8
Pou direktè koral la; jwe sou gitia la.
Yon sòm David.
O SENYÈ, Senyè nou an,
A la non Ou gran sou tout latè!
Ou te Sòm 57:5-11fè parèt klè mayifisans Ou
piwo pase syèl yo!
Mat 21:16Soti nan bouch a ti bebe ki fenk fèt yo, ak timoun k ap tete yo,
Ou te etabli pwisans Ou, akoz advèsè Ou yo,
pou fè lènmi an avèk vanjè a sispann.
Lè m reflechi sou syèl Ou yo, zèv men Ou yo,
Sòm 136:9lalin ak zetwal ke Ou te fè yo,
Sòm 144:3Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?
Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?
Malgre, Ou te fè li yon Jen 1:26ti kras pi ba pase Bondye,
e te kouwone li ak glwa avèk lonè!
Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.
Ou Ef 1:22te mete tout bagay anba pye li:
Tout mouton yo ak bèf yo, avèk bèt sovaj nan chan,
zwazo nan syèl yo, avèk pwason lanmè yo,
ak tout sa ki pase nan chemen lanmè yo.
O SENYÈ, mèt nou an, a la non Ou gran sou tout latè a.

8:1 Sòm 57:5-11

8:2 Mat 21:16

8:3 Sòm 136:9

8:4 Sòm 144:3

8:5 Jen 1:26

8:6 Ef 1:22