2
Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: Nonb 1:52 Fis Israël yo va fè kan, chak bò kote pwòp drapo pa yo, avèk drapo lakay papa zansèt pa yo. Yo va fè kan antoure tant asanble a, a yon distans.
Alò, sila ki fè kan nan kote lès la vè solèy leve yo va sila nan drapo kan an Juda yo, selon lame pa yo. Chèf dirijan a fis Juda yo va I Kwo 2:10 Nachschon, fis a Amminadab la, avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo, swasann-katòz-mil-sis-san (74,600).
Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Issacar. Chèf dirijan an va Nethaneel, fis a Tsuar a, avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-kat-mil-kat-san (54,400).
Sila a va swiv pa Zabulon, avèk chèf dirijan fis Zabulon yo: Nonb 1:9 Eliab, fis a Hélon an, avèk lame pa li, men mesye ki te konte yo, senkant-sèt-mil-kat-san (57,400).
Total a mesye ki te konte nan kan Juda a te: san-katreven-si-mil-kat-san (186,400) selon lame pa yo. Nonb 10:14 Yo va sòti avan.
10 Nan kote sid la va gen drapo a kan Ruben an selon lame pa yo. Chèf a fis Ruben yo te: Nonb 1:5 Élitsur fis a Schedéur a, 11 avèk lame pa li. Men mesye ki konte yo, karant-si-mil-senk-san (46,500).
12 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Siméon. Chèf a fis Siméon yo te: Nonb 1:6 Schelumiel, fis a Tsurischaddaï la, 13 avèk lame pa li. Mesye ki te konte yo te senkant-nèf-mil-twa-san (59,300).
14 Swiv pa tribi Gad la, avèk chèf a fis Gad yo: Nonb 1:14 Éliasapah, fis a Déuel la, 15 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; karann-senk-mil-sis-san-senkant (45,650).
16 Total a mesye konte nan kan Ruben an te: san-senkanteyen-mil-kat-san-senkant (151,450). Nonb 10:18Se yo k ap sòti nan dezyèm nan.
17  Nonb 1:53Konsa, tant asanble a va sòti avèk kan levit yo nan mitan kan yo. Menm jan ke yo fè kan an, konsa yo va sòti, chak moun nan plas li bò kote drapo pa li. 18 Nan kote lwès la, va gen drapo kan Ephraïm lan selon lame pa yo e chèf a fis Ephraïm yo va Nonb 1:10Élischama fis a Ammihud la. 19 Nan lame pa li, men sa ki konte yo; karann-mil-senk-san (40,500).
20 Akote li va gen tribi Manassé a, e chèf a fis Manassé yo te: Nonb 1:10 Gamaliel, fis a Pedahstsur a, 21 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo, trant-de-mil-de-san (32,200).
22 Apre se tribi a Benjamin an, e chèf a tribi Benjamin an te: Nonb 1:11Abidan, fis a Gideoni a, 23 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; trann-senk-mil-kat-san (35,400).
24 Total a mesye konte nan kan Ephraïm yo te: san-ui-mil-san (108,100) pa lame pa yo. Nonb 10:22Yo va sòti nan twazyèm nan.
25 Nan kote nò va gen drapo pou kan Dan an, selon lame pa yo, e chèf a fis Dan yo te: Nonb 1:12 Ahiézer, fis a Ammischaddaï a, 26 avèk lame pa li. Men mesye ki te konte yo; swasann-de-mil-sèt-san (62,700).
27 Sila ki fè kan bò kote li yo va nan tribi Aser, e chèf a fis a Aser yo te: Nonb 1:13Paguiel, fis a Ocran an, 28 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; karanteyen-mil-senk-san (41,500).
29 Apre se te tribi a Nephtali a, e chèf a fis a Nephtali yo te: Nonb 1:15Ahira, fis a Énan an, 30 avèk lame pa li. Men mesye sila ki te konte yo; senkant-twa-mil-kat-san (53,400).
31 Total a mesye nan kan Dan yo te san-senkant-sèt-mil-sis-san. (157,600) Nonb 10:25 Yo va sòti dènye avèk drapo pa yo.
32 Sa yo se mesye ki te konte a fis Israël yo selon lakay papa zansèt pa yo; total a mesye a tout kan yo ki te konte pa lame yo te Egz 38:26 sis-san-twa-mil-senk-san-senkant (603,550) 33 Malgre sa, Nonb 1:47 Levit yo pa t konte pami fis Israël yo, jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
34 Konsa fis a Israël te fè. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, yo te fè kan bò kote drapo pa yo, e konsa yo te sòti, yo chak avèk pwòp fanmi pa yo selon lakay zansèt papa yo.

2:2 Nonb 1:52

2:3 I Kwo 2:10

2:7 Nonb 1:9

2:9 Nonb 10:14

2:10 Nonb 1:5

2:12 Nonb 1:6

2:14 Nonb 1:14

2:16 Nonb 10:18

2:17 Nonb 1:53

2:18 Nonb 1:10

2:20 Nonb 1:10

2:22 Nonb 1:11

2:24 Nonb 10:22

2:25 Nonb 1:12

2:27 Nonb 1:13

2:29 Nonb 1:15

2:31 Nonb 10:25

2:32 Egz 38:26

2:33 Nonb 1:47