65
“Mwen te chache pa Wo 9:24-26sila
ki pa t mande pou Mwen yo;
Mwen te twouve pa sila
ki pa t chache M.
Mwen te di: “Men Mwen isit la! Men Mwen isit la!’
a yon nasyon ki pa t rele non Mwen.
Wo 10:21Mwen te louvri men M tout lajounen a yon pèp rebèl,
ki mache nan chemen ki pa bon,
k ap swiv pwòp panse pa yo,
Yon pèp ki Job 1:11pwovoke M tout tan nan figi M,
k ap ofri sakrifis nan jaden yo
e k ap brile lansan sou brik yo;
ki chita nan mitan tonm yo
e ki pase nwit lan kote kache yo;
ki Lev 11:7manje chè kochon,
ak soup fèt ak sa ki pa pwòp.
Ki di: Mat 9:11‘Rete la, ou menm, pa pwoche mwen;
mwen pi sen pase ou’!
Sila yo se lafimen nan nen Mwen,
yon dife ki brile tout lajounen.
 
“Gade byen, li ekri devan Mwen:
Mwen p ap rete an silans,
men Jr 16:18Mwen va bay rekonpans;
Mwen va rekonpanse jis rive nan lestonmak yo,
ni pou pwòp inikite pa yo
ak inikite a zansèt yo ansanm”, pale SENYÈ a.
“Akoz yo te brile lansan sou mòn yo
e te moke M sou kolin yo;
pou sa, Mwen va Jr 5:29mezire zèv yo te fè,
jis rive nan lestonmak yo.”
 
Konsa pale SENYÈ a;
“Menm jan divin tounèf twouve nan yon grap rezen,
e yon moun di, ‘pa detwi l, paske gen benefis ladann’:
konsa Mwen va aji pou sèvitè ki pou Mwen yo,
pou M És 1:9pa detwi yo tout.
Mwen va mennen fè sòti zanfan Jacob yo
e yon eritye mòn Mwen yo kap soti nan Juda.
Menm És 57:13chwazi pa M yo va eritye l
e sèvitè Mwen yo va demere la.
10 Saron va yon peyi ki fè patiraj
pou bann mouton yo,
e vale Acor yon kote pou twoupo yo ka repoze,
pou pèp Mwen ki És 51:1chache Mwen an.
 
11 “Men nou menm ki Det 29:24-25abandone SENYÈ a,
ki bliye mòn sen Mwen an,
ki ranje yon tab pou Gran Chans,
ki plen tas ak diven mele pou Desten an;
12 Mwen va ranje desten nou ak nepe,
e nou tout va bese devan masak la.
Akoz Mwen te rele nou, men nou II Kwo 36:15-16pa t reponn;
Mwen te pale, men nou pa t tande.
Epi nou te fè mal devan zye M,
e te chwazi sa ki pa t fè m plezi.”
13 Pou sa, konsa pale Senyè BONDYE a:
“Gade byen, sèvitè Mwen yo va És 1:19manje,
men nou va rete grangou.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va bwè,
men nou va rete swaf.
Gade byen, sèvitè Mwen yo va rejwi,
men nou va twouve gwo wont.
14 Gade byen, sèvitè Mwen yo va rele ak jwa ak kè kontan,
men nou va És 13:6kriye fò ak yon kè plen doulè,
e nou va rele anmwey ak yon lespri ki kraze nèt.
15 Ou va kite non nou kon yon malediksyon
a moun chwazi pa Mwen yo,
e Senyè BONDYE a va touye nou.
Li va rele sèvitè Li yo pa yon És 62:2lòt non.
16 Paske sila ki beni sou tè a,
va beni pa Egz 34:6Bondye verite a;
epi sila ki sèmante nan tout tè a,
va sèmante pa Bondye verite a;
paske ansyen twoub yo fin bliye
e paske yo kache devan zye M.”
 
17 Paske gade byen,
Mwen va kreye yon És 66:22syèl tounèf,
ak yon tè tounèf;
epi ansyen bagay yo p ap sonje ankò,
ni p ap menm antre nan panse.
18 Men Sòm 98fè kè kontan e rejwi nou
jis pou tout tan nan sa ke M kreye yo;
paske gade byen, Mwen kreye Jérusalem pou rejwisans,
e pèp li a pou kè kontan.
19 Anplis, Mwen va És 62:4-5rejwi de Jérusalem.
Mwen va fè kè kontan nan pèp Mwen an.
Epi p ap tande ankò nan li
vwa kriye ak son moun k ap kriye.
 
20 “P ap genyen ladann ankò timoun ki viv sèlman kèk jou,
ni granmoun ki pa fin fè tout jou li yo;
paske jenn yo va mouri nan laj santan
e sila ki pa rive nan laj santan yo va konsidere kon moun modi.
21 Yo va És 32:18bati kay yo pou yo viv ladann;
anplis, yo va plante chan rezen yo e manje fwi yo.
22 Yo p ap bati kay pou yon lòt moun rete ladann,
yo p ap plante pou yon lòt moun vin manje.
Paske Sòm 92:12-14kon lavi a yon pyebwa, se konsa
jou a pèp Mwen an va ye,
e moun chwazi pa M yo va gen tan
rejwi nan pwòp zèv men yo.
23 Yo Det 28:3-12p ap travay an ven, ni fè pitit pou mizè;
paske yo se desandan a sila ki beni pa SENYÈ a,
e anplis, desandan yo, menm jan.
24 Anplis, li va vin rive ke avan yo rele, Mwen va reponn;
epi pandan yo toujou ap pale, Mwen va Sòm 91:15tande.
25  És 11:6Lou ak ti mouton va manje ansanm.
Lyon an va manje pay kon bèf.
Men pousyè va sèvi kon manje pou sèpan an.
Yo p ap fè mal ni donmaj nan tout mòn sen Mwen an,”
di SENYÈ a.

65:1 Wo 9:24-26

65:2 Wo 10:21

65:3 Job 1:11

65:4 Lev 11:7

65:5 Mat 9:11

65:6 Jr 16:18

65:7 Jr 5:29

65:8 És 1:9

65:9 És 57:13

65:10 És 51:1

65:11 Det 29:24-25

65:12 II Kwo 36:15-16

65:13 És 1:19

65:14 És 13:6

65:15 És 62:2

65:16 Egz 34:6

65:17 És 66:22

65:18 Sòm 98

65:19 És 62:4-5

65:21 És 32:18

65:22 Sòm 92:12-14

65:23 Det 28:3-12

65:24 Sòm 91:15

65:25 És 11:6