101
Yon Sòm David
Mwen va Sòm 51:14 chante de lanmou dous avèk jistis.
A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.
Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la.
Kilè Ou va vini kote mwen?
Mwen va mache anndan lakay mwen ak I Wa 9:4entegrite nan kè m.
Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.
Mwen rayi zèv a sila ki Jos 23:6 chite yo.
Sa p ap tache men l sou mwen.
Yon Pwov 11:20 kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.
Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.
Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,
li menm, mwen va detwi.
Nenpòt moun ak Sòm 10:4rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.
Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen Sòm 119:1 san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
Sila ki Sòm 43:1pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab Sòm 118:10-12koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

101:1 Sòm 51:14

101:2 I Wa 9:4

101:3 Jos 23:6

101:4 Pwov 11:20

101:5 Sòm 10:4

101:6 Sòm 119:1

101:7 Sòm 43:1

101:8 Sòm 118:10-12