11
1 ✡ Mat 21:1-9Pandan yo t ap pwoche Jérusalem, nan Bethphagé avèk Béthanie, toupre mòn Oliv la, Li te voye de nan disip Li yo, 2 Epi Li te di yo: “Ale nan bouk ki anfas nou an, e pandan n ap antre, nou ap twouve yon ti bourik mare, ki poko menm monte; demare li e mennen l isit la. 3 Si yon moun di nou: ‘Poukisa n ap fè sa?’, di l: ‘Senyè a gen bezwen li’; e konsa, l ap voye l isit la.”
4 Epi yo te ale, e te twouve yon ti bourik mare toupre pòt la, deyò nan lari a, e yo te demare li.
5 Konsa, kèk nan sila ki te la yo t ap di yo: “Kisa nou ap fè la a; n ap demare ti bourik la?”
6 E yo te pale yo jan Jésus te di a, e yo te bay yo dwa pran l.
7 Yo te ✡ Mat 21:4-9pote ti bourik la bay Jésus, e te mete vètman yo sou li; epi Li te chita sou li.
8 Epi anpil moun te tann vètman yo sou wout la, e lòt t ap sèvi branch fèy ke yo te koupe nan chan. 9 Sila ki te ale devan yo ak sila ki t ap swiv yo, t ap kriye fò: “Ozana! ✡ Sòm 118:26Beni se Sila a ki vini nan non SENYÈ a; 10 Beni se wayòm zansèt nou David, k ap vini an; Ozana ✡ Mat 21:9nan pi wo a.”
11 ✡ Mat 21:12Jésus te antre Jérusalem e te antre nan tanp lan. Lè Li te fin gade sou tout bagay, ✡ Mat 21:17Li te kite la pou Béthanie avèk douz yo akoz ke li te deja ta.
12 Nan demen, lè yo te kite Béthanie, Li te vin grangou. ✡ Mat 21:18-22 13 E Li te wè nan distans, yon pye fig etranje avèk tout fèy yo. Li te ale pou wè si petèt li t ap twouve kèk bagay sou li. Lè l rive, li pa t twouve anyen sof ke fèy yo, paske li pa t nan sezon fwi. 14 E Li te pale a li: “Ke pèsòn pa janm manje fwi ki sòti nan ou ankò!”
E disip Li yo t ap koute L.
15 ✡ Jn 2:13-16Konsa yo te rive Jérusalem. Li te antre nan tanp lan e te kòmanse voye deyò sila ki t ap achte ak vann nan tanp lan. Li te chavire tab a sila ki t ap chanje lajan yo ak chèz a sila ki t ap vann toutrèl yo. 16 Epi Li pa t ap kite pèsòn pase nan tanp lan avèk machandiz. 17 Li te kòmanse enstwi e di yo: “Èske li pa ekri: ✡ És 56:7; Jr 7:11‘Lakay Mwen an ap rele yon Kay Lapriyè pou tout nasyon yo’? Men nou fin fè l vin yon kav kote vòlè kache.”
18 Chèf prèt yo avèk skrib yo te tande, e yo ✡ Mat 21:46te kòmanse ap chèche jan pou detwi Li; paske yo te pè Li akoz tout foul la te etone pa prensip ke Li te bay yo.
19 ✡ Mat 21:17Lè aswè te rive, yo te konn ale deyò vil la.
20 ✡ Mat 21:19-22Pandan yo t ap pase nan granmmaten, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.
21 Epi Pierre te sonje, e te di Li: ✡ Mat 23:7“Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.
22 Jésus te reponn e te di yo: ✡ Mat 17:20“Mete lafwa nan Bondye. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. ✡ Mat 17:20 24 Pou sa, Mwen di nou, pou ✡ Mat 7:7tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.
25 “Nenpòt lè ke n ap kanpe pou fè lapriyè, ✡ Mat 6:14si nou gen yon bagay kont yon moun, padone l, pou Papa nou osi, ki nan syèl la kapab padone nou pou ofans pa nou yo. 26 ✡ Mat 6:15 Men si nou pa padone, Papa nou nan syèl la p ap padone ofans pa nou yo nonplis.”
27 Konsa, yo te rive ankò Jérusalem. ✡ Mat 21:23-27E pandan Li t ap mache nan tanp lan, chèf prèt yo avèk skrib yo ak ansyen yo te vin kote L.
28 Yo te di L: “Pa ki otorite W ap fè bagay sa yo; oubyen kilès ki te bay Ou otorite sa a pou fè bagay sa yo?”
29 Epi Jésus te di yo: “M ap poze nou yon kesyon, e nou va reponn Mwen; epi konsa, Mwen menm, M ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo. 30 Èske batèm a Jean an te sòti nan syèl la, oubyen nan lòm? Reponn Mwen.”
31 Yo te rezone pami yo menm e t ap di: “Si nou di ‘nan syèl la’, l ap di poukisa nou pa t kwè li? 32 Men èske nou kapab di de lòm?” Akoz yo te pè foul la, paske yo tout te konsidere ke Jean te vrèman yon pwofèt.
33 Yo te reponn Jésus e te di: “Nou pa konnen”.
Konsa, Jésus te di yo: “Nonplis, Mwen p ap di nou pa ki otorite Mwen fè bagay sa yo”.