119
ALÈPH.
A la beni se sila ak chemen ki Sòm 128:1san fot yo,
ki mache nan lalwa SENYÈ a.
A la beni se sila ki kenbe temwayaj Li yo,
Ki chache Li Det 6:5ak tout kè yo.
Ki I Jn 3:9pa fè okenn inikite. Yo mache nan chemen Li yo.
Ou te Det 4:13òdone règleman Ou yo, pou nou ta kenbe yo ak dilijans.
O ke chemen mwen yo kapab vin etabli
pou kenbe règleman Ou yo!
Konsa, mwen p ap vin desi lè m gade
kòmandman Ou yo.
Mwen va bay Ou remèsiman avèk yon kè ki dwat,
lè mwen aprann jijman dwat Ou yo.
Mwen va kenbe règleman Ou yo.
Pa abandone m nèt!
BETH
Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
I Wa 2:4Nan kenbe li selon pawòl Ou.
10 Ak II Kwo 15:15tout kè mwen, mwen te chache Ou.
Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
12 Beni se Ou menm SENYÈ a.
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon
tout òdonans bouch Ou yo.
14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,
konsi se nan tout richès yo.
15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,
e okipe chemen Ou yo.
16 Mwen va Sòm 1:2rejwi nan lòd Ou yo.
Mwen p ap bliye pawòl Ou.
GIMEL
17 Aji ak gras avèk sèvitè Ou a,
pou m kab viv e kenbe pawòl Ou.
18 Ouvri zye m pou m kab wè bèl bagay nan lalwa Ou yo.
19 Mwen se yon Jen 47:9etranje sou latè.
Pa kache kòmandman Ou yo de mwen.
20 Nanm mwen kraze ak anvi pou òdonans Ou yo tout tan.
21 Ou repwoche ògeye yo, moun madichonnen Det 27:26yo,
k ap egare kite kòmandman Ou yo.
22 Retire repwòch ak mepri a sou mwen,
paske mwen obsève temwayaj Ou yo.
23 Malgre prens yo vin chita pou pale kont mwen,
Sèvitè Ou va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
24 Anplis, temwayaj Ou yo se plezi mwen ak konseye mwen yo.
DALETH
25 Nanm mwen kole rèd nan pousyè a.
Fè m leve selon pawòl Ou.
26 Mwen te pale sou chemen mwen yo,
e Ou te reponn mwen.
Sòm 25:4Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
27 Fè m konprann chemen òdonans Ou yo,
pou m kab reflechi tout tan sou mèvèy Ou yo.
28  Sòm 22:14Nanm mwen ap kriye akoz doulè.
Ban m fòs selon pawòl Ou a.
29 Retire sou mwen fo chemen an e
ban mwen gras nan lalwa Ou a.
30 Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a.
Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
31 Mwen Det 11:22kole rèd de temwayaj Ou yo.
O SENYÈ, pa fè m desi.
32 Mwen va kouri nan vwa kòmandman Ou yo,
paske Ou va fè kè m vin grandi.
HE
33 Enstwi mwen, O SENYÈ, nan chemen règleman Ou yo
e mwen va obsève li jiska lafen.
34 Ban mwen bon konprann, pou m kab obsève lalwa Ou.
Konsa, mwen va kenbe li ak tout kè m.
35 Fè m mache nan pa kòmandman Ou yo,
paske sa fè kè m kontan.
36 Enkline kè m a temwayaj Ou yo,
e pa nan ranmase richès malonèt.
37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e
fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.
38  II Sam 7:25Etabli pawòl Ou a Sèvitè Ou a,
kon sila ki gen lakrent Ou.
39 Detounen lwen m repwòch Ou ke mwen
krent anpil, paske òdonans Ou yo bon.
40 Gade byen, mwen gen anpil anvi pou òdonans Ou yo!
Fè m remonte nan ladwati Ou.
VAV
41 Anplis, ke lanmou dous Ou a kapab rive kote mwen,
O SENYÈ, sali Ou a selon pawòl Ou.
