22
II Kwo 34:1Josias te gen laj uitan lè l te vin wa a e li te renye tranteyen ane Jérusalem. Non manman li te Jedida, fi Adaja a nan Botskath. Li te Det 5:32fè sa ki bon nan zye SENYÈ a e li te mache nan tout chemen a zansèt papa li a, David, ni li pa t vire akote ni adwat, ni agoch.
Alò, II Kwo 34:8nan di-zuityèm ane Wa Josias la, wa a te voye Schaphan, fis a Atsalia a, fis a Meschullam nan, skrib la, lakay SENYÈ a. Li te di: II Wa 12:4-10“Monte kote Hilkija, wo prèt la, pou li kapab kontwole lajan ki antre lakay SENYÈ a, lajan ke gadyen pòtay yo te ranmase soti nan pèp la. II Wa 12:11-14Kite yo livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a e kite yo bay li a ouvriye ki lakay SENYÈ a pou repare donmaj nan kay la; pou chapant yo, konstriktè yo avèk mason yo e pou achte gwo bwa avèk wòch taye pou fè reparasyon kay la. Sèlman, II Wa 12:15nou p ap fè kontabilite pou lajan ki livre nan men yo, paske yo aji an bòn fwa.”
Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: Det 31:24-26“Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li. Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.” 10 Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.
11 Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, Jen 37:34li te chire rad li. 12 Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, II Wa 25:22Achikam fis a Schaphanb la, II Kwo 34:20Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a: 13 “Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske Det 29:23-28gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”
14 Pou sa, Hilkija, prèt la, Achikam, Acbor, Schaphan e Asaja te ale kote Hulda, pwofetès la, madanm a Schallum nan, fis a Thikva a, fis a Harhas la, ki te an chaj vètman yo. (Alò, li te rete Jérusalem nan So 1:10Katye Second lan). Yo te pale avèk li. 15 Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Pale nonm ki te voye ou kote mwen an, 16 Konsa pale SENYÈ a: “Gade byen, Mwen va Det 29:27pote malè sou plas sa a ak sou sila ki rete ladann yo, menm tout pawòl a liv sa a ke wa Juda te di yo. 17  Det 29:25-26Akoz yo te abandone Mwen e te brile lansan a lòt dye yo pou yo ta kab pwovoke Mwen a lakòlè avèk tout zèv men pa yo; pou sa, gran lakòlè Mwen va brile kont plas sa a, e li p ap etenn.” ’ 18 Men pou II Kwo 34:26wa Juda a, ki te voye ou pou mande a SENYÈ a, konsa ou va pale ak li: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la, ‘selon pawòl ke ou te tande yo: 19  Sòm 51:17Akoz kè ou te vin mou e Egz 10:3ou te imilye ou devan SENYÈ a lè ou te tande sa Mwen te pale kont plas sa a ak kont sila ki rete ladann yo, pou yo ta devni yon dezolasyon ak yon malediksyon, epi akoz ou te chire rad ou e te kriye devan Mwen, anverite, Mwen te tande ou,’ deklare SENYÈ a. 20 Pou sa, byen gade, Mwen va II Wa 23:30ranmase ou a zansèt pa ou yo e ou va ranmase rive nan tonm pa ou a anpè. Zye ou p ap wè tout mal ke Mwen va mennen sou plas sa a.”
Konsa, yo te mennen pote pawòl la bay wa a.

22:1 II Kwo 34:1

22:2 Det 5:32

22:3 II Kwo 34:8

22:4 II Wa 12:4-10

22:5 II Wa 12:11-14

22:7 II Wa 12:15

22:8 Det 31:24-26

22:11 Jen 37:34

22:12 II Wa 25:22

22:12 II Kwo 34:20

22:13 Det 29:23-28

22:14 So 1:10

22:16 Det 29:27

22:17 Det 29:25-26

22:18 II Kwo 34:26

22:19 Sòm 51:17

22:19 Egz 10:3

22:20 II Wa 23:30