31
Konsa Moïse te ale e te pale pawòl sa yo a tout Israël. Li te di yo: “Mwen gen san-ventan daj jodi a. Nonb 27:17Mwen p ap ka ankò fè antre soti. SENYÈ a te di mwen: ‘Ou p ap travèse Jourdain sila a.’ Se SENYÈ a, Bondye nou menm nan, ki va travèse devan nou. Li va detwi nasyon sila yo devan nou e nou va deplase yo. Se Nonb 27:18Josué ki va travèse devan nou, jan SENYÈ a te pale a. SENYÈ a va fè yo menm jan ke Li te fè a Sihon avèk Og, wa a Amoreyen yo, e a peyi pa yo a, lè Li te detwi yo a. Det 7:2SENYÈ a va livre yo devan nou, e nou va aji avèk yo an akò avèk kòmandman ke mwen menm te kòmande nou yo. Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou. Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. Det 1:38 Egz 13:21Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
Konsa, Moïse te ekri lwa sa a, e li te livre bay li a prèt yo, fis a Lévi yo Nonb 4:5-15ki te pote lach akò a SENYÈ a, e a tout ansyen an Israël yo. 10 Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon Det 15:1-2ane remisyon dèt nan Lev 23:34Fèt Tonèl Yo, 11 lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, Jos 8:34nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l. 12 Rasanble pèp la, gason avèk fanm, ak pitit yo, etranje ki nan vil nou yo, pou yo ka tande Det 4:10aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, epi fè atansyon pou swiv tout pawòl a lwa sila yo. 13 Pitit yo ki pa t konnen, va tande e aprann gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, pou tout tan ke nou viv nan peyi ke nou prèt pou travèse Jourdain an pou posede a.”
14 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, lè pou ou mouri toupre. Rele Josué, e prezante nou menm nan tant asanble a, pou Mwen kapab ba li komisyon li.” 15  Egz 33:9SENYÈ a te vin parèt nan tant lan nan yon pilye nwaj e pilye nwaj la te kanpe nan pòtay tant lan. 16 SENYÈ a te di a Moïse: “Gade byen, ou prèt pou kouche avèk zansèt ou yo. Konsa, Egz 33:9pèp sa a va fè jwèt pwostitiye ak dye etranje yo nan peyi kote y ap prale a, pou abandone Mwen, epi va kraze akò Mwen ke Mwen te fè avèk yo a. 17 Alò, kòlè Mwen va vin limen kont yo nan jou sa a, Mwen va abandone yo e kache figi Mwen a yo menm. Yo va detwi e anpil malè va rive sou yo, jiskaske yo va di nan jou sa a: Nonb 14:42‘Èske se pa paske Bondye nou an pa pami nou ke malè sa yo vin rive sou nou?’ 18 Men anverite, Mwen va kache figi Mwen nan jou sa a akoz tout mechanste ke yo te fè, paske yo te vire vè lòt dye yo.” 19 “Koulye a, akoz sa, Det 31:22ekri chanson sila a pou nou menm e montre li a fis Israël yo. Mete li sou lèv yo, pou chanson sa a kapab yon temwen pou Mwen kont fis Israël yo. 20 Paske lè Mwen mennen yo antre nan peyi k ap koule avèk lèt avèk siwo myèl la, ke Mwen te sèmante a zansèt pa yo, yo te manje e satisfè, e yo te Det 32:15-17vin pwospere, alò, yo va vire a lòt dye yo pou sèvi yo, meprize Mwen e kraze akò Mwen an. 21 Epi li va rive ke lè anpil malè avèk twoub vini sou yo, ke chan sa a va fè temwayaj devan yo (paske li p ap bliye pa desandan pa yo); paske I Kwo 28:9Mwen konnen entansyon ke yo ap fòme depi jodi a, avan Mwen mennen yo antre nan peyi ke Mwen te fè sèman pou ba yo a.”
22  Det 31:19Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li. 23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: Jos 1:6“Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi Egz 3:12mwen va avèk ou.” 24 Li te vin rive ke lè Moïse te fin ekri pawòl a lwa sa yo nan yon liv soti nan kòmansman jiska lafen, 25 ke Moïse te kòmande Levit Det 31:9ki te pote lach akò SENYÈ yo. Li te di: 26 “Pran liv lalwa a e mete li akote lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, pou li kapab rete la kòm yon temwen kont nou. 27 Paske mwen konnen Det 9:7rebelyon nou ak kou rèd nou. Gade byen, pandan mwen toujou vivan avèk nou jodi a, nou te fè rebelyon kont SENYÈ a. Konbyen anplis, konsa, apre mwen fin mouri? 28 Rasanble pou mwen tout ansyen a tribi nou yo ak ofisye nou yo, pou mwen kapab pale pawòl sila yo pou yo tande e Det 4:26rele sou syèl la avèk tè a pou temwaye kont yo. 29 Paske mwen konnen apre lanmò mwen, nou va Jij 2:19fè zak konwonpi e vire kite chemen an ke m te kòmande nou an. Epi konsa, malè va swiv nou nan dènye jou yo, paske nou va fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, e pwovoke Li a lakòlè avèk zèv men nou.” 30 Konsa, Moïse te resite pawòl chanson sa a soti nan kòmansman jiska lafen nan zòrèy tout asanble Israël la.

31:2 Nonb 27:17

31:3 Nonb 27:18

31:5 Det 7:2

31:7 Det 1:38

31:8 Egz 13:21

31:9 Nonb 4:5-15

31:10 Det 15:1-2

31:10 Lev 23:34

31:11 Jos 8:34

31:12 Det 4:10

31:15 Egz 33:9

31:16 Egz 33:9

31:17 Nonb 14:42

31:19 Det 31:22

31:20 Det 32:15-17

31:21 I Kwo 28:9

31:22 Det 31:19

31:23 Jos 1:6

31:23 Egz 3:12

31:25 Det 31:9

31:27 Det 9:7

31:28 Det 4:26

31:29 Jij 2:19