135
Sòm 113:1Beni SENYÈ a!
Beni non SENYÈ a!
Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,
nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,
nan Sòm 92:13lakou lakay SENYÈ nou an!
Beni SENYÈ a, paske Sòm 100:5SENYÈ a bon.
Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.
Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,
Israël pou pwòp Egz 19:5posesyon pa Li.
Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,
e ke SENYÈ nou an Sòm 97:9pi wo ke tout dye yo.
Sòm 115:3Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,
nan syèl la oswa sou tè a,
nan lanmè yo ak nan tout fon yo.
Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.
Ki Jr 10:13fè rive loray avèk lapli yo,
ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
Li te Egz 12:12frape premye ne Égypte yo,
ni lòm, ni bèt.
Li te voye Egz 7:10sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,
sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.
10 Li te Sòm 44:2frape anpil nasyon,
e te detwi wa pwisan yo,
11 Sihon, wa Amoreyen yo, Og,
wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.
12 Epi Li te Det 29:8bay yo peyi yo kon eritaj,
yon eritaj a Israël, pèp Li a.
13  Egz 3:15Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,
Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.
14 Paske SENYÈ a va Det 32:26jije pèp Li a, e
va gen konpasyon pou sèvitè Li yo.
 
15  Sòm 115:4-8Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,
zèv a men a lòm.
16 Yo gen bouch, men yo pa pale.
Yo gen zye, men yo pa wè.
17 Yo gen zòrèy, men yo pa tande,
ni nanpwen souf nan bouch yo.
18 Sila ki fè yo va vin tankou yo.
Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.
19 O lakay Sòm 115:9Israël, beni SENYÈ a!
O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!
20 O lakay Lévi, beni SENYÈ a!
Nou menm Sòm 118:4ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!
21 Ke SENYÈ a beni soti Sòm 128:5nan Sion,
Sila ki abite Jérusalem nan,
Beni SENYÈ a!

135:1 Sòm 113:1

135:2 Sòm 92:13

135:3 Sòm 100:5

135:4 Egz 19:5

135:5 Sòm 97:9

135:6 Sòm 115:3

135:7 Jr 10:13

135:8 Egz 12:12

135:9 Egz 7:10

135:10 Sòm 44:2

135:12 Det 29:8

135:13 Egz 3:15

135:14 Det 32:26

135:15 Sòm 115:4-8

135:19 Sòm 115:9

135:20 Sòm 118:4

135:21 Sòm 128:5