57
1 Moun dwat la peri,
men pèsòn pa pran sa a kè.
Sila ak mizerikòd vin retire,
men pèsòn pa konsidere
ke moun dwat la retire soti pou anpeche
✡ II Wa 22:20mal la rive l.
2 Li antre nan lapè.
Chak antre nan pwòp kabann pa l;
tout sila ki te ✡ És 26:7mache dwat nan chemen li yo.
3 “Men vini isit la, nou menm fis a yon manbo,
✡ És 1:4desandan a yon fanm adiltè ak yon pwostitiye.
4 Se kont kilès nou fè plezi a?
Kont kilès nou ouvri bouch nou laj e lonje lang nou an?
Se pa desandan a ✡ És 48:8rebèl nou ye? Pòtè a desepsyon,
5 Ki limen tèt nou pami bwadchenn yo,
anba tout gwo bwa vèt,
ki ✡ II Wa 23:10fè masak timoun yo nan ravin yo,
anba fenèt wòch gwo falèz yo?
6 Pami ✡ Jr 3:9wòch swa nan ravin nan se pòsyon pa w;
menm pou yo menm, ou te vide yon ofrann bwason;
ou te fè yon ofrann sereyal.
Èske M ta vin sede konsènan bagay sa yo?
7 Sou yon gwo mòn byen wo, ou ✡ Éz 23:41te fè kabann ou.
Anplis, se la, ou te monte pou ofri sakrifis.
8 Dèyè pòt la ak chanbrann pòt la, ou te fè monte souvni ou;
ou te ouvri ou menm a yon lòt sòf ke mwen.
Anverite, byen lwen Mwen, ou te ✡ Éz 23:18dekouvri tèt ou
e ou te ale fè kabann ou byen laj.
Konsa ou te antann ou avèk yo;
ou te byen renmen sa ou te we sou kabann yo.
9 Ou te ale kote wa a ak lwil,
e ou te ogmante pafen ou yo;
ou te ✡ Éz 23:16-40voye mesaje ou yo rete lwen,
e te degrade ou menm jis rive nan Sejou mò yo.
10 Ou te fatige akoz wout ou te long,
men ou pa t di: ✡ Jr 2:25‘Nanpwen espwa.’
Ou te jwenn fòs renouvle.
Ou pa t febli menm.
11 De ✡ Pwov 29:25kilès ou te pè e twouble a,
ki fè w manti pou w pa sonje Mwen an,
ni menm panse a Mwen an?
Èske Mwen pa t rete an silans pou anpil tan
ki fè ou pa gen lakrent Mwen an?
12 Mwen va ✡ És 58:1-2deklare ladwati ou ak zèv ou yo,
men yo p ap nan avantaj ou.
13 Lè ou vin kriye fò, ✡ Jr 22:20kite zidòl ou yo delivre ou.
Men van an va pote yo monte e yon souf va rale yo ale.
Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a
e va posede mòn sen Mwen an.”
14 Li va di: ✡ És 62:10“Fè l monte, fè l monte, prepare chemen an;
retire tout obstak ki nan wout pèp Mwen an.”
15 Paske se konsa Sila ki wo e egzalte,
sila ki viv jis pou tout tan an,
non a Sila ki Sen an, pale:
“Mwen rete nan kote ki wo e ki sen,
anplis ak li menm ki gen ✡ Sòm 34:18kè ki pi e ki enb,
pou fè leve lespri a enb yo,
e fè leve kè a sila a ki plen regrè pou peche.
16 Mwen p ap goumen ak ou pou tout tan,
✡ Sòm 85:5ni se pa pou tout tan ke M ap fache a;
paske lespri a ta vin fèb devan M,
ak nanm a sila ke M te fè yo.
17 Akoz inikite ✡ És 2:7gwo lanvi li,
Mwen te fè kòlè e Mwen te frape li.
Mwen te kache figi Mwen; Mwen te fache.
Konsa li te kontinye regrese nan wout kè l te pran an.
18 Mwen te wè chemen li yo; malgre sa, ✡ És 19:22M ap geri li;
Mwen va mennen li e restore konsolasyon
a li menm ak sila k ap lamante pou li.
19 Mwen kreye fwi a lèv yo:
“Lapè, lapè, pou sila ki ✡ Trav 2:39lwen yo,
ak pou sila ki pre yo,” SENYÈ a di:
“Epi Mwen va geri yo.”
20 Men ✡ Job 18:5-14mechan yo tankou lanmè k ap boulvèse.
Li p ap ka kalme, e dlo yo
rale fè monte fatra ak labou.
21 ✡ És 48:22“Nanpwen lapè” Bondye Mwen an di:
“pou mechan yo”.