48
Yon Chan; yon Sòm fis a Koré yo.
1 Gran se Bondye e gran se lwanj Li merite a,
Nan vil a Bondye nou an, mòn sen pa Li a.
2 Bèl nan wotè li, jwa a tout tè a, se
Mòn Sion jis rive nan nò, ✡ Mat 5:35 Vil a gran Wa a.
3 Bondye nan palè li yo;
Li te fè tèt Li rekonèt kon yon ✡ Sòm 46:7sitadèl.
4 Men gade, ✡ II Sam 10:6-19wa yo te rasanble yo;
Yo pase akote vil la ansanm.
5 Yo te wè li e yo te etone;
Yo te ✡ Egz 15:15sezi nèt, yo te kouri nan laperèz.
6 La, yo pèdi ekilib yo nèt; doulè ak sezisman
Te pran yo tankou ✡ És 13:8fanm k ap akouche.
7 Avèk ✡ Jr 18:17van lès la, Ou te kraze bato a Tarsis yo.
8 Jan nou konn tande a, se konsa nou vin wè
Nan vil SENYÈ dèzame yo, nan vil
Bondye pa nou an;
Bondye va ✡ Sòm 87:5etabli li nèt, jis pou tout tan.
9 Nou te reflechi sou ✡ Sòm 26:3lanmou dous
Ou a, O Bondye, nan mitan tanp Ou a.
10 Jan ✡ Det 28:58non Ou ye a, O Bondye,
Se konsa Lwanj Ou ye jis rive nan dènye pwent tè a;
Men dwat Ou plen ladwati.
11 Kite Mòn Sion fè kè kontan; kite ✡ Sòm 97:8 fi a
Juda yo rejwi akoz jijman Ou yo.
12 Mache toupatou nan Sion e antoure li;
✡ Né 3:1-27Konte fò wo li yo;
13 Konsidere ranpa li yo;
Antre nan palè li yo, pou ou kab
✡ Sòm 78:5-7 pale jenerasyon k ap vini an.
14 Paske se konsa Bondye ye,
Bondye pa nou an jis pou tout tan;
✡ Sòm 23:4Li va gide nou jiska lanmò.