ke Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a te mennen an kaptivite: li te chèf a Ribenit yo. Fanmi a Beéra yo, selon fanmi pa yo, I Kwo 5:17nan istwa zansèt yo te Jeiel, chèf la ak Zechariah. Epi Béla, fis a Azaz la, fis a Schéma a, fis a Joël la. Béla te rete Aroër e teritwa yo te jiska Neb ak Baal-Meon; nan lès, li te rete jis rive nan antre dezè a soti nan rivyè Euphrate la, Jos 22:8-9akoz bèt pa yo te tèlman ogmante nan peyi Galaad la.
10 Nan jou a Saül yo, I Kwo 5:18-21yo te fè lagè avèk Agarenyen ki te tonbe pa men yo, jiskaske yo te vin rete nan tant pa yo toupatou nan tout teritwa lès a Galaad la.
11 Alò, fis a Gad yo te rete anfas yo nan peyi Jos 13:11Basan an jis rive Salca. 12 Joël te chèf e Schapham te dezyèm nan ak Jaenaï avèk Schaphath nan Basan. 13 Fanmi pa yo selon lakay papa yo: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Zia ak Éber, sèt antou. 14 Sila yo se te fis a Abichaïl yo, fis a Huri a, fis a Jaroach la, fis a Galaad la, fis a Micaël la, fis a Jeschischaï a, fis a Jachdo a, fis a Buz la; 15 Achi, fis a Abdiel la, fis a Guni a, tèt lakay papa yo. 16 Yo te rete Galaad nan Basan, nan vil pa li yo ak nan tout teren patiraj yo nan És 35:2Saron jis rive nan limit lizyè pa yo. 17 Tout sila yo te anwole nan chif zansèt yo nan jou a II Wa 15:5-32Jotham yo, wa Juda a ak nan jou II Wa 14:16-28Jéroboam yo, wa Israël.
18 Fis a Ruben yo ak Gadit yo avèk mwatye Manassé yo, mesye a gwo kouraj yo, mesye ki te pote boukliye avèk nepe yo, te tire avèk banza e yo te fò nan batay, karant-kat-mil-sèt-san-swasant moun ki te Nonb 1:3ale nan gè a. 19 Yo te fè lagè kont Agarenyen yo, Jen 25:15Jethur, Naphisch ak Nodab. 20 Yo te twouve soutyen kont yo e Agarenyen yo avèk tout sila ki te avèk yo te livre nan men yo; paske II Kwo 14:11-13yo te kriye fò a Bondye nan batay la e Li te reponn lapriyè yo, akoz yo te mete konfyans yo nan Li. 21 Yo te pran tout twoupo bèt yo: senkant-mil chamo, de-san-senkant-mil mouton, de-mil bourik; epi san-mil òm. 22 Paske anpil moun te mouri, akoz Jos 23:10lagè a te sòti nan Bondye. Epi yo te vin rete nan plas pa yo jis rive nan lè egzil la.
23 Alò, fis a mwatye tribi Manassé yo te rete nan peyi a; soti nan Bashan jis rive nan Baal-Hermon avèk Det 3:9Senir e Mòn Hermon yo te anpil. 24 Sila yo se te tèt lakay zansèt yo, menm Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie Hodavia ak Jachrenom; mesye gwo kouraj yo, chèf lakay zansèt pa yo. 25 Men yo te Det 32:15-18aji avèk trayizon kont Bondye a papa yo a e te jwe pwostitiye a nan kouri dèyè dye a pèp peyi ke Bondye te detwi devan yo a. 26 Pou sa, Bondye Israël la te chofe lespri a II Wa 15:19-20Pul, wa Assyrie a, menm lespri a Tilgath-Pilnéser, wa Assyrie a e li te pote yo ale an egzil, menm Ribenit yo, Gadit yo ak mwatye tribi Manassé yo e te fè yo rive nan Chalach, nan Chabor, nan Hara ak nan flèv Gozan nan, kote yo rete menm jis rive jodi a.

5:1 Jen 35:22

5:2 Mi 5:2

5:7 I Kwo 5:17

5:9 Jos 22:8-9

5:10 I Kwo 5:18-21

5:11 Jos 13:11

5:16 És 35:2

5:17 II Wa 15:5-32

5:17 II Wa 14:16-28

5:18 Nonb 1:3

5:19 Jen 25:15

5:20 II Kwo 14:11-13

5:22 Jos 23:10

5:23 Det 3:9

5:25 Det 32:15-18

5:26 II Wa 15:19-20