100
Yon Sòm Remèsiman an 
  1 ✡Sòm 95:1 Rele fò a SENYÈ tout latè a!   
 2 ✡Det 12:11-12 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!  
Vini devan Li avèk chan lajwa.   
 3 Konnen ke SENYÈ a, Li menm, se Bondye.  
Se Li menm ki te ✡Job 10:3-8 fè nou, e se pou Li nou ye.  
Nou se pèp Li e mouton patiraj Li.   
 4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,  
e nan lakou Li yo avèk lwanj.  
Ba Li remèsiman!  
Beni non Li!   
 5 Paske Bondye bon.  
Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,  
✡Sòm 119:90 e fidelite Li a tout jenerasyon yo.