NOMB YO
1
SENYÈ a te pale a Moïse nan dezè Sinaï a, nan tant asanble a, nan premye jou a dezyèm mwa a, nan dezyèm ane lè yo te fin sòti nan peyi Égypte la. Li te di: Egz 12:37 “Fè yon chif kontwòl tout asanble fis Israël yo selon fanmi zansèt pa yo, selon papa lakay yo, selon kantite, non a chak gason, tèt pa tèt, soti nan Egz 30:14 ventan oplis, nenpòt moun ki kapab fè lagè an Israël. Ou menm avèk Aaron va konte yo pa lame yo. Anplis de nou menm, va genyen yon moun ki sòti nan chak tribi, Egz 18:21-25 yo chak ki se tèt a fanmi zansèt pa li.
“Alò, sa yo se nonm mesye ki va kanpe avèk ou yo: Det 33:6 pou Ruben: Élitsur, fis a Schedéur; pou Siméon: Schelumiel, fis a Tsurischaddaï; pou Juda: Rt 4:20 Nachschon, fis a Amminadab; pou Issacar: Nethaneel, fis a Tsuar; pou Zabulon: Éliab, fis a Hélon; 10 pou fis a Joseph yo, pou Éphraïm: Élischama, fis a Ammihud; pou Manassé: Gamaliel, fis a Pedahtsur; 11 pou Benjamin: Abidan, fis a Guideoni; 12 pou Dan: Ahiézer, fis a Mamischaddaï; 13 pou Aser: Paguiel, fis a Ocran; 14 pou Gad: Éliasapah, fis a Nonb 2:14 Déuel; 15 pou Nephthali: Ahira, fis a Énan.”
16 Se sila yo ki te Egz 18:21 rele pa asanble a, dirijan a tribi fanmi zansèt pa yo; yo te chèf a dè milye an Israël. 17 Konsa, Moïse avèk Aaron te pran mesye sa yo ki te chwazi pa non yo. 18 Yo te reyini tout kongregasyon an ansanm nan premye jou nan dezyèm mwa a. Konsa, yo te fè anrejistreman selon Esd 2:59 fanmi zansèt pa yo, selon kay papa yo, selon kantite ki te nome yo, soti nan ventan oswa plis, tèt pa tèt. 19 Jan II Sam 24:1 SENYÈ a te kòmande Moïse la, konsa li te konte yo nan dezè ki rele Sinaï a.
20  Nonb 26:5-7 Alò fis a Ruben yo, premye ne pou Israël, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 21 Kantite mesye ki te konte nan tribi Ruben an te karann-si-mil-senk san (46,500).
22  Nonb 26:12-14 Pou fis Siméon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 23 Kantite mesye ki te konte nan tribi Siméon an te senkant-nèf-mil, twa-san (59,300).
24  Jos 4:12 Pou fis Gad yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite ki te nome yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 25 Kantite mesye ki te konte nan tribi Gad la te karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).
26  Sòm 78:68Pou fis Juda yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 27 Kantite mesye ki te konte nan tribi Juda a te swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).
28  Nonb 26:23-35Pou fis Issacar yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 29 Kantite mesye ki te konte nan tribi Issacar a te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).
30  Nonb 26:26-27Pou fis Zabulon yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 31 Kantite mesye ki te konte nan tribi Zabulon an te senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).
32  Jr 7:15Pou fis Joseph sa vle di Éphraïm, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 33 Kantite mesye ki te konte nan tribi Éphraïm nan te karann-sèt-mil-senk-san (47,500).
34  Nonb 26:28-34Pou fis Manassé yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 35 Fòs kantite mesye ki te konte nan tribi Manassé a te trann-de-mil-de-san (32,200).
36  II Kwo 17:17Pou fis Benjamin yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 37 Kantite mesye ki te konte nan tribi Benjamin an te trann-senk-mil-kat-san (35,400).
38  Jen 30:6Pou fis Dan yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 39 Kantite mesye ki te konte nan tribi Dan nan te swasann-de-mil-sèt-san (62,700).
40  Nonb 26:44-47 Pou fis Aser yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 41 Kantite mesye ki te konte nan tribi Aser a te karanteyen-mil-senk-san (41,500).
42  Nonb 26:48-50 Pou fis Nephthali yo, anrejistreman pa yo selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè. 43 Kantite mesye ki te konte nan tribi Nephtali a te senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
44 Sa yo se sila ki te konte yo, ke Moïse avèk Aaron te konte yo, selon chèf Israël yo, douz gason, chak ki te sòti lakay zansèt papa pa yo. 45 Konsa se tout gason nan fis Israël yo ki te konte selon fanmi zansèt yo, selon fanmi papa pa yo, selon kantite non yo, tèt pa tèt, tout gason soti nan ventan oswa plis ki ta kapab fè lagè an Israël. 46 Jiskaske tout mesye ki te konte yo te Nonb 2:32 sis-san-twa-mil-senk-san-senkant. (603,550).
47  Nonb 2:33Men Levit yo pa t konte pami yo selon tribi zansèt papa pa yo. 48 Paske SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 49 “Sèlman tribi Levi a, Nonb 26:62 nou p ap konte, ni nou p ap fè kontwòl anrejistreman pa yo pami fis Israël yo. 50 Men nou va Egz 38:21 chwazi Levit yo sou tabènak temwayaj la, sou tout zafè li yo ak tout sa ki apatyen a li menm. Yo va pote tabènak la avèk tout zafè li, e yo va okipe li; yo va osi fè kan antoure tabènak la. 51  Nonb 4:1-33 Konsa lè tabènak la ap pati, Levit yo va desann li; epi lè tabènak la vin kanpe, Levit yo va monte li. Men sila ki pa Levit ki vin toupre va vin mete a lanmò.
52  Nonb 2:2-34 “Fis Israël yo va fè kan, chak mesye bò kote kan pa li, e chak mesye bò drapo pa li, selon lame yo. 53 Men Levit yo va fè kan antoure tabènak temwayaj la, pou kòlè pa vin sou asanble fis Israël yo. Nonb 8:24 Konsa Levit yo va kenbe chaj sou Tabènak Temwayaj la.”
54 Se konsa ke fis Israël yo te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, konsa yo te fè.

1:2 Egz 12:37

1:3 Egz 30:14

1:4 Egz 18:21-25

1:5 Det 33:6

1:7 Rt 4:20

1:14 Nonb 2:14

1:16 Egz 18:21

1:18 Esd 2:59

1:19 II Sam 24:1

1:20 Nonb 26:5-7

1:22 Nonb 26:12-14

1:24 Jos 4:12

1:26 Sòm 78:68

1:28 Nonb 26:23-35

1:30 Nonb 26:26-27

1:32 Jr 7:15

1:34 Nonb 26:28-34

1:36 II Kwo 17:17

1:38 Jen 30:6

1:40 Nonb 26:44-47

1:42 Nonb 26:48-50

1:46 Nonb 2:32

1:47 Nonb 2:33

1:49 Nonb 26:62

1:50 Egz 38:21

1:51 Nonb 4:1-33

1:52 Nonb 2:2-34

1:53 Nonb 8:24