10
Senyè a te pale avèk Moïse. Li te di li: Fè pou ou menm de twonpèt an ajan, yon zèv ajan ki bat, ou va fè yo. Konsa, ou va sèvi ak yo pou fè tout asanble a rasanble, e pou fè kan yo pati. Jr 4:5 Lè toude vin sone, tout kongregasyon an va rasanble yo menm anvè ou nan pòtay a tant asanble a. Men si se yon sèl ki sone, alò, se Egz 18:21 chèf yo, tèt a dè milye an Israël yo ki va rasanble devan ou. Lè nou sone pou avèti, kan ki rete Nonb 10:14 nan kote lès yo, va pati. Lè nou sone pou avèti yon dezyèm fwa, kan ki nan Nonb 10:18 kote sid yo, va pati. Yon son avèti va soufle pou yo pati. Sepandan, lè nou ap reyini asanble a, ou va soufle twonpèt yo, men pa avèk son Jl 2:1 avèti yo.
Nonb 31:6 Anplis, se prèt yo, fis a Aaron yo ki va soufle twonpèt yo. Konsa, sa va pou nou yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Lè nou fè lagè nan peyi nou kont advèsè ki vin atake nou yo, alò, nou va sone yon son avèti avèk twonpèt yo, pou nou kapab Jen 8:1 sonje devan SENYÈ a, Bondye nou an, e vin sove de lènmi nou yo. 10 “Osi, nan jou kè kontan yo, nan fèt apwente nou yo, ak nan premye jou nan mwa nou yo, Sòm 81:3-5 nou va sone twonpèt yo sou ofrann brile nou yo, sou ofrann sakrifis lapè yo. Yo va tankou yon son pou nou menm devan Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.”
11 Alò, nan Egz 40:17 dezyèm ane a, nan dezyèm mwa a, nan ventyèm nan mwa a, nwaj la te leve pa anwo tabènak temwayaj la. 12 Konsa, fis Israël yo te pati nan Egz 40:36 vwayaj yo soti nan dezè a Sinaï a. Epi nwaj la te vin tan nan Nonb 12:16dezè Paran an. 13  Det 1:6 Konsa, yo te derape pou premye fwa selon kòmandman SENYÈ a, selon Moïse.
14 Drapo kan Juda a selon lame pa yo, Nonb 2:3-9te sòti avan, avèk Nachschon, fis a Amminadab la sou lame pa li. 15 Nethaneel, fis a Tsuar a, te sou lame tribi a fis Issacar yo. 16 Eliab, fis a Hélon an, te sou lame tribi a fis Zabulon an, 17  Nonb 4:21-32Tabènak la te vin demonte, epi fis a Guerschon yo avèk fis a Merari yo, ki t ap pote tabènak la, te pati.
18 Apre, Nonb 2:10-16drapo kan Ruben an, selon lame pa yo te pati avèk Élitsur, fis a Schedéur a sou lame pa li. 19 Schelumiel, fis a Tsurischaddaï a te sou lame tribi a fis Siméon yo. 20 Élisaph, fis a Déuel la te sou lame tribi a fis Gad yo. 21  Nonb 4:4-20Epi Kehath yo te derape. Yo t ap pote bagay sen yo. Lòt yo te gen tan monte tabènak avan ke yo te rive.
22  Nonb 2:18-24Apre, drapo a kan Ephraïm nan te pati, selon lame pa yo. Élischama, fis a Ammihud la te sou tèt lame pa li a. 23 Gamaliel, fis a Pedahstsur te sou tèt lame tribi a fis Manassé yo. 24 Abidan, fis a Guideoni te sou tèt lame a fis Benjamin yo.
25 Drapo kan fis a Dan nan, selon lame yo, te fòme gad an aryè pou tout kan yo. Yo derape avèk Ahiézer, fis a Ammischaddaï sou tèt lame pa li a. 26 Paguiel, fis a Ocran an te sou tèt lame tribi a fis Aser yo. 27 Ahira, fis a Énan an, te sou tèt lame tribi a fis Nephtali yo. 28 Konsa te lòd vwayaj la a pou fis Israël yo selon lame pa yo, lè yo te vin pati.
29 Moïse te di a Hobab, fis a Réuel la, Madyanit lan, bòpè a Moïse la: “Nou ap pati pou kote ke SENYÈ a te di a, ‘Mwen va bannou li.’ Vini avèk nou, e nou va fè ou byen; paske SENYÈ a Det 4:40te pwomèt sa ki bon konsènan Israël.”
30 Men li te di li: “Mwen p ap vini, men olye de sa, m ap ale nan peyi pa m avèk fanmi pa mwen yo.”
31 Alò li te di: “Souple, pa kite nou, kòmsi ou konnen kote nou dwe fè kan nan dezè a, e ou Job 29:15va pou nou tankou zye nou. 32 Se konsa sa va ye, ke si ou ale avèk nou, ke nenpòt sa ki bon ke SENYÈ a fè pou nou, Lev 19:34nou va fè pou ou tou.”
33 Konsa yo te pati soti nan mòn SENYÈ a, yon vwayaj twa jou avèk Det 1:33lach temwayaj SENYÈ a ki te vwayaje pandan twa jou devan yo pou chache yon kote pou yo kab poze. 34  Nonb 9:15-23Nwaj SENYÈ a te sou yo nan lajounen lè yo te kite kan an.
35 Epi li te vin rive ke lè lach la te derape ke Moïse te di: “Leve O SENYÈ! Kite Det 7:10sila ki rayi Ou yo Sove ale devan Ou.”
36 Lè l te vin poze li te di: “Retounen, O SENYÈ a vè Det 1:10bokou milye de Israël yo.”

10:3 Jr 4:5

10:4 Egz 18:21

10:5 Nonb 10:14

10:6 Nonb 10:18

10:7 Jl 2:1

10:8 Nonb 31:6

10:9 Jen 8:1

10:10 Sòm 81:3-5

10:11 Egz 40:17

10:12 Egz 40:36

10:12 Nonb 12:16

10:13 Det 1:6

10:14 Nonb 2:3-9

10:17 Nonb 4:21-32

10:18 Nonb 2:10-16

10:21 Nonb 4:4-20

10:22 Nonb 2:18-24

10:29 Det 4:40

10:31 Job 29:15

10:32 Lev 19:34

10:33 Det 1:33

10:34 Nonb 9:15-23

10:35 Det 7:10

10:36 Det 1:10