56
Konsa pale SENYÈ a:
“Konsève sa ki jis
e fè sa ki dwat,
paske Sòm 85:9sali Mwen an prèt pou rive
e ladwati Mwen va vin revele.
A la Sòm 112:1beni nonm ki fè sa a beni,
e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;
ki pa janm derespekte Saba a,
e ki anpeche men l fè mal la.”
 
Pa kite etranje ki te vin jwenn li menm ak SENYÈ a di:
“Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”
Ni pa kite Det 23:1 enik lan di:
“Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.
 
Paske konsa pale SENYÈ a:
“A enik yo ki És 56:2-6kenbe Saba Mwen yo,
ki chwazi sa ki fè M plezi,
e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,
a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;
anndan miray Mwen yo, yon memoryal
e yon És 62:2non ki meyè a fis yo oswa fi yo.
Mwen va bay yo yon non
k ap dire nèt jis pou letènite,
ki p ap janm disparèt.”
 
“Anplis, És 56:3etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,
pou sèvi Li, pou renmen non a SENYÈ a, pou vin sèvitè Li,
yo tout ki pa derespekte Saba a
e ki kenbe fèm a akò Mwen an;
menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an.
mwen fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.
Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;
paske Mat 21:13kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”
Senyè BONDYE a, ki És 11:12rasanble dispèse a Israël yo, deklare:
“Mwen va rasanble lòt yo anvè yo,
lòt anplis de sila ki deja rasanble yo.”
 
Nou tout, Éz 3:17bèt a chan yo,
vin manje.
Nou tout bèt a forè yo,
vin manje.
10  Éz 3:17Gadyen Li yo avèg.
Tout nan yo san konprann.
Se chen bèbè ki pa ka jape;
moun k ap kouche fè rèv,
ki renmen somèy.
11 Epi chen yo voras.
Yo p ap jwenn asi.
Se bèje yo ye san bon konprann.
Yo tout vin És 57:17vire nan pwòp chemen pa yo,
yo chak nan ranmase byen de tout katye.
12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven;
annou bwè anpil bwason fò.
Epi Sòm 10:6demen na p fè menm jan ak jodi a!
Plis menm!”

56:1 Sòm 85:9

56:2 Sòm 112:1

56:3 Det 23:1

56:4 És 56:2-6

56:5 És 62:2

56:6 És 56:3

56:7 Mat 21:13

56:8 És 11:12

56:9 Éz 3:17

56:10 Éz 3:17

56:11 És 57:17

56:12 Sòm 10:6