18
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
SENYÈ a se Det 32:18 wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj;
epi mwen Sòm 34:6sove de lènmi mwen yo.
Sòm 116:3Kòd lanmò yo te antoure mwen.
Flèv mal ki sòti nan peyi a mò yo te teworize m.
Kòd peyi lanmò yo te antoure mwen;
pèlen lanmò yo te parèt devan m.
Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,
e te kriye a Bondye pou sekou.
Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.
Sòm 34:15Kri mwen pou sekou devan L
te rive nan zòrèy Li.
Konsa, latè a te tranble.
Fondasyon a mòn yo te tranble.
Yo te ebranle nèt, akoz kòlè Li.
Lafimen te sòti nan nen L.
Sòm 50:3Dife a devoran te soti nan bouch Li.
Chalè li te limen chabon.
Anplis, Li te bese syèl la e te desann
avèk Sòm 97:2fènwa byen pwès anba pye Li.
10 Li te monte sou yon cheriben, e te vole;
Li te vole sou Sòm 104:3zèl a van yo.
11 Li te sèvi Det 4:11fènwa a tankou kote pou L kache, yon tant ki pou kouvri L.
Fènwa nan dlo yo, nwaj pwès nan syèl yo.
12 Soti nan gran Sòm 104:2klate devan L,
gwo nwaj pwès Li yo,
Lagrèl avèk chabon dife te pase.
13 Anplis, SENYÈ a te eklate nan syèl yo.
Pi Pwisan an te fè vwa l sone:
wòch lagrèl yo avèk chabon dife.
14 Li te Sòm 144:6voye flèch li yo deyò e te gaye yo.
Avèk anpil gwo klate, Li te fè yo sove ale.
15 Konsa, gwo kanal dlo yo te parèt;
Fondasyon mond yo te vin toutouni;
ak repwòch Ou, O SENYÈ,
Sòm 106:9lè gwo souf sòti nan nen Ou.
16 Li te voye soti an wo.
Li te pran m.
Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.
17 Li te Sòm 59:1delivre mwen nan men
advèsè mwen byen fò;
de sila yo ki te rayi mwen yo,
paske yo te twò fò pou mwen.
18 Yo te konfwonte mwen nan jou malè mwen,
men Sòm 16:8SENYÈ a te pwotèj mwen.
19 Li te mennen mwen fè m parèt nan yon bèl plas byen laj.
Li te fè m sekou, akoz Sòm 37:23Li te pran plezi nan mwen.
20 SENYÈ a te byen I Sam 24:19rekonpanse mwen selon ladwati mwen.
Selon men m ki pwòp, Li fè m rekonpans.
21 Paske mwen te kenbe chemen SENYÈ a,
epi mwen pa t janm kite Bondye mwen an.
22 Paske tout Sòm 119:30òdonans Li yo te devan m.
Mwen pa t janm mete règleman Li yo akote.
23 Anplis, mwen te toujou san fot devan L,
e mwen te Sòm 19:12,13rete lib de inikite m.
24 Pou sa, SENYÈ a te I Sam 26:23fè m rekonpans selon ladwati mwen,
selon men pwòp ke Li te wè yo.
25 Avèk sila ki gen bon kè, Ou montre kè ki bon.
Avèk sila ki san fot, Ou vin parèt san fot.
26 Avèk sila ki san tach, Ou montre li san tach Ou. Job 25:5
Epi avèk sila ki kwochi a, Ou parèt koken.
27 Paske Ou sove yon pèp aflije,
men sila ak zye ki leve wo yo, Ou bese yo.
28 Paske SENYÈ a va lime lanp mwen.
Se Bondye mwen an ki klere tenèb mwen.
29 Paske avèk Ou, mwen kapab Sòm 18:33kouri sou yon ekip lame.
Avèk Bondye mwen, mwen kab vòltije sou yon mi.
30 Pou Bondye, chemen Li Rev 15:3san fot.
Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.
Li se yon boukliye pou tout moun
k ap pran sekou nan Li.
31 Paske Sòm 86:8-10se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?
Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
32 Bondye ki És 45:5mare senti m ak fòs,
epi fè chemen mwen san fot la?
33 Li fè pye m yo vin tankou sèf,
epi Det 32:13 fè m vin plase kote ki wo yo.
34 Li antrene men m pou batay la,
jiskaske men m ka koube banza ki fèt an bwonz.
35 Anplis, Ou te ban mwen
Sòm 33:20boukliye sali Ou e
men dwat Ou te ban soutyen.
Se bonte Ou ki fè m gran.
36 Ou Sòm 18:33fè longè pa m yo lonje pi laj anba m,
epi pye m pa t janm chape.
37 Mwen te Sòm 44:5kouri dèyè lènmi m yo, e mwen te pran yo.
Mwen pa t fè bak jiskaske yo tout te fin manje nèt.
38 Mwen va frape yo jiskaske yo pa kab leve.
Yo va tonbe Sòm 47:3 anba pye mwen.
39 Ou te mare senti m avèk fòs pou batay la.
Ou te Sòm 18:47soumèt anba m sila ki te leve kont mwen yo.
40 Ou te, anplis, fè lènmi m yo vire do yo ban mwen;
konsa mwen te Sòm 94:23detwi sila ki te rayi mwen yo.
41 Yo te kriye sekou, men Sòm 50:22pa t gen moun pou sove yo;
menm a SENYÈ a, men Li pa t reponn yo.
42 Mwen te bat yo kraze fen tankou Sòm 83:13pousyè devan van;
mwen te vide jete yo tankou labou nan lari.
43 Ou te delivre mwen devan yon pèp plen ak konfli;
Ou te plase mwen kon II Sam 8:1-18chèf an tèt a nasyon yo;
Yon pèp ke m pa menm konnen,
se sèvitè mwen yo ye.
44 Depi yo tande, yo obeyi mwen.
Etranje yo Sòm 66:3soumèt devan m.
45 Etranje yo vin disparèt devan m,
epi vin sòti tranblan nan fò yo.
46 SENYÈ a Job 19:25viv! Beni se wòch mwen an.
Leve byen wo, se Bondye a sali mwen an.
47 Bondye ki egzekite vanjans pou mwen an,
e ki fè pèp yo soumèt anba m nan.
48 Se Li menm ki delivre m de lènmi mwen yo.
Anverite, Ou leve m pi wo de sila ki
fè rebèl kont mwen yo.
Ou delivre mwen kont men lòm Sòm 11:5vyolans lan.
49 Pou sa, mwen va Wo 15:9bay remèsiman
a Ou menm pami nasyon yo, O SENYÈ,
epi mwen va chante lwanj a non Ou.
50 Li bay gran delivrans a wa Li a,
epi montre lanmou dous Li a Sòm 28:8onksyone Li a,
a David avèk desandan li yo jis pou tout tan.

18:2 Det 32:18

18:3 Sòm 34:6

18:4 Sòm 116:3

18:6 Sòm 34:15

18:8 Sòm 50:3

18:9 Sòm 97:2

18:10 Sòm 104:3

18:11 Det 4:11

18:12 Sòm 104:2

18:14 Sòm 144:6

18:15 Sòm 106:9

18:17 Sòm 59:1

18:18 Sòm 16:8

18:19 Sòm 37:23

18:20 I Sam 24:19

18:22 Sòm 119:30

18:23 Sòm 19:12,13

18:24 I Sam 26:23

18:26 Job 25:5

18:29 Sòm 18:33

18:30 Rev 15:3

18:31 Sòm 86:8-10

18:32 És 45:5

18:33 Det 32:13

18:35 Sòm 33:20

18:36 Sòm 18:33

18:37 Sòm 44:5

18:38 Sòm 47:3

18:39 Sòm 18:47

18:40 Sòm 94:23

18:41 Sòm 50:22

18:42 Sòm 83:13

18:43 II Sam 8:1-18

18:44 Sòm 66:3

18:46 Job 19:25

18:48 Sòm 11:5

18:49 Wo 15:9

18:50 Sòm 28:8