44
Pou direktè koral la; Yon Sòm refleksyon pa fis a Koré yo
O Bondye, nou te tande avèk zòrèy nou.
Zansèt nou yo te pale nou
Det 32:7travay ke Ou te fè nan jou pa yo,
nan jou ansyen yo.
Ou menm, avèk pwòp men Ou,
Ou te Jos 3:10chase mete nasyon yo deyò,
men Ou te plante yo.
Ou te foule yo anba. Ou te aflije yo,
Ou te gaye yo toupatou.
Konsa, Det 8:17-18se pa ak pwòp nepe pa yo ke yo te posede peyi a,
ni se pa pwòp bra yo ki te sove yo,
men se men dwat Ou avèk bra Ou,
ak limyè prezans Ou an,
akoz Ou te bay yo favè.
Se Ou menm ki Sòm 74:12Wa m, O Bondye.
Òdone viktwa pou Jacob.
Ak pouvwa Ou menm, nou va pouse fè advèsè nou fè bak;
Nan non Ou, nou va Sòm 108:13pile fè desann
sila ki leve kont nou yo.
Paske mwen I Sam 17:47p ap mete konfyans nan banza mwen,
ni se pa nepe m k ap sove mwen.
Men Ou Sòm 136:24te sove nou kont advèsè nou yo,
Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.
Nan Bondye, nou te Sòm 34:2louwe tout lajounen.
Nou va bay remèsiman a non Ou jis pou tout tan.
 
Alò, koulye a, Ou rejte nou,
e mennen nou nan gwo wont.
Ou Sòm 60:10pa sòti ankò avèk lame nou yo.
10 Ou fè nou vire Lev 26:17fè bak devan advèsè a,
epi sila ki rayi nou yo fè piyaj pou kont yo.
11 Ou te fè nou kon mouton,
tankou mouton ki te livre pou manje,
epi te Lev 26:33 gaye nou pami nasyon yo.
12 Ou Det 32:30vann pèp Ou bon mache e Ou pa fè pwofi nan vant lan.
13 Ou fè nou repwòche devan vwazen nou yo,
yon objè ki moke e Sòm 80:6giyonnen pa sila ki antoure nou yo.
14 Ou fè nou II Wa 19:21tounen yon vye mò pami nasyon yo,
Yon rizib ki fè moun ri pami pèp yo.
15 Tout lajounen dezonè sa a rete la devan m,
epi imilyasyon mwen kraze m nèt.
16 Akoz vwa a sila ki Sòm 74:10fè m repwòch e ki meprize mwen,
akoz prezans lènmi an avèk vanjè a.
17 Tout sa gen tan rive sou nou,
men nou pa te bliye Ou,
ni nou pa t Sòm 78:57aji nan manti selon akò Ou a.
18 Kè nou pa t vire fè bak, ni pa nou yo
Job 23:11 pa t varye soti nan chemen Ou.
19 Malgre, Ou te kraze nou nan landwa chen mawon yo,
e te kouvri nou avèk Job 3:5lonbraj lanmò a.
20 Si nou te bliye non a Bondye nou an,
oswa lonje men nou vè yon Det 6:14 lòt dye etranje,
21 èske Bondye pa ta Sòm 139:1-2dekouvri sa a?
Paske Li konnen tout sekrè a kè yo.
22 Men Wo 8:36pou lakoz a Ou menm, nou vin touye tout lajounen.
Nou konsidere tankou mouton k ap rive labatwa.
23 Leve Ou menm! Poukisa Ou ap dòmi, O SENYÈ?
Leve nan dòmi! Sòm 77:7Pa rejte nou nèt.
24 Poukisa Ou Job 13:24kache figi Ou e bliye ke n ap soufri e oprime?
25 Paske Sòm 119:25nanm nou te neye jis rive nan pousyè.
Kò nou kole jis rive atè.
26  Sòm 35:2Leve monte! Bay nou sekou!
Rachte nou pou koz
lanmou dous Ou a.

44:1 Det 32:7

44:2 Jos 3:10

44:3 Det 8:17-18

44:4 Sòm 74:12

44:5 Sòm 108:13

44:6 I Sam 17:47

44:7 Sòm 136:24

44:8 Sòm 34:2

44:9 Sòm 60:10

44:10 Lev 26:17

44:11 Lev 26:33

44:12 Det 32:30

44:13 Sòm 80:6

44:14 II Wa 19:21

44:16 Sòm 74:10

44:17 Sòm 78:57

44:18 Job 23:11

44:19 Job 3:5

44:20 Det 6:14

44:21 Sòm 139:1-2

44:22 Wo 8:36

44:23 Sòm 77:7

44:24 Job 13:24

44:25 Sòm 119:25

44:26 Sòm 35:2