46
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
Bondye se Sòm 14:6pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
Pou sa, nou Sòm 23:4p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo.
Tan
 
Genyen yon rivyè ak flèv li yo
ki fè kè vil Bondye a kontan;
lye sen a kote Pi Wo a Sòm 43:3demere a.
Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm.
Bondye va ede li vin parèt nan maten.
Nasyon yo te fè gwo boulvèsman.
Wayòm yo te souke.
Li te leve vwa l e latè te Am 9:5fonn.
SENYÈ dèzame yo Nonb 14:9avèk nou.
Bondye Jacob la se sitadèl nou.
 
Vini, Sòm 66:5gade byen zèv a SENYÈ yo
ki gwo dega Li fè nan tout latè.
Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.
Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.
Li brile cha yo avèk dife.
10 “Kanpe la e Sòm 100:3konnen ke se Mwen menm ki Bondye.
Mwen va leve wo pami nasyon yo.
Mwen va leve wo sou tè a.”
11 SENYÈ dèzame yo avèk nou.
Bondye Jacob la se sitadèl nou.
Tan
 

46:1 Sòm 14:6

46:2 Sòm 23:4

46:4 Sòm 43:3

46:6 Am 9:5

46:7 Nonb 14:9

46:8 Sòm 66:5

46:10 Sòm 100:3