21
Mc 11:1-10Lè yo te pwoche Jérusalem pou rive kote Bethphagé nan Mòn Oliv la, Jésus te voye de nan disip li yo, epi te di yo: “Ale nan vilaj anfas nou an, epi nou va twouve yon bourik ki mare la avèk pitit li. Demare yo, e mennen yo ban Mwen. Epi si yon moun di nou yon bagay, nou va di li konsa: ‘Senyè a gen bezwen yo’, epi lapoula, l ap voye yo.”
Mc 11:7-10Tout sa te fèt pou sa ki te pale pa pwofèt la ta kapab akonpli, lè li te di:
És 62:11“Pale a fi Sion an,
Men gade, Wa ou ap vin kote ou,
dou, e monte sou yon bourik,
yon jenn bourik, Pitit a yon bèt ki pote chaj”.
Epi disip yo te ale fè tout sa Li te mande yo. Konsa yo te mennen bourik la avèk Pitit li a e te mete vètman yo, epi konsa, sou vètman yo Li te chita.
Pifò nan foul la te II Wa 9:13plase vètman yo louvri sou wout la, e kèk lòt t ap koupe branch nan bwa yo pou plase sou wout la.
Foul la ki te ale devan Li, ni sa ki te swiv Li t ap rele: “Ozana (Glwa a Bondye) a Fis a David la! Sòm 118:26Beni se Sila ki vini nan non Senyè a! Ozana Luc 2:14nan pi wo a!”
10 Lè Li te antre Jérusalem, tout vil la te byen boulvèse e t ap di: “Ki moun sa ye?” 11 Epi foul la t ap di: “Sa se Mat 21:26pwofèt Jésus ki sòti Nazareth nan Galilée a”.
12  Mc 11:15-18Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13 Li te di yo: “Li ekri: És 56:7‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon Jr 7:11twou kachèt pou vòlè!”
14 Avèg yo avèk bwate yo te vin kote L nan tanp lan, e Mat 4:23Li te geri yo.
15 Men lè chèf prèt yo avèk skrib yo te wè tout mèvèy ke Li te fè yo, epi timoun nan tanp yo ki t ap kriye: “Ozana a Mat 9:27Fis a David la!”, yo te ankòlè anpil. 16 Epi yo te di Li: “Ou pa tande kisa timoun sa yo ap di?” Jésus te reponn yo: “Wi, nou pa janm konn li Sòm 8:2‘Nan bouch a timoun avèk ti bebe k ap tete yo, nou prepare lwanj pou Ou menm’ ”?
17 Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Mat 26:6Béthanie pou pase nwit lan.
18  Mc 11:12-24Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou. 19 Li te wè yon sèl Luc 13:6-9pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.
20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”
21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Mat 17:20Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22  Epi Mat 7:7tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”
23  Mc 11:27-33Lè Li te fin antre nan tanp lan, chèf prèt yo avèk lansyen pami pèp la te vin kote L pandan Li t ap enstwi pou mande L: “Pa ki otorite Ou fè bagay sa yo? Se kilès ki te bay ou otorite sila a?”
24 Jésus te reponn yo: “M ap mande nou yon bagay tou, e si nou reponn Mwen, M ap fè nou konnen pa ki otorite Mwen fè bagay sila yo. 25  Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?”
Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’ 26 Men si nou di ‘lòm’, nou pè foul la, paske yo tout kwè ke Jean te Mat 11:9yon pwofèt.”
27 Yo te reponn Jésus. Yo te di: “Nou pa konnen”.
Li te reponn yo: “Ni Mwen menm p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo.”
28  “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan Mat 20:1chan rezen an.’ ”
29  “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.
30  “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale. 31  Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”
Yo te reponn: “Premye a”.
Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke Luc 7:29,37kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32  Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men Luc 3:12kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.
33  “Koute yon lòt parabòl. Te gen yon mèt tè ki te plante yon chan rezen. Li te antoure li avèk yon miray. Li te fouye yon rezèvwa pou kraze rezen yo, e te bati yon tou ki wo. Li te antann demwatye ak kiltivatè yo, e te ale fè yon vwayaj.
34  “Lè lè rekòlt la te rive, li te Mat 22:3voye esklav li yo jwenn kiltivatè yo pou resevwa pwodwi pa li a. 35  Konsa, kiltivatè yo te pran esklav li yo, te bat youn, te touye yon lòt, e yo te kalonnen twazyèm lan avèk kout wòch.
36  “Ankò li Mat 22:4te voye yon lòt ekip esklav pi gran pase premye yo, e yo fè yo menm bagay la.
37  “Men anfen, li te voye fis li a. Li te di: ‘Y ap respekte fis mwen an.’ 38  Men lè kiltivatè yo te wè fis la, yo te di pami yo, ‘Sa se eritye a. Vini, annou touye li epi sezi eritaj li a.’ 39  Konsa, yo te pran li, voye li deyò chan an e yo te touye li.”
40  “Akoz sa, lè mèt teren an vini, kisa l ap fè avèk kiltivatè sa yo?”
41 Yo te di Li: “L ap mennen malveyan sa yo a yon move fen, epi li Mat 8:11va lwe chan sa a bay lòt kiltivatè k ap peye li sa yo dwe yo nan pwòp lè yo.”
42 Jésus te di yo:
“Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo, Sòm 118:22
‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a,
te devni wòch ang prensipal la.
Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”
43  “Akoz sa Mwen di nou: Wayòm syèl la ap vin pran nan men nou pou plase bay yon nasyon k ap pwodwi fwi li. 44  Epi És 8:14,15sila ki tonbe sou wòch sila ap kraze an mòso, men sou sila ke li tonbe a, l ap gaye li tankou poud.”
45 Lè chèf prèt ak Farizyen yo te tande parabòl Li yo, yo te konprann ke Li t ap pale de yo menm. 46 Lè yo te chèche mwayen sezi Li, yo te Mat 21:26krent foul la paske yo te konsidere Li kon yon Mat 21:11pwofèt.

21:1 Mc 11:1-10

21:4 Mc 11:7-10

21:5 És 62:11

21:8 II Wa 9:13

21:9 Sòm 118:26

21:9 Luc 2:14

21:11 Mat 21:26

21:12 Mc 11:15-18

21:13 És 56:7

21:13 Jr 7:11

21:14 Mat 4:23

21:15 Mat 9:27

21:16 Sòm 8:2

21:17 Mat 26:6

21:18 Mc 11:12-24

21:19 Luc 13:6-9

21:21 Mat 17:20

21:22 Mat 7:7

21:23 Mc 11:27-33

21:26 Mat 11:9

21:28 Mat 20:1

21:31 Luc 7:29,37

21:32 Luc 3:12

21:34 Mat 22:3

21:36 Mat 22:4

21:41 Mat 8:11

21:42 Sòm 118:22

21:44 És 8:14,15

21:46 Mat 21:26

21:46 Mat 21:11