42 Pou m kab genyen yon repons pou sila ki repwoche m nan,
paske mwen mete konfyans mwen nan pawòl Ou.
43 Pa retire pawòl verite a pou l ta kite bouch mwen nèt,
Paske se òdonans Ou yo ke m ap tann.
44 Konsa, mwen va kenbe lalwa Ou tout tan nèt,
pou tout tan e pou tout tan.
45 Epi mwen va Pwov 4:12mache nan libète,
paske se òdonans Ou ke m chache.
46 Anplis, mwen va pale sou temwayaj Ou yo
Mat 10:18devan wa yo, e mwen p ap desi.
47 Mwen va pran plezi nan kòmandman Ou yo,
ke mwen tèlman renmen.
48 Mwen va lonje men m vè kòmandman Ou yo
ke m tèlman renmen.
Mwen va reflechi tout tan sou règleman Ou yo.
ZAYIN
49 Sonje pawòl a sèvitè Ou a.
Se nan li Ou te fè m gen espwa a.
50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,
paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
51 Moun awogan yo meprize m nèt,
men mwen pa Job 23:11vire kite lalwa Ou.
52 Mwen te sonje òdonans Ou yo depi nan tan ansyen, O SENYÈ,
e yo rekonfòte mwen.
53 Chalè endiyasyon gen tan pran m akoz mechan yo,
ki Sòm 89:30abandone lalwa Ou.
54 Règleman Ou yo se chanson mwen
nan kay kote m Jen 47:9demere.
55 O SENYÈ, Mwen sonje non Ou nan lannwit e
mwen kenbe lalwa Ou.
56 Se sa ki chemen m,
mwen kenbe tout òdonans Ou yo.
HETH
57 Se SENYÈ a ki pòsyon mwen.
Mwen te fè pwomès pou Det 33:9kenbe pawòl Ou yo.
58 Mwen te I Wa 13:6chache favè Ou ak tout kè m.
Fè m gras selon pawòl Ou.
59 Mwen te Mc 14:72konsidere chemen mwen yo,
e te vire pye m vè temwayaj Ou yo.
60 Mwen te fè vit e mwen pa t fè reta
pou obeyi kòmandman Ou yo.
61  Job 36:8Kòd a mechan yo te antoure m,
men mwen pa t bliye lalwa Ou.
62 A minwi, mwen va leve bay Ou remèsiman,
akoz òdonans dwat Ou yo.
63 Mwen se zanmi parèy a tout sila ki
gen lakrent Ou yo ak sila ki swiv règleman Ou yo.
64 Latè ranpli ak lanmou dous Ou a, O SENYÈ.
Enstwi m règleman Ou yo.
TETH
65 Ou te aji ak sèvitè Ou a, O SENYÈ, selon pawòl Ou.
66 Enstwi mwen pou m Phm 1:9sèvi bon jijman ak konesans,
Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
67 Avan mwen te aflije, mwen te mache nan wout egare,
men koulye a, mwen swiv pawòl Ou.
68 Ou bon e Ou Det 8:16 fè sa ki bon.
Enstwi mwen nan règleman Ou yo.
69 Awogan yo te fòje yon manti kont mwen.
Avèk tout kè m, mwen va obsève tout òdonans Ou yo.
70 Kè yo rèd, Det 32:15kouvri ak grès, men mwen pran plezi nan lalwa Ou.
71 Li bon pou mwen ke m te aflije,
pou m te kab aprann règleman Ou yo.
72 Lalwa bouch Ou pi bon pou mwen,
pase pyès lò ak ajan pa milye.
YODH
73 Men Ou te fè m e te fòme mwen.
Ban m bon konprann pou m kab aprann kòmandman Ou yo.
74 Ke sila ki krent Ou yo kapab wè m e fè kè kontan.
Paske mwen mete espwa m pawòl Ou yo.
75 Mwen konnen, O SENYÈ, ke jijman Ou yo dwat,
ke se nan nan Eb 12:10fidelite, Ou te aflije mwen.
76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,
Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
77 Ke mizerikòd Ou kapab rive kote mwen, pou m kab viv,
paske lalwa Ou se plezi mwen.
78 Ke Jr 50:32awogan yo kapab vin desi, paske
yo desann mwen, ranvèse mwen ak manti.
Men mwen va reflechi tout tan sou òdonans Ou yo.
79 Ke sila ki krent Ou yo kapab vire kote mwen.
Yo va konnen règleman Ou yo.
 
