89
Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la
Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.
Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.
Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a
va kanpe janm jis pou tout tan.
Ou te etabli syèl yo.
Fidelite Ou rete nan yo.
 
“Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk I Wa 8:16 moun apwente mwen a.
Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,
‘Mwen va etabli II Sam 7:16 jèm ou nèt
e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’ ”
Tan
Syèl yo va louwe mèvèy Ou yo, O SENYÈ,
ansanm ak fidelite Ou nan asanble Job 5:1sen yo.
Paske kilès nan syèl la ki konpare ak SENYÈ a?
Kilès pami Sòm 29:1 fis a pwisan yo ki tankou SENYÈ a,
Yon Bondye ki resevwa lakrent anpil nan asanble a sen yo,
e Sòm 96:4mèvèye plis pase tout sila ki antoure Li yo?
O SENYÈ Bondye dèzame yo, Sòm 35:10 se kilès ki
tankou Ou, O SENYÈ pwisan an?
Anplis, fidelite Ou antoure Ou.
Ou domine ògèy lanmè a.
Lè vag li yo vin leve, Ou Sòm 65:7 kalme yo.
10 Ou menm, Ou te kraze Sòm 87:4 Rahab (Égypte)
tankou yon moun ki fin touye.
Ou te gaye lènmi Ou yo avèk men pwisan Ou.
11  Jen 1:1 Syèl yo se pou Ou.
Tè a se pa Ou tou.
Lemond ak tout sa ki ladann,
se Ou menm ki te etabli yo.
12  Jos 19:22 Nò ak sid, se Ou menm ki te kreye yo.
Thabor avèk Hermon kriye avèk jwa a non Ou.
13 Ou gen yon men byen fò.
Sòm 98:1 Men dwat Ou leve byen wo.
14 Ladwati avèk jistis se fondasyon twòn Ou an.
Sòm 85:13Lanmou dous avèk verite mache devan Ou.
15 A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!
O SENYÈ, yo mache nan Sòm 4:6 limyè a vizaj Ou a.
16 Nan Sòm 105:3 non Ou, yo rejwi tout lajounen,
e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
17 Paske Ou se glwa a Sòm 28:8 fòs yo,
e pa favè Ou, kòn nou vin egzalte.
18 Paske boukliye nou apatyen a SENYÈ a,
e wa nou an se Sila Ki Sen An Israël la. I Wa 11:34
 
19 Yon fwa, Ou te pale nan yon vizyon a fidèl Ou yo.
Ou te di: “Mwen te bay soutyen a yon moun ki pwisan.
Mwen te fè leve yon jenn nom ki te chwazi pami pèp la.
20 Mwen te I Sam 13:14 twouve David, sèvitè Mwen an.
Avèk lwil sen Mwen an, mwen te onksyone l.
21 Avèk li menm, Sòm 18:35 men M va vin etabli.
Anplis, bra M va ranfòse li.
22 Lènmi an p ap II Sam 7:10 twonpe li.
Ni fis a mechanste a p ap aflije li.
23 Men Mwen va II Sam 7:9 kraze advèsè li yo devan l,
e frape sila ki rayi li yo.
24 Fidelite Mwen avèk lanmou dous Mwen va avèk li.
Nan non Mwen, Sòm 132:7kòn li va vin egzalte.
25 Mwen va osi mete men li Sòm 72:8 sou lanmè a,
ak men dwat li sou rivyè yo.
26 Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m,
Bondy m II Sam 22:47Wòch a sali mwen an.
27 Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen,
pi wo pami tout wa latè yo.’
28 Lanmou dous Mwen va kenbe pou li jis pou tout tan,
Sòm 89:3-34 e akò Mwen va konfime a li menm.
29 Konsa, Mwen va etabli Sòm 18:50 desandan li yo jis pou tout tan,
e twòn li tankou jou syèl yo.
30 Si fis li yo II Sam 7:14 abandone lalwa Mwen an, e
pa mache nan jijman Mwen yo,
31 si yo vyole règleman Mwen yo, e
pa kenbe kòmandman Mwen yo,
32 alò Mwen va pini transgresyon yo
avèk yon Job 9:34 baton,
e inikite yo avèk kout fwèt.
33 Men Mwen p ap retire II Sam 7:15 lanmou dous sou li,
ni aji avèk movèz fwa selon fidelite mwen.
34 Mwen p ap vyole Det 7:9 akò mwen an,
ni fè okenn chanjman nan pawòl ki te sòti nan lèv Mwen yo.
 
