9
SENYÈ a te pale avèk Moïse nan dezè Sinaï a, nan Egz 40:2 premye mwa nan dezyèm ane a lè yo te fin sòti nan Égypte la. Li te di: “Alò, kite fis Israël yo obsève fèt Pak la nan Egz 12:6 lè ki apwente pou li a. Nan katòzyèm jou nan mwa sa a, nan aswè avan li fènwa, nou va obsève li nan lè apwente a. Nou va obsève li avèk tout règleman e avèk tout òdonans li yo.”
Konsa, Moïse te pale ak fis Israël yo pou obsève Pak la. Jos 5:10 Yo te obsève Pak la nan premye mwa, nan katòzyèm jou a, nan aswè lè li fenk kòmanse fènwa, nan dezè Sinaï a. Selon tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse yo, se konsa fis Israël yo te fè.
Men te gen kèk mesye ki Nonb 5:2 pa t pwòp akoz yon mò. Akoz sa, yo pa t kab obsève Pak la nan jou sa a. Konsa yo te vin devan Moïse avèk Aaron nan jou sa a. Mesye sa yo te di li: “Malgre nou pa pwòp akoz mò a, poukisa nou anpeche vin prezante ofrann SENYÈ a nan lè apwente pami fis Israël yo?”
Konsa, Moïse te reponn yo: Egz 18:15 “Tann, e mwen va koute sa ke SENYÈ a va kòmande pou nou menm.”
Epi SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 10 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Si nenpòt nan nou, oswa nan desandan nou yo vin pa pwòp akoz yon mò, oswa se nan yon vwayaj, malgre sa, li kapab obsève Pak SENYÈ a. 11 Nan dezyèm mwa a, sou II Kwo 30:2-15 katòzyèm jou a, nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa, yo va obsève li. Yo va manje li avèk pen san ledven ak zèb anmè. 12 Yo Egz 12:10 p ap kite anyen ladann pou rive nan maten, Jn 19:36ni kase okenn zo ladann. Selon tout règleman a Pak la, yo va obsève li. 13 Men mesye ki pwòp e ki pa nan yon vwayaj, ki malgre sa, neglije obsève Pak la, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. Paske li pa t prezante ofrann bay SENYÈ a nan lè chwazi a. Nonm sila a Nonb 5:31 va pote peche li.
14 “ ‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen Egz 12:49 yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’ ”
15 Alò, nan Egz 40:2-17 jou ke tabènak la te monte a, nwaj te vin kouvri tabènak la ak tant temwayaj la, e nan aswè, li te tankou aparans dife sou tabènak la, jis rive nan maten. 16 Se konsa li te ye tout tan. Egz 40:34 Nwaj te vin kouvri li nan lajounen, e aparans dife a nan lannwit.
17  Egz 40:36-38 Nenpòt lè nwaj te leve sou tant lan, fis Israël yo te leve vwayaje. Nan plas kote nwaj la te vin poze a, se la fis Israël yo te kanpe fè kan an. 18 Sou kòmand a SENYÈ a, fis Israël yo te pati, e sou kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an. I Kor 10:1 Tout tan ke nwaj la te poze sou tabènak la, yo te rete nan kan an.
19 Menm lè nwaj la te fè reta sou tabènak la pandan anpil jou, fis Israël yo te kenbe lòd SENYÈ a. Yo pa t pati. 20 Si, pafwa nwaj la te rete kèk jou sou tabènak la, Sòm 48:14 selon kòmand SENYÈ a, yo te rete nan kan an. Epi selon kòmand SENYÈ a, yo te vin pati.
21 Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati. 22 Sof ke se te pou de jou, oswa yon mwa, oswa 1 nan ke nwaj la te mize sou tabènak la, depi li rete anwo li, fis Israël yo te rete nan kan an. Yo pa t pati. Men Sòm 48:14 lè li te vin leve, yo te pati.
23  Sòm 73:24 Ak kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan an, e nan kòmand a SENYÈ a, yo te pati. Yo te kenbe lòd SENYÈ a selon kòmand SENYÈ a, selon Moïse.

9:1 Egz 40:2

9:2 Egz 12:6

9:5 Jos 5:10

9:6 Nonb 5:2

9:8 Egz 18:15

9:11 II Kwo 30:2-15

9:12 Egz 12:10

9:12 Jn 19:36

9:13 Nonb 5:31

9:14 Egz 12:49

9:15 Egz 40:2-17

9:16 Egz 40:34

9:17 Egz 40:36-38

9:18 I Kor 10:1

9:20 Sòm 48:14

9:22 Sòm 48:14

9:23 Sòm 73:24