80 Ke kè m kapab san tò nan règleman Ou yo,
pou m pa vin desi.
KAPH
81 Nanm mwen fè gwo anvi pou sali Ou.
Se pawòl Ou m ap tann.
82 Zye m vin ba ak anvi pawòl Ou,
pandan m ap di: “Kilè W ap vin konsole mwen?”
83 Sepandan, mwen vin tankou yon vye kwi diven k ap pran lafimen,
Mwen pa bliye règleman Ou yo.
84 Konbyen jou sèvitè Ou gen?
Se kilè Ou va Rev 6:10pase jijman sou sila ki pèsekite mwen yo?
85 Awogan yo fin fouye fòs yo pou mwen,
Sila ki pa an akò ak lalwa Ou yo.
86 Tout kòmandman Ou yo fidèl.
Se ak manti yo te pèsekite mwen.
Fè m sekou!
87 Yo te prèske fin detwi m sou latè,
Men pou mwen, mwen És 58:2pa t kite
òdonans Ou yo.
88 Fè m reprann mwen selon lanmou dous Ou a,
Pou m kab kenbe temwayaj a bouch Ou yo.
LAMEDH
89 Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin
etabli nan syèl la.
90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo.
Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
91 Yo kanpe nan jou sa a selon Jr 31:35lòd Ou.
Paske tout bagay se sèvitè Ou.
92 Si lalwa Ou pa t plezi mwen,
mwen t ap gen tan peri nan mizè mwen an.
93 Mwen p ap janm bliye òdonans Ou yo,
Paske se avèk yo menm ke Ou fè m reprann fòs.
94 Se pa W mwen ye. Fè m sekou!
Paske mwen te chache òdonans Ou yo.
95 Mechan yo ap tann mwen pou detwi m.
Se ak dilijans ke mwen konsidere temwayaj Ou yo.
96 Mwen gen tan fin wè lizyè a tout pèfèksyon,
men kòmandman Ou an vrèman vast.
MEM
97 O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m Sòm 1:2reflechi tout lajounen.
98  Det 4:6Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
99 Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
100 Mwen gen konprann plis pase granmoun yo,
akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
101 Mwen te Pwov 1:15anpeche pye m antre
nan tout wout ki gen mechanste,
Pou m te kab kenbe pawòl Ou.
102 Mwen pa t Det 17:20vire kite règleman Ou yo,
paske se Ou menm ki te enstwi m.
103 A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen!
Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.
Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
NUN
105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
106 Mwen te sèmante e mwen va konfime sa,
Ke m va kenbe òdonans Ou yo.
107 Mwen vin aflije anpil, anpil; fè m reprann fòs mwen,
O SENYÈ, selon pawòl Ou.
108 O aksepte Os 14:2ofrann bòn volonte a bouch mwen an,
O SENYÈ, enstwi mwen nan òdonans Ou yo.
109  Jij 12:3Lavi m tout tan nan men m,
malgre, mwen pa bliye lalwa Ou a.
110 Mechan yo te poze yon pèlen pou mwen,
malgre, mwen pa t varye soti nan òdonans Ou yo.
111 Mwen te Det 33:4eritye temwayaj Ou yo pou tout tan,
paske se yo ki lajwa kè m.
112 Mwen te enkline kè m pou fè règleman Ou yo
jis pou tout tan, jiska lafen.
SAMEKH
113 Mwen rayi moun ki I Wa 18:21gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.
114 Ou se kote a pou m kache a ak Sòm 84:9boukliye mwen,
Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.
115 Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv
kòmandman a Bondye mwen yo.
116 Soutni mwen selon pawòl Ou, pou m kab viv.
Pa kite mwen vin wont nan espwa mwen.
117 Kenbe mwen pou m kab jwenn sekou, pou m gen
konsiderasyon pou règleman Ou yo tout tan.
118 Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo,
paske sediksyon yo a pa reyisi.
119 Ou te fè tout mechan sou latè yo disparèt tankou És 1:22-25kim initil.
Pou sa, mwen renmen temwayaj Ou yo.
120 Chè m ap tranble akoz lakrent Ou menm, e mwen gen laperèz jijman Ou yo.
AYIN
121 Mwen te II Sam 8:15fè sa ki jis e dwat.
Pa kite mwen nan men opresè mwen yo.
122 Aji kon Job 17:3soutyèn pou bonte a sèvitè Ou a.
Pa kite awogan yo oprime mwen.
123 Zye m bese ak anvi wè delivrans Ou,
avèk pawòl ladwati Ou.
124 Aji avèk sèvitè Ou Sòm 51:1selon lanmou dous Ou a
e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
125 Mwen se sèvitè Ou. Fè m konprann
pou m konnen temwayaj Ou yo.
126 Se lè pou Ou Jr 18:23aji, SENYÈ,
paske yo te vyole lalwa Ou a.
127 Pou sa, mwen renmen kòmandman Ou yo,
plis pase lò, wi plis pase lò fen.
128 Pou sa, mwen konsidere byen tout
