4
I Kwo 2:3Fis a Juda yo: Pérets, Hetsron, Carmi, Hur ak Shobal. Reaja, fis a Shobal la, te vin papa a Jachath; Jachath te fè Achumaï avèk Lahad. Sila yo se te fanmi a Soreatyen yo. Men desandan a Étham yo: Jizreel, Jischma ak Jidbach; sè yo te rele Hatselelponi. Penuel se te papa a Guedor e Ézer papa a Huscha. Men fis a Hur yo; premye ne a, Éphrata, papa a Bethléem. Aschchur, papa a Tekoa, te gen de madanm: Hélea avèk Naara. Naara te fè pou li Achuzzam, Hépher, Thémeni ak Ashaschthari: men fis a Naara yo. Fis a Hélea yo: Tséreth, Tsochar ak Ethnan. Kots te fè Anub avèk Hatsobéba ak fanmi a Acharchel yo, fis a Harum yo.
Jaebets te gen plis onè pase frè li yo e manman li te rele li Jaebets epi te di: “akoz mwen te fè l avèk gwo doulè”.
10 Jaebets te rele Bondye Israël la epi te di: “O ke Ou beni mwen, anverite e agrandi lizyè mwen e ke men Ou avè m, ke Ou pwoteje m de mal pou m pa ta twouble akoz li.”
Epi Bondye te bay li sa li te mande a.
11 Kelub, frè a Schucha a, te fè Mechir ki te papa a Eschthon. 12 Eschthon te soti lakay Rapha, Paséach ak Thechinna, papa a Nachasch. Sila yo se te moun a Réca yo. 13 Alò, fis a Kenaz yo: Othniel avèk Seraja. Fis a Othniel la: Hathath. 14 Meonothaï te fè Ophra. Seraja te fè Joab, papa a atizan yo; paske li menm te yon atizan. 15 Fis a Caleb yo, ki te fis a Jephunné a: Iru, Éla avèk Naam e fi yo, Éla avèk Kenaz. 16 Fis a Jehalléleel yo: Ziph, Zipha, Thirja ak Asareel. 17 Fis a Esdras yo: Jéther, Méred, Épher ak Jalon. Madanm a Méred la te fè Miriam, Schammaï ak Jischbach, papa Eschthemoa. 18 Madanm li, Juif te fè Jéred, papa a Guedor, Héber, papa a Soco, avèk Jekuthiel, papa a Zanoach. 19 Fis a madanm a Hodija yo, sè a Nacham nan, se te zansèt a Kehila yo, Gamyen yo, ak Eschthemoa, Maakatyen yo. 20 Fis a Simon yo: Amnon, Rinna, Ben-Hanan ak Thilon. Epi fis a Jischeï yo: Zocheth ak Ben-Zocheth. 21 Fis a Schéla yo, ki te fis a Juda a: Er, papa a Léca, Laeda, papa a Maréscha, avèk fanmi lakay travayè twal nan Béth-Aschbéa yo, 22 avèk Jokim, mesye a Cozéba yo, Joas ak Saraph, ki te renye Moab avèk Jaschubi-Léchem. Achiv sila yo tèlman ansyen. 23 Sila yo se te moun ki te fè veso ajil ki te abite Netayaim avèk Gedera; yo te rete la avèk wa a pou fè travay li. 24 Fis a Siméon yo: Nemuel, Jamin, Jarib, Zérach, Saül. 25 Schallum, fis li a. Mibsam, fis li a. 26 Fis a Mischma yo: Hammuel, fis li a, Zaccur, fis li a ak Schimeï, fis li a. 27 Schimeï te gen sèz fis avèk sis fi. Frè li yo pa t fè anpil fis, ni fanmi pa yo pa t miltipliye kon fis a Juda yo. 28 Yo te rete Beer-Schéba, nan Molada ak nan Hatsar-Schual, 29 nan Bilha, nan Etsem, nan Tholad, 30 nan Bethuel, nan Horma, nan Tsiklag, 31 nan Beth-Marcaboth, nan Hatsar-Susim, nan Beth-Bireï ak nan Schaaraïm. Sila yo se te vil pa yo jiska règn a wa David la. 32 Vilaj pa yo te Etham, Ain, Rimmon, Thoken ak Aschan, senk vil yo; 33 epi tout vil pa yo ki te antoure menm vil sila yo jis rive Baal. Se te anplasman pa yo e yo genyen istwa zansèt pa yo. 34 Meschobab, Jamlec, Joscha, fis a Amatsia a; 35 epi Joël avèk Jéhu, fis a Joschibia a, fis a Seraia a, fis a Asiel la; 36 Eljoénaï, Jaakoba, Jeschochaja, Asaja, Adiel, Jesimiel, Benaja, 37 Ziza, fis a Allon an, fis a Jedaja a, fis a Schimri a, fis a Schemaeja a. 38 Sila ki mansyone pa non yo se te chèf lakay fanmi pa yo; epi lakay zansèt pa yo te chèf nan fanmi pa yo e lakay fanmi pa yo te grandi anpil. 39 Yo te rive jis nan antre Guedor, jis nan kote lès a vale a pou chache patiraj pou twoupo pa yo. 40 Yo te jwenn pa yo ki te trè rich e trè bon, Jij 18:7-10peyi a te vas e kalm, epi te gen lapè; paske sila ki te rete la oparavan yo te desandan de Cham. 41  I Kwo 4:33-38Sila yo, dechifre pa non te vini nan jou a Ézéchias yo, wa Juda a e te atake tant pa yo e avèk Mawonit ki te rete la yo, te detwi yo nèt jis rive jou sa a pou te rete nan plas pa yo, akoz te gen patiraj pou twoupo pa yo. 42 Sòti nan yo, depi nan fis Siméon, senk-san mesye te monte nan Mòn Séir avèk Pelathia, Nearia, Rephaja e Uziel, fis a Jischeï a. 43  I Sam 15:7-8Yo te detwi retay Amalekit ki te chape yo e te rete la jis rive jodi a.

4:1 I Kwo 2:3

4:40 Jij 18:7-10

4:41 I Kwo 4:33-38

4:43 I Sam 15:7-8