113
Louwe SENYÈ a!
Louwe, O Sòm 34:22sèvitè a SENYÈ yo,
Louwe non SENYÈ a.
Sòm 145:21Beni se non SENYÈ a,
soti nan tan sa a e jis pou tout tan.
Sòm 50:1Depi solèy leve jiskaske li kouche,
non SENYÈ a dwe louwe.
SENYÈ a Sòm 8:1wo, anwo tout nasyon yo!
Glwa Li pi wo syèl yo!
Se Egz 15:11kilès ki tankou SENYÈ a, Bondye nou an,
Ki sou twòn Li anwo a,
ki Sòm 11:4abese tèt Li pou gade tout bagay
ki nan syèl yo ak sou latè yo?
Li I Sam 2:6fè malere a leve sòti nan pousyè a
e leve endijan an sòti nan pil sann nan,
pou fè yo Job 36:7chita avèk prens yo.
Menm avèk prens a pèp Li yo.
Li I Sam 2:5fè fanm steril la vin rete nan kay
kon yon manman pitit ak kè kontan.
Louwe SENYÈ a!

113:1 Sòm 34:22

113:2 Sòm 145:21

113:3 Sòm 50:1

113:4 Sòm 8:1

113:5 Egz 15:11

113:6 Sòm 11:4

113:7 I Sam 2:6

113:8 Job 36:7

113:9 I Sam 2:5