62
Pou koz Sion, Mwen p ap rete an silans
e pou koz Jérusalem, Mwen p ap rete san pawòl,
jiskaske És 1:26ladwati li vin parèt tankou gran limyè
e sali li tankou yon tòch k ap brile.
És 60:3Nasyon yo va wè ladwati ou
e tout wa yo glwa ou;
epi ou va rele pa yon non nouvo
ke bouch SENYÈ a va bay.
Anplis, ou va yon És 28:5kouwòn byen bèl nan men SENYÈ a
e yon dyadèm wayal nan men Bondye ou a.
Sa p ap di a ou menm ankò: “Abandone”,
ni a peyi ou, yo p ap di ankò: “Dezole”;
men ou va rele: “Plezi Mwen nan li”, epi peyi ou: Os 2:19-20“Marye”.
Paske SENYÈ a pran plezi nan ou
e a Li menm, peyi ou va marye.
Paske menm jan ke yon jennonm marye ak yon vyèj,
konsa fis ou yo va marye avèk ou;
epi menm jan jennonm maryaj la
ap rejwi ak jenn fi maryaj la,
konsa És 65:19Bondye ou a va rejwi ak ou.
 
Sou miray ou yo, O Jérusalem,
Mwen te plase És 52:8gadyen yo;
tout lajounen ak tout lannwit,
yo p ap janm rete an silans.
Nou menm ki raple SENYÈ a,
pa pran repo pou tèt nou;
Epi pa bay Li repo jiskaske Li etabli
e fè És 60:18Jérusalem yon lwanj sou tout tè a.
 
És 45:23SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.” Men sila ki És 65:13-23ranmase li yo va manje li e louwe SENYÈ a;
epi sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktiyè pa Mwen an.
 
10 Antre ladann, antre nan pòtay yo!
Netwaye chemen an pou pèp la!
És 57:14Bati, bati chemen an!
Retire wòch yo, leve yon drapo sou nasyon yo.
11 Gade byen, SENYÈ a te pwoklame a pwent tè a:
“Di a fi Sion an: ‘Men És 51:5sali ou a rive!
Gade byen rekonpans Li avè L e rekonpans Li devan L!’ ”
12 Epi yo va rele yo: Det 7:6“Pèp sen an, rachte a SENYÈ yo”.
Ou va rele: “Sila Ki Chache e ki vin twouve a,
yon Vil Ki Pa Abandone.”

62:1 És 1:26

62:2 És 60:3

62:3 És 28:5

62:4 Os 2:19-20

62:5 És 65:19

62:6 És 52:8

62:7 És 60:18

62:8 És 45:23

62:9 És 65:13-23

62:10 És 57:14

62:11 És 51:5

62:12 Det 7:6