òdonans Ou yo selon tout bagay.
Mwen rayi tout sa ki fo.
PE
129 Temwayaj Ou yo mèvèye.
Akoz sa, nanm mwen toujou swiv yo.
130 Lè pawòl Pwov 6:23Ou antre, li bay limyè.
Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
131 Mwen te louvri bouch mwen byen laj e
te rale souf mwen byen vit.
Se konsa mwen te gen anvi pou kòmandman Ou yo.
132 Vire kote mwen e fè m gras,
menm jan ke Ou konn fè ak sila ki renmen non Ou yo.
133 Byen etabli tout pa mwen yo nan pawòl Ou,
e pa kite inikite vin domine sou mwen.
134 Rachte mwen anba opresyon a lòm,
pou m kab kenbe òdonans Ou yo.
135  Nonb 6:25Fè figi Ou klere sou sèvitè Ou a,
e enstwi mwen nan règleman Ou yo.
136 Se Jr 9:1-18rivyè dlo menm ki koule sòti nan zye m,
akoz yo menm ki pa kenbe lalwa Ou a.
TZADHE
137 Ou Esd 9:15dwat, O SENYÈ e jis se jijman Ou yo.
138 Ou te kòmande tout temwayaj Ou yo ak ladwati.
Yo fidèl nèt.
139 Zèl mwen fin manje m nèt,
akoz advèsè mwen yo te bliye pawòl Ou yo.
140 Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
141 Mwen vin piti e meprize.
Mwen pa janm bliye òdonans Ou yo.
142 Ladwati Ou se yon dwati ki jis pou tout tan e lalwa Ou se verite.
143 Twoub ak doulè gen tan rive sou mwen.
Malgre kòmandman Ou yo se plezi mwen.
144 Temwayaj Ou yo dwat jis pou tout tan.
Ban mwen bon konprann pou m kab viv.
QOPH
145 Mwen te kriye ak tout kè mwen.
Reponn mwen, O SENYÈ!
Mwen va swiv tout règleman Ou yo.
146 Mwen te kriye a Ou menm. Sove mwen!
Mwen va obeyi tout regleman Ou yo.
147 Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou.
Mwen ap tann pawòl Ou yo.
148 Zye m rete ovèt pandan vè lanwit la,
konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
149 Tande vwa m selon lanmou dous Ou a.
Fè m reprann fòs mwen, O SENYÈ, selon règleman Ou yo.
150 Sila ki swiv mechanste yo apwoche. Yo lwen lalwa Ou a.
151 Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.
152 Depi nan tan ansyen yo, mwen te Sòm 119:125konnen de temwayaj Ou yo,
ke Ou te etabli yo jis pou tout tan yo.
RESH
153  Lam 5:1Gade sou afliksyon mwen an e delivre m,
paske mwen pa bliye lalwa Ou a.
154  I Sam 24:15Plede kòz mwen e rachte mwen!
Fè m reprann fòs mwen selon pawòl Ou.
155 Sali a Job 5:4lwen mechan yo, paske yo pa chache règleman pa W yo.
156  II Sam 24:14Gran se mizerikòd Ou yo, O SENYÈ.
Fè m reprann fòs mwen selon òdonans Ou yo.
157 Anpil se pèsekitè mwen yo, ak advèsè mwen yo.
Malgre mwen pa vire kite temwayaj Ou yo.
158 Mwen gade És 21:2moun trèt yo e mwen rayi yo nèt,
akoz yo pa kenbe pawòl Ou.
159 Konsidere jan mwen renmen òdonans Ou yo.
Fè m reprann fòs, O SENYÈ, selon lanmou dous Ou a.
160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e
tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.
SIN AK SHIN
161  I Sam 24:11Prens yo pèsekite mwen san koz,
men kè m kanpe etonnen devan pawòl Ou yo.
162 Mwen rejwi nan pawòl Ou kon
yon moun ki I Sam 30:16jwenn gwo piyaj.
163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.
Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
164 Sèt fwa pa jou mwen louwe Ou,
akoz òdonans dwat Ou yo.
165 Sila ki renmen lalwa Ou yo gen gwo lapè.
Pa gen anyen pou ta fè yo chite.
166 Mwen espere Jen 49:18gen Sali Ou, O SENYÈ.
Mwen te fè kòmandman Ou yo.
167 Nanm mwen kenbe temwayaj Ou yo.
Mwen renmen yo anpil anpil.
168 Mwen kenbe òdonans Ou yo avèk temwayaj Ou yo,
Paske se Job 24:23tout chemen mwen yo ki devan Ou.
TAV
169 Kite kri mwen vini devan Ou, O SENYÈ.
Ban mwen konesans selon pawòl Ou.
170 Kite siplikasyon mwen yo parèt devan Ou.
Sòm 22:20Delivre mwen selon pawòl Ou.
171 Kite lèv mwen eksprime lwanj,
paske Ou enstwi mwen nan règleman Ou yo.
172 Kite lang mwen chante de pawòl Ou,
paske tout kòmandman Ou yo dwat.
173 Kite men Ou parèt pou fè m sekou,
paske mwen te Jos 24:22chwazi òdonans Ou yo.
174 Mwen anvi wè delivrans Ou, O SENYÈ.
Lalwa Ou se gran plezi mwen.
175 Kite És 55:3nanm mwen viv pou l kapab louwe Ou.
Kite òdonans Ou yo ban m sekou.
176 Mwen te És 53:6vin egare tankou yon mouton pèdi.
Chache jwenn sèvitè Ou a, paske mwen pa bliye kòmandman Ou yo.