35 Depi Mwen fin Sòm 60:6 sèmante selon sentete Mwen,
Mwen p ap manti a David.
36 Desandan li yo va dire jis pou tout tan,
e twòn li va Sòm 72:17 tankou solèy la devan M.
37 Li va etabli jis pou tout tan tankou lalin nan,
Job 16:19temwen nan syèl la ki toujou fidèl.”
 
38 Men koulye a Ou vin Det 32:19refize ak rejete,
Ou te plen ak kòlè kont onksyone Ou a.
39 Ou te Sòm 60:6 desann e rejte akò a sèvitè ou a.
Ou te pwofane kouwòn li an nan pousyè.
40 Ou te Sòm 80:12 kraze tout miray li yo.
Ou te fè sitadèl li yo kraze nèt.
41  Sòm 80:12 Tout moun ki pase akote piyaje li.
Li devni yon objè abominab pami vwazen li yo.
42 Ou te egzalte men dwat a advèsè li yo.
Ou te Sòm 80:6 fè lènmi li yo rejwi.
43 Anplis, ou te plwaye lam nepe li a, e
Sòm 44:10 fè l pa kanpe pou batay la.
44 Ou te fè Éz 28:7 mayifisans li vin kraze fini e
te jete twòn li jis atè.
45 Ou te fè jou a jenès li yo Sòm 102:23 vin kout.
Ou te kouvri li ak gwo wont.
46 Jiskilè, O SENYÈ?
Èske Ou va kache figi Ou jis pou tout tan?
Èske Sòm 79:5kòlè Ou va brile tankou dife pou tout tan?
47  Job 7:7 Sonje longè lavi mwen genyen
tèlman kout ke li tankou yon foli!
Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
48 Ki moun ki kab viv e pa Sòm 22:29 wè lanmò?
Èske li kab delivre nanm li de pouvwa
sejou lanmò a?
Tan
49 Kote lanmou dous Ou te kon genyen, O SENYÈ?
Sa Ou te II Sam 7:15 sèmante a David nan fidelite Ou a?
50 Sonje, O Senyè, Sòm 69:9 repwòch a sèvitè Ou yo,
jan mwen pote nan lestonmak mwen,
repwòch a tout nasyon pwisant yo,
51 Avèk sila, Sòm 74:10-22 lènmi Ou yo te fè repwòch yo, O SENYÈ.
Se konsa yo te repwoche mak pla pye onksyone Ou a.
 
52  Sòm 41:13 Beni se SENYÈ a pou tout tan!
Amen, e Amen.

89:3 I Wa 8:16

89:4 II Sam 7:16

89:5 Job 5:1

89:6 Sòm 29:1

89:7 Sòm 96:4

89:8 Sòm 35:10

89:9 Sòm 65:7

89:10 Sòm 87:4

89:11 Jen 1:1

89:12 Jos 19:22

89:13 Sòm 98:1

89:14 Sòm 85:13

89:15 Sòm 4:6

89:16 Sòm 105:3

89:17 Sòm 28:8

89:18 I Wa 11:34

89:20 I Sam 13:14

89:21 Sòm 18:35

89:22 II Sam 7:10

89:23 II Sam 7:9

89:24 Sòm 132:7

89:25 Sòm 72:8

89:26 II Sam 22:47

89:28 Sòm 89:3-34

89:29 Sòm 18:50

89:30 II Sam 7:14

89:32 Job 9:34

89:33 II Sam 7:15

89:34 Det 7:9

89:35 Sòm 60:6

89:36 Sòm 72:17

89:37 Job 16:19

89:38 Det 32:19

89:39 Sòm 60:6

89:40 Sòm 80:12

89:41 Sòm 80:12

89:42 Sòm 80:6

89:43 Sòm 44:10

89:44 Éz 28:7

89:45 Sòm 102:23

89:46 Sòm 79:5

89:47 Job 7:7

89:48 Sòm 22:29

89:49 II Sam 7:15

89:50 Sòm 69:9

89:51 Sòm 74:10-22

89:52 Sòm 41:13