136
I Kwo 16:34Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a Det 10:17 Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
A Sila Det 6:22sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te Jen 1:2-9ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te Jen 1:14-18fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Jen 1:16solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
10 A Sila ki te Egz 12:29frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
11 ki te Egz 12:51mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
12 Avèk yon men fò ak yon bra Egz 6:1-6 lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
13 a Sila ki te Egz 14:21divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
14 ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
15 men Egz 14:27Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
16 a Sila ki te Egz 13:18mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
17 a Sila ki te Sòm 135:10-12frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
18 ki te Det 29:7touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
19  Nonb 21:21-24Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
20 ak Nonb 21:33-35Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
21 e te Jos 12:1bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
22 menm yon eritaj a Israël, Sòm 105:6sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
23 ki te Sòm 9:12sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
24 epi ki te Jij 6:9delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
25 ki Sòm 104:27bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
26 Bay remèsiman a Sòm 104:27Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

136:1 I Kwo 16:34

136:2 Det 10:17

136:4 Det 6:22

136:6 Jen 1:2-9

136:7 Jen 1:14-18

136:8 Jen 1:16

136:10 Egz 12:29

136:11 Egz 12:51

136:12 Egz 6:1-6

136:13 Egz 14:21

136:15 Egz 14:27

136:16 Egz 13:18

136:17 Sòm 135:10-12

136:18 Det 29:7

136:19 Nonb 21:21-24

136:20 Nonb 21:33-35

136:21 Jos 12:1

136:22 Sòm 105:6

136:23 Sòm 9:12

136:24 Jij 6:9

136:25 Sòm 104:27

136:26 Sòm 104:27