119:1 Sòm 128:1

119:2 Det 6:5

119:3 I Jn 3:9

119:4 Det 4:13

119:9 I Wa 2:4

119:10 II Kwo 15:15

119:16 Sòm 1:2

119:19 Jen 47:9

119:21 Det 27:26

119:26 Sòm 25:4

119:28 Sòm 22:14

119:31 Det 11:22

119:38 II Sam 7:25

119:45 Pwov 4:12

119:46 Mat 10:18

119:51 Job 23:11

119:53 Sòm 89:30

119:54 Jen 47:9

119:57 Det 33:9

119:58 I Wa 13:6

119:59 Mc 14:72

119:61 Job 36:8

119:66 Phm 1:9

119:68 Det 8:16

119:70 Det 32:15

119:75 Eb 12:10

119:78 Jr 50:32

119:84 Rev 6:10

119:87 És 58:2

119:91 Jr 31:35

119:97 Sòm 1:2

119:98 Det 4:6

119:101 Pwov 1:15

119:102 Det 17:20

119:108 Os 14:2

119:109 Jij 12:3

119:111 Det 33:4

119:113 I Wa 18:21

119:114 Sòm 84:9

119:119 És 1:22-25

119:121 II Sam 8:15

119:122 Job 17:3

119:124 Sòm 51:1

119:126 Jr 18:23

119:130 Pwov 6:23

119:135 Nonb 6:25

119:136 Jr 9:1-18

119:137 Esd 9:15

119:152 Sòm 119:125

119:153 Lam 5:1

119:154 I Sam 24:15

119:155 Job 5:4

119:156 II Sam 24:14

119:158 És 21:2

119:161 I Sam 24:11

119:162 I Sam 30:16

119:166 Jen 49:18

119:168 Job 24:23

119:170 Sòm 22:20

119:173 Jos 24:22

119:175 És 55:3

119:176 És 53:6